Mwen Aplike pou Asistans. Kisa Kap Rive Apre?

alert - info

Enfòmasyon ki figire nan paj sa pa reflete mizajou Asistans Endividyèl pou katastwòf ki deklare nan dat kap 22 mas 2024 la.

Kounye a, pran plis sou sa ki disponib yo.

Revize Aplikasyon w Lan

Verifikasyon Idantite

Soumèt Dokimantasyon

Enspeksyon Kay

Si ou gen asirans, ou dwe soumèt yon reklamasyon bay konpayi asirans ou an touswit apre w aplike pou asistans FEMA. Lè w soumèt yon reklamasyon bay konpayi asirans ou an leplito ke posib sa pral ede evite reta pou resevwa asistans FEMA a. FEMA pa kapab ede avèk pèt asirans deja garanti. Si asirans ou an pa garanti tout pèt ou yo oswa si li gen reta, ou ka elijib pou asistans FEMA parapò ak nesesite ou genyen ki pa satisfè yo.

Yo ka pwograme pou yo fè yon enspeksyon kay ou. Dapre preferans pou kominikasyon ke w te chwazi lè w te fè aplikasyon w lan, ou pral resevwa swa yon lèt oswa yon korespondans elektwonik. Lèt la pral eksplike si ou elijib pou asistans, konbyen ou pral resevwa pou asistans lan, kijan ou dwe itilize asistans lan, ak kijan ou ka konteste desizyon FEMA a si ou pa dakò ak li.

Yo pral detèmine asistans ou an nan fè konparezon ant pèt esansyèl ak nesesite majè ou rapòte yo avèk kalite asistans ki disponib nan pwogram ak nan sèvis FEMA yo. Èd FEMA pa menm avèk asirans ni li pa kapab fè tout bagay pou sivivan an. Asistans federal nan FEMA bay fon sèlman pou reparasyon debaz pou yon kay kapab san danje, sanitè ak abitab. Yo ka refere w tou bay Administrasyon Ti Antrepriz Ameriken an, oswa SBA, pou prè pou dezas ki gen enterè ki ba pou ede w plis ak repriz ou a.

Revize Aplikasyon w Lan sou DisasterAssistance.gov

Ou kapab kreye yon kont Sant Asistans pou Dezas nan FEMA (FEMA Disaster Assistance Center, (DAC) nan DisasterAssistance.gov. Yo pral mande w pou kreye yon Nimewo Idantifikasyon Pèsonèl (PIN) pou sekirize aksè nan enfòmasyon aplikasyon pou asistans akoz dezas ou a.

Sou kont anliy ou a, ou kapab:

  • Revize enfòmasyon aplikasyon pou asistans akoz dezas la
  • Bay dènye enfòmasyon ki konsène enfòmasyon pèsonèl ak bezwen w yo
  • Gade lèt ak mesaj FEMA voye ba ou yo
  • Jwenn detay sou dokiman adisyonèl FEMA bezwen pou travay sou demann pou asistans ou an
  • Telechaje dokiman nan dosye w la
  • Revize enfòmasyon FEMA resevwa ke w voye yo

Idantifye Verifikasyon

Si FEMA pa kapab verifye idantite w pandan pwosesis aplikasyon an, yo pral oblije w pou soumèt dokiman sipò.

Dokiman Sipò pou Verifikasyon Idantite

Dokimantasyon pou verifye idantite w

  • Dokimantasyon ki soti nan Administrasyon Sekirite Sosyal, oswa lòt antite federal, ki gen Nimewo Sekirite Sosyal (SSN) ou okonplè oswa kat dènye chif yo
  • Kat Sekirite Sosyal si w voye l ak idantifikasyon yo emèt nan nivo federal oswa leta
  • Dokiman pewòl anplwayè w la ki gen nimewo SSN konplè w la oswa kat dènye chif yo
  • Idantifikasyon militè
  • Ak maryaj pou pwouve non jèn fi w
  • Paspò ameriken

Si w te aplike pou asistans pou yon sitwayen ameriken minè (timoun) ki abite nan kay ou, ou dwe soumèt bagay ki annapre yo bay FEMA:

Nenpòt dokiman ki liste sou bò goch la, si l sou non timoun nan OSWA

Ak nesans timoun nan AK yon kopi kat Sekirite Sosyal timoun nan oswa dokimantasyon ki soti nan Administrasyon Sekirite Sosyal, oswa nan lòt antite federal, ki gen nimewo sekirite (SSN) timoun nan okonplè oswa kat dènye chif yo.

