Avi Piblik Dirèk Kimilatif pou Lojman DR-4828, 4834-FL
Notice Date |
---|
Dat Avi a: 11/05/2024.
Ajans Federal pou Jesyon Ijans (Federal Emergency Management Agency, FEMA) nan Depatman Sekirite Enteryè Ameriken (Department of Homeland Security) an bay piblik la avi sou entansyon li genyen pou l voye èd federal bay Eta Florida an atravè deklarasyon pou gwo katastwòf FEMA-4828-DR-FL (Siklòn Helene) and 4834-DR-FL (Siklòn Milton). Avi sa a aplike pou pwogram Asistans Endividyèl (Individual Assistance, IA) la ki aplike nan kad otorite Lwa Robert T. Stafford sou Sekou pou Katastwòf ak Asistans Ijans (Robert T. Stafford Disaster Relief and Emergency Assistance Act), 42 U.S.C. §§ 5121-5207 (Lwa Stafford la). Avi piblik sa a konsène aktivite ki kapab lokalize oswa afekte zòn marekaj yo, zòn inondab a 1 pousan chak ane yo, mezi enpòtan ki pran nan zòn inondab a 0.2 pousan chak ane yo, ak zòn inondab EstandaJesyon Risk Inondasyon Federal la (Federal Flood Risk Management Standard, FFRMS), jan 44 CFR 9.7(c) detèmine sa a. Aktivite sa yo kapab afekte plèn inondab oswa marekaj yo yon fason negatif, oswa sa ka lakoz yon frajilite pou domaj inondasyon.
1. Avi Piblik – Deklarasyon Gwo Katastwòf FEMA-4828-DR-FL, FEMA-4834-DR-FL, ak Apèsi sou Asistans Otorize
Prezidan an te deklare yon gwo katastwòf pou Eta Florida a pa rapò ak otorite li nan kad Lwa Stafford la nan dat 28 septanm 2024, kòm konsekans Siklòn Helene epi nan at 11 oktòb 2024 la, kòm konsekans Siklòn Milton. Seksyon 408 Lwa Stafford lan otorize Pwogram Endividyèl ak Fwaye (Individuals and Households Program, IHP) FEMA an bay asistans finansye, epi si sa nesesè, sèvis dirèk pou moun ak fanmi nan eta a egzakteman nan konte Citrus, Columbia, Dixie, Hamilton, Hernando, Lafayette, Levy. , Madison, Okeechobee, Pasco, Pinellas, Suwannee, ak Taylor; kapab gen lòt konte yo deziyen apre. Mezi sa yo kapab se reparasyon, restorasyon, oswa konstriksyon lojman; acha ak plasman inite lojman tanporè mobil (transportable temporary housing units, TTHUs) sou fòm karavàn oswa inite lojman yo fabrike; reparasyon estrikti kòm mezi pwoteksyon minimòm; ak enstalasyon pèmanan TTHUs nan kad yon lavant oswa nan kad yon operasyon pou debarase oswa fè don lojman tanporè.
2. Aksyon Federal Nan Oswa Ki Afekte Plèn Inondab Ak Marekaj
FEMA kapab ofri sèten kategori espesifik lojman tanporè nan espas ki prive, komèsyal oswa gwoup yo. Anvan li ofri lojman tanporè, FEMA dwe evalye si mezi lojman tanporè an ap gen enpak sou plèn inondab oswa marekaj a 1 pousan chak ane yo gras ak pwosesis ki dekri nan 44 Code of Federal Regulations (CFR) 9. 7(c), detèminasyon kote yo pwopoze mezi an, detèminasyon zòn inondab lan. Yo pa dwe loje yon moun oswa yon fanmi nan zòn inondab oswa marekaj a 1 pousan chans chak ane yo amwenske yo detèmine espas la se sèl oopsyon nou genyen ki posib.
Pou pi byen desèvi sivivan inondasyon ki asosye ak Siklòn Helene epi ak Siklòn Milton yo, FEMA gen entansyon enstale TTHU nan Zòn Espesyal Danje Inondasyon ki nan Konte Citrus, Columbia, Dixie, Hamilton, Hernando, Lafayette, Levy, Madison, Okeechobee, Pasco, Pinellas, Suwannee, ak Taylor yo si pa gen okenn lòt opsyon ki posib andeyò zòn inondab ki sou kat yo ki disponib. Nenpòt reta nan bay sivivan yo yon lojman ki sekiritè, san danje epi ki sen nan premye opòtinite an ap lakòz moun sa yo pase moman difisil ki pa nesesè. Plasman TTHU yo pral pèmèt rezidan ki elijib nan trèz (13) konte sa yo pou yo deplase soti nan pwogram abri tranzisyon FEMA yo ale viv nan yon solisyon lojman tanporè alontèm pandan gen travay k ap fèt pou lojman prensipal yo repare epi vin abitab ankò. FEMA te detèmine pi bon mezi yo ka pran se plase TTHU yo sou pwopriyete mèt kay la kote sa posib yo.
