Eske yo asire kont dega mwezi fè nan kay la?
Kontra asirans inondasyon Pwogram Asirans Inondasyon Nasyonal pa p asire kont dega ki fèt akoz mwezi.
Yo ka fè konsiderasyon pou ou si:
- Yon fonksyonè otorize kloure pòt pou moun pa antre nan kote a (pou kesyon sekirite).
- Dlo inondasyon rete chita nan kay la oswa yon pati nan kay la ki anpeche w enspekte oswa pran swen kay la.
Sepandan, si ou gen aksè pou antre nan kay la, nou ankouraje w anpil pou w kòmanse netwaye l epi dokimante bagay yo imedyatman apre yon inondasyon pou w ka anpeche mwezi grandi epi gaye nan kay la.