Mwen Aplike pou Asistans. Kisa Kap Rive Apre?

Rete an kontak

Revize Aplikasyon w Lan

Verifikasyon Idantite

Enspeksyon Kay la

Verifye Ke Ou se Mèt Kay la/Ke Ou Abite Ladan

Soumèt Dokimantasyon

Asistans federal nan men FEMA sèlman bay lajan pou reparasyon debaz ki nesesè pou fè yon kay an sekirite, sanitè, ak abitab. N ap detèmine asistans ou lè w konpare pèt esansyèl ak bezwen grav ou anrejistre yo a  kalite asistans ki disponib nan pwogram ak sèvis FEMA yo. Ou ka tyeke ak  Administrasyon Ameriken Pou Ti Biznis tou pou prè pou katastwòf ak enterè ki ba pou plis ede rekiperasyon w.

Rete an kontak

  • Your application status may change a
  • Sitiyasyon aplikasyon w lan ka chanje plizyè fwa pandan y ap egzaminen l. Ou ka toujou tcheke dènye sitiyasyon an lè w konekte sou DisasterAssistance.gov.
    • Apre w fin konekte, w ap wè tout aplikasyon ou te fè nan FEMA yo. Chwazi aplikasyon ou vle gade a.   Apre sa, chwazi tab ki make "Sitiyasyon" an. 
  • Lè w ap aplike, w ap gen chwa pou enskri pou resevwa mizajou pa imèl, apèl telefòn, ak mesaj tèks. Ou ka resevwa mizajou ofisyèl nan men FEMA pa mwayen:
alert - warning

Rete vijilan epi pwoteje tèt ou kont magouy, paske eskwo yo gen anpil lide ak resous. Tantativ magouy ka fèt pa telefòn, pa lapòs, pa imèl, sou entènèt, oswa an pèsòn.

Si w resevwa imèl oswa apèl telefòn ki parèt sispèk, ou ka rele Liy Èd FEMA a nan 1-800-621-3362 pou verifye si yon apèl oswa imèl ki swadizan soti nan FEMA a se yon bagay ki lejitim.

  • Gen anpil kalite èd ou ka kalifye pou resevwa. Pandan y ap egzaminen aplikasyon w lan, w ap wè chanjman nan sitiyasyon an. Pafwa, pou aplikasyon w lan ka kontinye nan pwosesis egzamen an, FEMA ka bezwen plis enfòmasyon nan men w. Ou ka voye dokiman yo ak non w ak nimewo aplikasyon w lan pa:
    • Telechaje dokiman yo sou entènèt nan Sant Telechajman an sou DisasterAssistance.gov.
    • Voye li atravè lapòs bay FEMA, P.O. Box 10055, Hyattsville, MD 20782-8055. 
    • Fakse li nan 1-800-827-8112.
  • Nou ka kontakte w nan plizyè fason diferan pou konfime si w kalifye pou yon kalite èd, tankou  enspeksyon kay oswa pwogram lojman..
alert - info

Si sitiyasyon aplikasyon w lan di "Pa Apwouve", sa ka pou plizyè rezon diferan. Tcheke sou entènèt pou yon kopi lèt detèminasyon w lan ki pral eksplike rezon espesifik ki fè yo pa apwouve w. Anpil fwa, nou jis bezwen kèk enfòmasyon anplis, oswa ou ka bezwen korije enfòmasyon.

Kontakte nou nan 1-800-621-3362 oswa vizite nou nan  Disaster Recovery Center (DRC) pou fè koreksyon nan aplikasyon w lan. Ou ka telechaje dokiman pou aplikasyon w lan sou entènèt.

Ou ka fè apèl tou kont desizyon FEMA a.

Revize Aplikasyon w Lan sou DisasterAssistance.gov

Ou kapab kreye yon kont Sant Asistans pou Dezas nan FEMA (FEMA Disaster Assistance Center, (DAC) nan DisasterAssistance.gov. Yo pral mande w pou kreye yon Nimewo Idantifikasyon Pèsonèl (PIN) pou sekirize aksè nan enfòmasyon aplikasyon pou asistans akoz dezas ou a.

