Eske dlo robinè bon pou moun bwè apre yon katastwòf?

Dlo robinè ka kontamine epi pa bon pou sèvi ni bwè apre yon katastwòf.

  • Swiv rekòmandasyon presi ministè lasante eta, lokal, oswa tribi kote w rete a sou bouyi oswa trete dlo nan zòn ou abite a.
  • Piga w bwè, lave vesèl, bwose dan w, ni lave ak prepare manje, lave men w, fè glas, oswa melanje lèt an poud pou tibebe ak dlo ou panse ki (oswa yo te di w) pa pwòp.
  • Si dlo nan zòn ou abite a kontamine, sèvi ak dlo nan boutèy, dlo bouyi, oswa trete pou w bwè, fè manje, epi lijyèn pèsonèl ou.

Pou w pran plis ransèyman, vizite gid Ajans Pwoteksyon Anviwònman an sou Dezenfektasyon Ijan Dlo pou Bwè

Dènye Mizajou