Yo te refere mwen bay Small Business Administration lan

alert - info

Enfòmasyon ki figire nan paj sa pa reflete mizajou Asistans Endividyèl pou katastwòf ki deklare nan dat kap 22 mas 2024 la.

Kounye a, pran plis sou sa ki disponib yo.

Pou satisfè bezwen sivivan katastwòf yo, FEMA fè patenarya ak lòt ajans yo. FEMA travay ak Administrasyon Ti Biznis Etazini (U.S. Small Business Administration, SBA) pou ofri prè pou katastwòf ak enterè ki ba bay pwopriyetè kay ak lokatè ki nan yon zòn ki deklare gwo katastwòf. Prè sa yo ede kouvri domaj ke dezas la te koze oswa pou ran mezi alèjman pou evite domaj tanpèt nan lavni. Ou pa bezwen posede yon biznis pou aplike pou yon prè pou katastwòf. Yo ka refere w bay SBA apre w fin aplike pou asistans FEMA pou katastwòf.

Si yo refere w bay SBA, ou dwe ranpli yon aplikasyon SBA pou prè pou katastwòf sou sitwèb SBA a oswa nan yon Sant Rekiperasyon pou Katastwòf.

Si yo apwouve w pou yon prè, ou pa oblije aksepte li. Si w aplike epi w pa kalifye pou yon prè pou katastwòf ak enterè ki ba, sa ka ouvri pòt pou yon sibvansyon adisyonèl nan men FEMA.

Si SBA a pa ofri w yon prè oswa li ofri sèlman yon prè pasyèl, SBA ap fè FEMA konnen. Nou kapab revize aplikasyon w lan pou w wè si w kalifye pou plis asistans pou katastwòf, tankou Asistans Pwopriyete Pèsonèl, Asistans Transpò ak/oswa Politik Asirans Gwoup Inondasyon (Group Flood Insurance Policy, GFIP).

FEMA kapab ede ak bagay sa yo menm si ou pa aplike pou yon prè nan men SBA:

  • Reparasyon Kay oswa Ranplasman
  • Asistans pou lwaye
  • Medikal
  • Dantè
  • Bezwen Esansyèl
  • Swen Timoun
  • Antèman
  • Netwaye ak Dezenfekte
  • Demenajman ak Stokaj
  • Atik divès

Piske Pwogram FEMA pou Moun ak Fwaye yo pa bay èd sibvansyon pou biznis oswa pou pwopriyete lokasyon ki pa okipe pa pwopriyetè a kòm yon rezidans prensipal, aplikasyon FEMA nan kalite sa yo otomatikman refere bay SBA pou konsiderasyon prè pou katastwòf.

Pou kesyon sou pwogram prè SBA pou katastwòf la, tanpri rele SBA nan 800-659-2955 (TTY: 800-877-8339). Enfòmasyon SBA disponib tou nan www.SBA.gov/disaster oswa pa imèl nan disastercustomerservice@sba.gov.

Sivivan ki gen kesyon pou FEMA oswa ki bezwen enfòmasyon yo ka toujou vizite www.DisasterAssistance.gov oswa rele Liy Èd FEMA a nan 800-621-3362.

Dènye mizajou