Kenbe etap enpòtan sa yo nan tèt ou nan pwosesis asistans FEMA a:
Pa tann pou kòmanse netwaye. Fè foto tout dega yo, fè lis pèt ou yo epi kenbe tout resi yo pou verifye depans katastwòf la lakòz yo.
Depoze yon demann asirans. Demandè yo ki asire pou domaj katastwòf yo lakòz yo nan abitasyon yo dwe founi yon règleman asirans oswa dokiman ki lye ak prestasyon FEMA a avan pou benefisye èd federal la.
Aplike nan FEMA Pwopriyetè yo ak lokatè nan depatman North Carolina a ki te sibi domaj ki pa asire oswa sou asire yo tanpèt twonpikal Helene nan lakoz, yo ankouraje yo pou mande èd nan men FEMA nan ka katastwòf. Ale anliy sou DisasterAssistance.gov, itilize aplikasyon mobil FEMA a oswa rele nan 800-621-3362. Si w ap itilize sèvis relè yo tankou sèvis relè videyo, sèvis telefòn kapsyone oswa lòt yo, bay FEMA nimewo ou pou sèvis sa.
Pwograme enspeksyon lakay ou. Apre ou aplike, yon enspektè FEMA pral kontakte ou pou pwograme yon randevou. Asire ou pou reponn telefòn lan. Nimewo telefòn enspektè a kapab soti deyò eta a oswa ID moun ki rele a afiche kòm “unavailable.” Pandan pwosesis pwogramasyon an, ou kapab tou endike si ou bezwen yon amenajman rezonab. Sèvis yo tankou tradiksyon ak entèprèt ASL disponib pou asire yon kominikasyon efikas avèk sivivan yo.
Rasanble enfòmasyon yo pou enspeksyon an. Prepare ou pou montre enspektè a yon pyès idantite avèk foto; yon prèv pwopriyete oswa okipasyon; yon lis okipan menaj k ap viv nan kay la nan moman katastwòf la, tout domaj katastwòf la lakoz nan pwopriyete a ak polis asirans ou an. Si ou gen foto domaj katastwòf la oswa resi reparasyon yo, gen sa yo disponib tou.
Rankontre ak enspektè a. Enspeksyon an enkli egzamen pati zòn lakay ou an ki andomaje pa katastwòf la ak egzamen dosye ou yo. Enspektè FEMA yo ap gen yon foto idantite ofisyèl epi pa pral janm mande ou enfòmasyon bankè ou. Yo pa pral janm mande ou lajan epi p ap janm oblije ou peye sou okenn fòm.
Apre arive a, enspekstè a pral mande pou verifye non aplikan an, adrès, enfòmasyon kontak, okipasyon, estati pwopriyetè a ak kouvèti asirans.
Apre enspeksyon an. Ou pral resevwa yon lèt k ap esplike desizyon elijibilite FEMA a nan 10 jou apre vizit enspektè a. Asire w li byen; li kapab esplike etap adisyonèl yo w ap bezwen yo pou kontinye pwosesis la. Si ou gen dwa ak yon èd, ou kapab resevwa yon chèk Trezò ameriken oswa yon depo dirèk selon sa ou te chwazi pandan demann ou an.
