Paj sa bay repons ak kesyon moun abitye poze sou Asistans Pèsonèl pou moun ki viktim katastwòf.
Repons Kesyon moun abitye poze
Dewoule lis la pou filtre kesyon yo pa kategori, oswa tape yon mo kle
FEMA.gov ap mete ajou pou konfòme yo ak Dekrè Egzekitif Prezidan Trump yo. Mèsi pou pasyans ak konpreyansyon w.
Paj sa bay repons ak kesyon moun abitye poze sou Asistans Pèsonèl pou moun ki viktim katastwòf.
Dewoule lis la pou filtre kesyon yo pa kategori, oswa tape yon mo kle
Chak ebèjman gen sèvis pa yo ki ka varye. Jeneralman, lè gen yon katastwòf oswa ijans, ou ka depann de ebèjman ijans yo pou:
Wi. Apre ou fè foto epi dokimante dega ki fèt yo, se pou w imedyatman voye jete bagay ki inonde yo ki poze yon ris pou sante w, tankou pwodui manje perisab, rad, kousen, ak zorye.
Pou w ka kalifye pou asistans Reparasyon Kay,
se pou w ranpli deseri kondisyon. Si FEMA pa ka verifye ou te abite epi posede kay la avan katastwòf la, yo ka mande w pou voye dokiman kòm prèv.
Si ou gen asirans, yo ka egzije pou w voye prèv lajan asirans lan bay oswa lèt refi.
Si domajman an mande estimasyon yon kontremèt, yo ka egzije w pou voye kopi estimasyon yo. Si FEMA egzije dokimantasyon pou yo ka travay sou aplikasyon w depoze pou asistans katastwòf, ou ap resevwa yon lèt ki ap eksplike ki kalite dokiman yo bezwen, epi kijan pou w voye yo bay FEMA.
Mèt kay ki gen kay rezidans prensipal yo domaje akoz yon katastwòf ka resevwa asistans Reparasyon Kay si domajman an lakoz kay la pa san danje pou moun rete. Asistans sa a limite, kidonk li ka sifi pou kèk domajman ki pa t gen asirans, oswa ki pa t gen ase asirans.
FEMA ka bay asistans lajan pou w repare kay ou si kay la pa t gen asirans oswa li pa t gen ase asirans epi li epi li sibi domanjman nan yon katastwòf. Asistans sa a limite kidonk li ka sifi pou remete kay la nan yon kondisyon sekirite, ak fonksyonèl, men li pa bay lajan pou repare tout domajman ki fèt yo.
Men kèk kote w ap jwenn dlo pou ijans:
Dlo robinè ka kontamine epi pa bon pou sèvi ni bwè apre yon katastwòf.
Pou w pran plis ransèyman, vizite gid Ajans Pwoteksyon Anviwònman an sou Dezenfektasyon Ijan Dlo pou Bwè
Si ou pa satisfè ak montan lajan reklamasyon w lan oswa ou resevwa yon lèt refi pou yon pati oswa tout reklamasyon w yo, ou kapab:
Kontra asirans inondasyon Pwogram Asirans Inondasyon Nasyonal pa p asire kont dega ki fèt akoz mwezi.
Yo ka fè konsiderasyon pou ou si:
Sepandan, si ou gen aksè pou antre nan kay la, nou ankouraje w anpil pou w kòmanse netwaye l epi dokimante bagay yo imedyatman apre yon inondasyon pou w ka anpeche mwezi grandi epi gaye nan kay la.