FEMA Pale Lang ou

Release Date Release Number
014
Release Date:
October 25, 2021

NEW YORK – FEMA bay sèvis tradiksyon ak entèpretasyon pou kontakte epi kominike ak sivivan katastwòf yo ki pa pale angle oswa pale yon ti kras angle. FEMA gen anplwaye ak teknoloji tou pou sipòte rekiperasyon nan katastwòf pou moun ki soud, ki tande mal, oswa ki pa wè byen yo.

Tradiksyon yo baze sou resansman ameriken an ak lòt rechèch demografik.

Nan New York, sèvis tradiksyon alekri FEMA yo pèmèt yo bay mesaj yo nan 25 lang: Albanè, Arab, Bengali, Biman, Chinwa senplifye, Fransè, Grèk, Jougarati, Kreyòl Ayisyen, Ebre, Enndi, Italyen, Japonè, Kiwonndi, Koreyen, Malay, Polonè, Pòtigè, Ris, Panyòl, Swayili, Tagalòg, Oudou, Vyetnamyen ak Yidich. Nou ka ajoute plis lang si sa ta nesesè.  

Pou katastwòf Siklòn Ida nan New York la, FEMA afiche tou nouvèl ak feyè enfòmasyon yo nan 25 lang sou sit entènèt li a, fema.gov. Ak sèvis entèpretasyon nan telefòn li an, li kapab kominike nan 117 lang.

Lè ou rele Liy Èd FEMA a nan 800-621-3362, moun ki sèvi ak Sèvis Relè Videyo (VRS), sèvis telefòn ki gen soutit oswa lòt sèvis konsa ta dwe bay FEMA nimewo pou sèvis sa a. Operatè Liy Asistans yo disponib apati 8 a.m. jiska 7 p.m. chak jou. Peze 2 pou Panyòl. Peze 3 pou yon entèprèt pou lòt lang.

Ou ka vizite yon Sant Rekiperasyon Dezas tou epi rankontre fas-a-fas ak anplwaye FEMA ak reprezantan lòt ajans federal ak ajans leta ki ka bay enfòmasyon sou asistans pou katastwòf. Anplwaye FEMA yo resevwa fòmasyon pou sèvi ak sèvis entèprèt la.

Y ap montre yon sivivan ki gen pa pale anpil angle yon gid idantifikasyon lang ki gen fraz "I Speak ..."  (Mwen pale) nan 69 lang. Sivivan katastwòf yo ka montre lang yo konprann nan, epi reprezantan FEMA a kapab konekte ak yon entèprèt ki pale lang sa a. 

Nou ankouraje sivivan dezas ki abite nan nèf (9) konte sa yo pou aplike pou asistans pou katastwòf: Bronx, Dutchess, Kings, Nassau, Queens, Richland, Rockland, Suffolk ak Westchester .

Pou dènye enfòmasyon konsènan efò rekiperasyon ki ap fèt nan kad Siklòn Ida an, vizite fema.gov/disaster/4615. Swiv nou sou Twitter nan twitter.com/femaregion2 epi facebook.com/fema.

Tags:
Dènye mizajou