Kijan pou Soumèt Dokimantasyon

Ou ka ale sou DisasterAssistance.gov pou soumèt dokimantasyon ak verifye estati aplikasyon w lan sou entènèt la.

FEMA rekonèt ke yon sistèm anliy sèlman ka pa satisfè bezwen sivivan yo, se poutèt sa li etabli tou Sant pou Depo Dokimantasyon yo (Documentation Drop-off Centers) kote sivivan yo kapab aplike pou asistans, poze kesyon, fè yo eskane dokiman yo pou mete yo nan dosye ka yo epi remèt yo dokiman sa yo sou plas. Sant yo fonksyone selon pwotokòl byen estrik pou COVID-19. Mask oswa pwoteksyon pou kouvri figi obligatwa pou jwenn sèvis epi sivivan yo dwe rete nan machin yo pandan yon espesyalis FEMA ap reponn kesyon yo epi ap jere fòmalite yo.

Jwenn yon Sant pou Repriz apre Dezas ak pou Depo Dokiman yo

Videyo: Sant pou Depo Dokiman FEMA yo Ap Ede Sivivan Dezas Michigan yo

Gade yon videyo (nan lang Angle) pou wè yon egzanp youn nan sant pou depo dokiman nou yo, ke nou mete sou pye pou nou kapab kontinye founi sèvis san danje bay aplikan ki ka pa gen aksè a entènèt yo, pandan pandemi sa a.

Enspeksyon Kay la

Apre ou fin aplike nan FEMA, yo egzamine demann ou fè pou asistans lan pou detèmine si li nesesè pou yo fè yon enspeksyon kay ou pou verifye domaj dezas la koze nan kay ou ak sou pwopriyete ou. Pou pwoteje sante sivivan ak enspektè yo nan yon anviwònman COVID-19, FEMA kòmanse fè enspeksyon adistans.

Si ou te rapòte pandan enskripsyon an ke ou te sibi yon domaj minim e ke ou kapab rete nan kay ou, yo pap pwograme yon enspeksyon kay ou otomatikman. Alaplas, ou pral resevwa yon lè kap eksplike w kijan pou w rele Liy Asistans FEMA a pou mande pou yon enspeksyon si ou fin dekouvri apre w fin aplike a, ke dezas la te fè gwo domaj nan kay ou.

Enspeksyon Adistans

Pou enspeksyon adistans yo, enspektè FEMA yo kontakte aplikan yo nan telefòn pou reponn kesyon yo genyen sou tip ak sou nivo domaj yo sibi yo.

Enspeksyon adistans yo fasilite yon nouvo fason pou evalye domaj; epi pwosesis adistans lan anreyalite akselere livrezon asistans pou repriz la pou sivivan yo.

Teledechaje fèy enfòmasyon pou enspeksyon adistans lan.

Graphic
Mwen te aplike pou asistans. Kisa kap rive annapre?

Enfòmasyon pou Rasanble pou Enspeksyon W Lan

Ou dwe genyen enfòmasyon sila yo tou pare pou lè enspeksyon an:

  • Idantifikasyon w ki gen foto
  • Prèv pwopriyete/okipasyon rezidans ki domaje a
  • Dokiman asirans yo pou kay ou ak/oswa machin
  • Lis tout moun ki rete nan kay la lè dezas la
  • Tout domaj dezas la koze sou imobilye ak byen pèsonèl

Enspektè FEMA yo resevwa fòmasyon pou yo ka rekonèt domaj yon dezas koze, men se pa yo ki deside si ou pral resevwa asistans. Yo obsève epi anrejistre domaj ki ka elijib nan Pwogram pou Moun ak Fwaye yo (Individuals and Households Program), ki pa menm bagay ak evalyasyon ekspè nan asirans oswa lòt pwogram asistans pou dezas yo, tankou Administrasyon Ti Antrepriz Ameriken (U.S. Small Business Administration), fè. Tanpri note byen ke enspektè FEMA yo pa pral aksede fizikman sèten kote nan kay ou, tankou espas etwat ak vid ki pa sèvi yo, grenye ak twati yo.

Dènye mizajou