Sou kont anliy ou a, ou kapab:

  • Revize enfòmasyon aplikasyon pou asistans akoz dezas la
  • Bay dènye enfòmasyon ki konsène enfòmasyon pèsonèl ak bezwen w yo
  • Gade lèt ak mesaj FEMA voye ba ou yo
  • Jwenn detay sou dokiman adisyonèl FEMA bezwen pou travay sou demann pou asistans ou an
  • Telechaje dokiman nan dosye w la
  • Revize enfòmasyon FEMA resevwa ke w voye yo

Pou èd pou kreye oswa konekte sou kont ou an:  Vizite Sant èd Login.gov.
 
SONJE: Login.gov pa ka reponn kesyon sou aplikasyon w lan oswa enfòmasyon ki nan kont ou, oswa kesyon sou lòt pwoblèm teknik sou DisasterAssistance.gov.

Idantifye Verifikasyon

Si FEMA pa kapab verifye idantite w pandan pwosesis aplikasyon an, yo pral oblije w pou soumèt dokiman sipò.

Dokiman Sipò pou Verifikasyon Idantite

Dokimantasyon pou verifye idantite w

  • Dokimantasyon ki soti nan Administrasyon Sekirite Sosyal, oswa lòt antite federal, ki gen Nimewo Sekirite Sosyal (SSN) ou okonplè oswa kat dènye chif yo
  • Kat Sekirite Sosyal si w voye l ak idantifikasyon yo emèt nan nivo federal oswa leta
  • Dokiman pewòl anplwayè w la ki gen nimewo SSN konplè w la oswa kat dènye chif yo
  • Idantifikasyon militè
  • Ak maryaj pou pwouve non jèn fi w
  • Paspò ameriken

Si w te aplike pou asistans pou yon sitwayen ameriken minè (timoun) ki abite nan kay ou, ou dwe soumèt bagay ki annapre yo bay FEMA:

Nenpòt dokiman ki liste sou bò goch la, si l sou non timoun nan OSWA

Ak nesans timoun nan AK yon kopi kat Sekirite Sosyal timoun nan oswa dokimantasyon ki soti nan Administrasyon Sekirite Sosyal, oswa nan lòt antite federal, ki gen nimewo sekirite (SSN) timoun nan okonplè oswa kat dènye chif yo.

Verifye Ke Ou se Mèt Kay la/Ke Ou Abite Ladan

Lalwa egzije FEMA pou verifye si yon aplikan abite nan kay la epi verifye si w ap aplike pou sèten kalite asistans lojman.

Gade Dokiman ki Apwouve yo

Fè yon enspeksyon kay

Graphic
A blue fema inspector with a phone to his ear

Apre w fin aplike ak FEMA, yo egzamine demann ou an pou asistans pou detèmine si yon enspeksyon nesesè pou verifye domaj lakay ou ak pwopriyete pèsonèl ou ki gen rapò ak katastwòf.

Kounye a enspeksyon kay FEMA yo ap fèt an pèsòn. Sante ak sekirite sivivan katastwòf yo rete priyorite FEMA kidonk ajans lan pral kenbe kapasite pou fè enspeksyon atravè validasyon eksteryè san yo pa antre nan kay la lè sivivan yo gen krentif akòz ensètitid COVID-19.

Aprann Plis sou Enspeksyon Kay

Soumèt Dokimantasyon

Ou ka vizite DisasterAssistance.gov pou soumèt dokimantasyon epi tcheke estati aplikasyon w lan sou Entènèt.

Kòm FEMA rekonèt ke yon sistèm sou entènèt pou kont li pa ka satisfè bezwen sivivan yo, FEMA te etabli tou sant pou depoze dokiman  kote sivivan yo ka chèche asistans, poze kesyon, fè eskane dokiman yo nan dosye yo epi retounen yo sou plas.

Jwenn yon Sant Rekiperasyon ak Dokiman pou Katastwòf

External Link Arrow
Dènye Mizajou