Eske m bezwen bay dokimantasyon pou m ka kalifye pou asistans Reparasyon Kay?

Pou w ka kalifye pou asistans Reparasyon Kay,
se pou w ranpli deseri kondisyon. Si FEMA pa ka verifye ou te abite epi posede kay la avan katastwòf la, yo ka mande w pou voye dokiman kòm prèv.

Si ou gen asirans, yo ka egzije pou w voye prèv lajan asirans lan bay oswa lèt refi.

Si domajman an mande estimasyon yon kontremèt, yo ka egzije w pou voye kopi estimasyon yo. Si FEMA egzije dokimantasyon pou yo ka travay sou aplikasyon w depoze pou asistans katastwòf, ou ap resevwa yon lèt ki ap eksplike ki kalite dokiman yo bezwen, epi kijan pou w voye yo bay FEMA.

Dènye mizajou