Dezas te deklare apre 22 mas 2024
FEMA fè patenarya ak lòt ajans pou ede satisfè bezwen sivivan katastwòf yo. U.S. Small Business Administration (Administrasyon Ti Biznis Etazini, SBA) ofri prè pou katastwòf ak enterè ki ba bay pwopriyetè kay ak lokatè ki nan yon zòn ki deklare gwo dezas. Ou pa bezwen posede yon biznis pou aplike pou asistans SBA.
Yo ka refere w bay SBA apre w fin aplike pou asistans FEMA pou katastwòf. Si ou toujou gen bezwen ki pa satisfè, prè yo ka ede ak reparasyon oswa ranplasman kay, pwopriyete pèsonèl, machin, alèjman, pèt biznis, ak kapital travay pou ti biznis ak pifò òganizasyon prive.
Pou katastwòf yo te deklare apati 22 mas 2024 oswa apre, ou ka chwazi ranpli yon aplikasyon prè SBA pou katastwòf epi sa p ap gen enpak sou kalifikasyon w pou asistans FEMA.
Si yo apwouve w pou yon prè, ou pa oblije aksepte li.
Lajan ou resevwa nan men SBA yo dwe ranbouse sou tan.
Pou kesyon sou pwogram prè SBA pou katastwòf la, tanpri rele SBA nan 800-659-2955 (TTY: 800-877-8339). Enfòmasyon SBA disponib tou nan www.SBA.gov/disaster (lyen an Angle) oswa pa imèl nan disastercustomerservice@sba.gov.
Sivivan ki gen kesyon pou FEMA oswa ki bezwen enfòmasyon yo ka toujou rele Liy Èd FEMA a nan 800-621-3362.
Dezas te deklare avan 22 mas 2024
Si yon dezas te deklare anvan 22 mas 2024, epi yo refere w bay SBA, ou dwe ranpli yon aplikasyon SBA pou prè pou katastwòf pou w ka kalifye pou Asistans Pwopriyete Pèsonèl, Asistans Transpò ak/oswa Group Flood Insurance Policy (Règleman Asirans Gwoup Inondasyon, GFIP).
Ou ka ranpli yon aplikasyon sou sitwèb SBA oswa nan yon Sant Rekiperasyon Dezas (lyen an Angle).
FEMA pa gen dwa bay moun ki ka kalifye pou yon prè SBA lajan pou pèt sa yo. FEMA pral refere w otomatikman bay SBA pou konsidere w pou yon prè pou katastwòf si w satisfè nòm revni SBA yo. FEMA sèvi ak revni anyèl brit lakay ou ak kantite moun ki depandan yo pou detèmine si yo ta dwe refere w bay SBA.
Si yo apwouve w pou yon prè, ou pa oblije aksepte li. Si w aplike epi w pa kalifye pou yon prè pou katastwòf ak enterè ki ba, sa ka ouvri pòt pou yon sibvansyon adisyonèl nan men FEMA. Sepandan, si yo apwouve w epi ou pa aksepte li, yo p ap voye w tounen bay FEMA pou plis asistans.
Si SBA a pa ofri w yon prè oswa li ofri sèlman yon prè pasyèl, SBA ap fè FEMA konnen. Nou kapab revize aplikasyon w lan pou w wè si w kalifye pou plis asistans pou katastwòf.
FEMA kapab ede ak bagay sa yo menm si ou pa aplike pou yon prè nan men SBA:
- Reparasyon Kay oswa Ranplasman
- Asistans pou lwaye
- Medikal
- Dantè
- Bezwen Grav
- Swen Timoun
- Antèman
- Netwaye ak Dezenfekte
- Demenajman ak Stokaj
- Atik divès