Enspeksyon Kay yo

Prepare

Pandan

Apre

Èd Adisyonèl

Apre ou fin aplike pou èd nan FEMA, yo revize demann ou an pou detèmine si yon enspeksyon nesesè pou verifye domaj lakay ou ak pwopriyete pèsonèl ou ki gen rapò ak katastwòf.

Yon enspeksyon ka fèt sèlman lè aplikan an (ou menm) oswa ko-aplikan an prezan. Si aplikan an oswa ko-aplikan an pa kapab rankontre ak yon enspektè, yo gendwa deziyen yon twazyèm pati alekri epi yo ka bay otorizasyon davans anvan yo pwograme lè ak dat pou enspeksyon an.

Si yo pa ka jwenn aksè nan kay la, enspektè a ka rankontre ak aplikan an nan obstak la oswa nan yon kote ki net pou verifye lokal ak/oswa pwopriyetè a.

alert - info

Sante w ak sekirite w rete priyorite FEMA.

FEMA Enspeksyon kay FEMA fèt an pèsònmen, si w gen krentif akòz ensètitid sou COVID-19 k ap kontinye, ou ka mande nou pou fè enspeksyon an san nou pa antre lakay ou.

Kijan pou Prepare pou Yon Enspeksyon

Pa tann se lè enspeksyon ap fèt pou fè bagay sa yo:

  • Voye yon reklamasyon bay konpayi asirans ou, si ou gen asirans.
  • Kòmanse netwaye kounye a, si li ansekirite pou fè sa.
  • Pran foto nenpòt domaj.
  • Fè yon lis pèt ou yo.
  • Kenbe tout resi yo pou verifye depans yo katastwòf la lakòz.

Enfòmasyon pou Rasanble pou Enspeksyon Ou

Ou ta dwe gen enfòmasyon sa yo pare nan moman enspeksyon an:

  • Idantite ki gen Foto w
  • Prè ou se pwopriyetè oswa papye lokasyon, si enspektè a mande l
  • Lis non moun ki rete nan kay la nan moman katastwòf la
  • Tout domaj dezas te koze nan pwopriyete
  • Kontra asirans ou ak nenpòt lòt dokiman enspektè a mande

Pandan Enspeksyon Ou

Graphic
A blue fema inspector with a phone to his ear

Enspektè FEMA yo resevwa fòmasyon pou rekonèt domaj yon katastwòf koze, men se pa yo ki pral deside si w ap resevwa asistans.

Yo obsève epi anrejistre domaj ki ka kalifye nan Pwogram Endividyèl ak Fanmi yo, i diferan de evalyasyon ajistè ajans asirans yo fè oswa lòt pwogram asistans pou katastwòf, tankou dministrasyon Ti Biznis Ozetazini.

Tou depan de kantite domaj, enspeksyon an ka pran jiska 45 minit pou li fini.

Aranjman pou Enspeksyon Ou

Aranjman rezonab, tankou tradiksyon ak entèprèt ASL, pral disponib pou asire kominikasyon efikas ak sivivan ki gen konpetans limite nan lang angle, sivivan ki gen andikap, ak lòt moun ki gen aksè ak bezwen fonksyonèl.

Ou ka envite yon moun, tankou yon moun nan kay la, yon fanmi oswa yon zanmi, pou ede kominike ak enspektè a.

Apre Enspeksyon Ou

Ou pral resevwa enfòmasyon ki eksplike desizyon FEMA sou kalifikasyon nan 10 jou apre vizit enspektè a.

Detèmine Kalifikasyon

ISi yo detèmine ou kalifye pou asistans, ou ka resevwa yon chèk Trezò Ameriken oswa depo dirèk dapre sa ou te chwazi pandan aplikasyon w lan.

Si yo detèmine ou pa kalifye pou asistans oswa aplikasyon w lan pa konplè, ou ka konteste desizyon an nan 60 jou epi/oswa mande yon opòtinite pou ranpli aplikasyon an.

Èd Adisyonèl

Enspektè FEMA yo pa kapab reponn kesyon oswa jwenn aksè nan enfòmasyon w yo yon fwa yo fin fè enspeksyon w lan. Si w gen kesyon apre enspeksyon w lan, tanpri rele Liy Asistans FEMA a nan 800-621-3362.

Resous pou Enspeksyon Kay yo

Dènye mizajou