Asistans pou Lojman ak Lòt Bezwen

alert - info

Enfòmasyon ki figire nan paj sa pa reflete mizajou Asistans Endividyèl pou katastwòf ki deklare nan dat kap 22 mas 2024 la.

Kounye a, pran plis sou sa ki disponib yo.

FEMA ede moun an patikilye ak fanmi ki gen kay yo ki sibi domaj  poutèt yon dezas yo deklare onivo pezanansyèl.  Nouka ede ak lòt nesesite asistans tankou nesesite gadri timoun poutèt dezas, depans medikal poutèt dezas oswa atik kinesesè pou netwaye.

FEMA pa ofri asistans pou ti biznis ki afekte pa yon dezas. Patnè nou, Small Business Administration (SBA), ofri moun prete lajan ak ti enterè pou domaj biznis sibi. Epitou nou pa ofri okenn asistans lojman pou kay segondè, se pou rezidans prensipal ou sèlman

Men sa Asistans FEMA Kouvri

FEMA ka bay asistans pou atik asirans mèt kay ak lokatè pa kouvri.  Ou pa ka resevwa asistans nan men konpayi asirans ou ak nan men FEMA pou menm domaj yo. Sa se fwòd asirans ki ilegal. 

Aplike pou Asistans FEMA nan DisasterAssistance.gov

External Link Arrow

Fwaye yo

Se Pwogram FEMA pou Endividyèl ak pou Fwaye ki bay kalite asistans suivan yo.

  • Asistans pou Lojman Tanporè: Asistans finansye pou mèt kay oswa lokatè pou yo lwe yon kote pou yo viv tanporèman si kay ou pa disponib poutèt dezas la, epi w pagen okenn asirans ki kouvri w pou lojman tanporè. Si page [sic] okenn kay pou lwe, dènye rekou a se yon kay gouvènman ki ka disponib nan sèten zòn.
  • Ranbousman Pou Depans Lojman: Ranbousman depans otèl pou mèt kay oswa lokatè pandan yon ti tan kout poutèt moun nan pagen kouran oswa kouran pa aksesib, si moun pa gen asirans oswa lòt pwogram ki kouvri l.
  • Reparasyon Kay: Asistans finansyè pou mèt kay yo repare domaj dezas la fè nan kay prensipal yo, lè asirans pa kouvri domaj yo, pou kay la ka an sekirite, ak bon kondisyon sanitè e kòrèk pou rete ladann.
  • Ranplasman Kay: Asistans finansyè pou ede mèt kay yo ranplase kay yo ki kraze nan dezas la, lè asirans yo pa kouvri domaj yo.
  • Konstriksyon Lojman Pèmanan: Asistans finansyè oswa dirèk pou konstwi oswa repare yon kay. Kalite èd sa yo rive nan sèten ka inik sèlman lè pagen okenn lòt kalite asistans lojman ki disponib.

Lòt Asistans Nesesè

Gen asistans finansyè ki disponib pou depans ki nesesè ak gwo nesesite ke dezaj la fè dirèkteman, ikonpri:

  • Depans pou gadri timoun
  • Depans medikal ak dantè
  • Depans pou fineray ak antèman
  • Atik esansyèl ki domaje nan kay (mèb chanm, aparèy menaje); rad; zouti (rad ak ekipman espesyalize oswa ki pwoteje) ki obligatwa pou travay ou; materyèl edikatif ki nesesè (òdinatè, liv lekòl, founiti klasik)
  • Konbistib pou sous chofaj prensipal (lwil pou chofaj, gaz)
  • Atik pou netwaye (vakyòm mouye/sèk, dezimidifikatè)
  • Domaj yon machin esansyèl sibi
  • Depans demenajman ak antrepo poutèt dezas la. Sa a se demenajman ak antrepo atik nan kay ki esansyèl pou yo pa sibi plis domaj, tankou reparasyon kap fèt sou lechan, epi remèt rezidans prensipal la bay aplikan an.
  • Lòt depans nesesè oswa gwo nesesite selon sa FEMA deside
Dènye mizajou