Kesyon Moun Abitye Poze Sou Katastwòf

Paj sa bay repons ak kesyon moun abitye poze sou Asistans Pèsonèl pou moun ki viktim katastwòf.

Repons Kesyon moun abitye poze

Dewoule lis la pou filtre kesyon yo pa kategori, oswa tape yon mo kle

Ou gen dwa pou mande reverifye jiska 60 jou a pati de dat ki sou lèt ki bay desisyon an.

Si ou pa dakò ak desisyon ki pran sou elijiblite ou pou jwenn èd pou katastwòf la, ou gen dwa mande reverifye. Li posib ke rezon yo te refize ou èd la se paske FEMA pa t gen tout oswa bon jan enfòmasyon.

Pou kapab pwoteje tèt ou kont fwod ak vòl idantite, nou ankouraje ou pran anpil prekosyon lè ou ap pataje enfòmasyon pèsonèl.

Si ou kwè ou viktim vòl idantite, oubyen yon moun aplike pou èd FEMA ak enfòmasyon pèsonèl ou, rele silvouplè 800-621-3362. Pou siyale yon vòl idantite, pa kontakte Depatman Envestigasyon ak Enspeksyon pou Fwod FEMA a, ni Biwo Enspektè Jeneral DHS la, ni Sant Nasyonal pou Katastwòf la.

Pou siyale nenpòt lòt fwod an lyen ak katastwòf, voye yon imèl sou StopFEMAFraud@fema.dhs.gov.  Pou plis enfòmasyon, al vizite paj fwod an lyen ak katastwòf.

Al sou paj Jwenn Èd la pou ka wè diferan èd ou ka petèt jwenn.

Pou verifye eta avansman dosye ou la:

  • Rele FEMA nan 800-621-3362

Pou FEMA konsidere dosye ou la, ou dwe reponn wi ak yon sèl nan kritè sa yo:

  • Sitwayen ameriken
  • Moun ki fè pati de nasyon an men ki pa sitwayen
  • Moun ki kalifye men ki pa sitwayen

Si ou pa reponn a egzijans pou sitwayen yo, ou kapab toujou aplike pou yon seri èd pou katastwòf FEMA si:

  • Yon lòt moun lakay ou se sitwayen, menm si li se yon minè,

Pou tout kesyon sou kijan pou ranpli demand èd FEMA a, silvouplè ale sou sit Disasterassistance.gov

  • Entènèt oswa aplikasyon selilè: Aplike Anliy sou Disasterassistance.gov
  • Nan telefòn: Ou ka rele FEMA sou liy gratis 1-800-621-3362 pou aplike pou èd oswa verifye avansman dosye ou la. Si ou itilize yon sèvis ki releye videyo, yon sèvis telefòn ak soutit, oswa lòt sèvis kominikasyon, silvouplè bay FEMA nimewo ki asosye ak sèvis sa.
  • An Pèsòn: Si ou disponib, ou ka vizite yon Sant pou Rekanpe djanm apre Katastwòf Pou lokalize yon DRC:
    • Oswa rele FEMA nan
      1-800-621-3362
    • Verifye sou aplikasyon selilè FEMA a

Si ou fè plis pase plizyè yon demand èd, l ap pran plis tan pou resevwa l.

Reli lèt ki bay desisyon an, ou ap jwen rezon ou te pran refi, epi ki enfòmasyon nou bezwen pou ba nou. Anvan ou mande reverifye, li enpòtan pou ou konprann rezon premye refi a epi kisa ki dwe fèt si vle mande reverifye.

Yo pral poze w kesyon sou:

  • Sitiyasyon sitwayènte ou
  • Kouvèti asirans
  • Kategori dega kataswòf la fè
  • Kantite lajan moun lakay ou fè
  • Adrès kay ki sibi dega yo
  • Non tout moun ki te abite nan kay la nan moman katastwòf la
  • Enfòmasyon sou kont anbank ou

Dènye Mizajou