Kesyon Moun Abitye Poze Sou Katastwòf

Paj sa bay repons ak kesyon moun abitye poze sou Asistans Pèsonèl pou moun ki viktim katastwòf.

Repons Kesyon moun abitye poze

Dewoule lis la pou filtre kesyon yo pa kategori, oswa tape yon mo kle

Kandida ki fè depans medikal ak dantè ki gen rapò ak katastwòf ki san asirans oswa ki pa gen ase asirans. Ou kapab elijib si:

  • Depans medikal oswa dantè ou fè a se te direkteman akoz katastwòf la.
  • Ou pa gen asirans oswa ou pa gen ase asirans pou depans medikal oswa dantè a

*Depans ki gen asirans oswa lòt sous yo pa elijib pou ranbousman FEMA

Apre yon ensidan inondasyon, ou dwe rapòte pèt ou fè a imedyatman bay ajan asirans oswa konpani a. Fè sèten ou poze yo kesyon sou pèman alavans. Èske ou bezwen èd pou w jwen yon ajan oswa konpani asirans? Rele NFIP nan 877-336-2627.

Mèt kay ki gen kay rezidans prensipal yo domaje akoz yon katastwòf ka resevwa asistans Reparasyon Kay si domajman an lakoz kay la pa san danje pou moun rete. Asistans sa a limite, kidonk li ka sifi pou kèk domajman ki pa t gen asirans, oswa ki pa t gen ase asirans. 

Malerezman, FEMA pa kapab netwaye kay ou pou ou. Ou ka rele nan 2-1-1 pou yo ba ou rekòmandasyon pou sèvis lokal yo. Ka gen ajans nan zòn ou abite a ki ka ofri sèvis netwayaj. Veye nan jounal lokal ou, radyo, ak televizyon. 

TSA a se yon pwogram FEMA genyen ou yon seri de katastwòf. Li pèmèt pou ebèje tanporèman, pou yon tan ki pa long, nan yon otèl/motèl FEMA peye dirèkteman. Viktim katastwòf pa dwe aplike pou TSA. Se FEMA menm ki ap kontakte viktim ki elijib yo pou l di yo sa.

Pou FEMA konsidere dosye ou la, ou dwe reponn wi ak yon sèl nan kritè sa yo:

  • Sitwayen ameriken
  • Moun ki fè pati de nasyon an men ki pa sitwayen
  • Moun ki kalifye men ki pa sitwayen

Si ou pa reponn a egzijans pou sitwayen yo, ou kapab toujou aplike pou yon seri èd pou katastwòf FEMA si:

  • Yon lòt moun lakay ou se sitwayen, menm si li se yon minè,

Lè ou ap fè yon demand reverifye, mete enfòmasyon sa yo nan tou paj dokimantasyon
ou a:

  • Non ou
  • Nimewo katastwòf la
  • Nimewo aplikasyon an (ou ap jwenn li nan kòmansman lèt desizyon an).

Siy detrès emosyonèl gen ladan yo:

  • Yon gwo tristès akablan
  • Deseri van laperèz ki frape w tanzantan, ak gwo enkyetid
  • Ou santi w pa kapab ankò oswa ou san zespwa
  • Ou ap veye twòp sou tan ak lòt move tan ki ka pase
  • Ou akaryat epi sa afekte relasyon w ak fanmi w epi zanmi w
  • Ou fè move rèv oswa ou ap repase nan tèt ou evènman katastwòf la yo
  • Difikilte pou reprann lavi nòmal nan kay ou oswa nan travay ou
  • Difikilte pou pale sou sa k pase a oswa pou tande lòt moun ap pale sou sa

Kandida yo ka elijib pou Asistans ebèjman Tranzitwa a (TSA) si yo te oblije kite kay yo epi yo pa kabap abite nan kay avan katastwòf la, epi okenn lòt opsyon pou ebèjman tanporè pa fezab oswa pa disponib.

Wi. Ou ap bezwen bay sa yo:

  • Yon ranbousman asirans oswa lèt refi oswa yon atestasyon ekri epi siyen ki eksplike ou pa genyen asirans medikal oubyen dantè.
  • Prèv depans lan te fèt akoz katastwòf la (tankou atestasyon medikal, elatrye).
  • Bil ki gen lis, resi, oswa estimasyon ki montre depans medikal oswa dantè.
Dènye Mizajou