Mezi sa a pral asire pwopriyetè kay la ap kapab pwoteje kay li pandan li rete vid; li ap kapab fè reparasyon nan kay ki domaje a san sa pa twò deranje l; li ap kapab rete nan kominote li pou l jwenn soutyen sosyal ak ekonomik; epi li ap kapab kontinye ak menm abitid chak jou yo san twòp entèripsyon ak difikilte.
Lè sa pa posib pou fè plasman yon THU sou pwopriyete yon pwopriyetè kay, yo ka plase yon TTHU sou yon espas gwoup komèsyal, ki li menm kapab sitiye l tou nan zòn inondab ki sou kat yo. Tout enstalasyon TTHU yo pral satisfè espesifikasyon manifakti yo epi yo pral konfòme yo ak egzijans zòn inondab lokal yo, ansanm ak tout lòt lwa, règleman, ak lòd Egzekitif federal, eta, lokal oswa tribi ki aplikab yo.
- FEMA konsidere faktè enpòtan sa yo nan detèminasyon sa li pran an:
- Lòt resous lojman tanporè ki disponib andeyò zòn inondab yo
- Toupre lekòl, espas kilt ak espas lavi chak jou (makèt, entèraksyon sosyal, elatriye)
- Sekirite pwopriyete ki domaje (ki parèt abandone epi ki fasil pou moun vin fè dechoukaj ladan yo)
- Tan rezonab pou deplasman ak distans rezonab pou ale nan travay/lekòl/espas adorasyon/entèraksyon sosyal
- Preferans sivivan an lè yo prezante li opsyon lojman tanporè ki genyen yo ansanm ak plasman prefere sivivan an pou THU a nan mezi sa posib.
- FEMA te itilize kritè sa yo pou idantifye lòt opsyon ki posib pou mete TTHU an nan zòn inondab lan dapre 44 C.F.R. § 9.13:
- Dispozisyon rapid pou lojman tanporè
- Risk potansyèl inondasyon pou moun ki rete nan lojman tanporè yo
- Rantabilite ekonomik
- Modèl sosyal ak vwazinaj
- Disponibilite lòt resous lojman nan tan ki prevwa a
- Potansyèl danje pou zòn inondab ak marekaj yo
- FEMA te konsidere opsyon lojman tanporè sa yo lè l te pran desizyon sa a:
- Opsyon lojman tranzisyon (otèl)
- Aranjman pou lwaye
- Rete avèk zanmi oswa fanmi pandan reparasyon yo ap fèt.
- Lòt resous lojman tanporè ki disponib andeyò zòn inondab yo
- Plasman TTHU yo pral fèt nan konfòmite ak dispozisyon sa yo:
- Enstalasyon yo tanporè epi yo fèt nan objektif pou bay sivivan katastwòf yo lojman tanporè pou ijans.
- Kontraktè FEMA yo pral kreye enstalasyon an dapre espesifikasyon manifakti yo epi yo pral konfòme yo ak estanda NFIP yo pou jesyon zòn inondab oswa nenpòt ki règleman sou zòn inondab federal, eta, lokal oswa tribi ki gen plis restriksyon.
- Anvan yo bay pèmi okipasyon yo, enspektè kòd konstriksyon pou jiridiksyon sa a pral enspekte enstalasyon an.
- Y ap itilize egzijans wotè ki genyen nan jiridiksyon an kote y ap enstale TTHU a. Nan ka kote pi bon enfòmasyon ki disponib yo endike li pi pridan pou itilize nivo wotè ki pi wo (ki ale pi lwen pase egzijans wotè ki obligatwa lokalman yo), se done sa yo yo pral itilize.
- Nenpòt enpak sou zòn inondab yo pral tanporè epi y ap minimize nan limit ki posib la.
Dekrè Egzekitif 14030 la, Risk Finansye ki Gen rapò ak Klima (20 me 2021), te retabli Dekrè Egzekitif 13690 lan, Etabli yon Estanda Federal pou Jesyon Risk Inondasyon (Federal Flood Risk Management Standard, FFRMS) ak yon Pwosesis Mande ak Konsidere Plis Kòmantè bò kote Patisipan yo (30 janvye 2015), ki te etabli FFRMS la. An konsekans, FEMA pral idantifye estanda konsepsyon ki aplikab pou tip pwojè ki entegre Apwòch Syantifik Enfòme sou Klima FFRMS la (Climate Informed Science Approach, CISA) pou mezi ki baze sou zòn ki pa sou wotè ki nan rejyon litoral Gòlf la ak Atlantik la; Apwòch Valè Freeboard la (Freeboard Value Approach, FVA) pou zòn kotyè ak rivyè yo epi Apwòch Inondasyon a 0.2 Pousan Chans chak Ane a (0.2-Percent-Annual-Chance Flood Approach, 0.2PFA) pou zòn rivyè ki anndan kontinan yo daprè Règ FEMA 206-24-005 la, ki efikas pou katastwòf ki deklare federalman yo apati dat 9 septanm 2024 la oswa apre.
FFRMS pa aplike pou plasman nan inite lojman tanporè poutèt nati akoutèm plasman yo ofri yo. FFRMS aplike pou inite sa yo lè inite a fin enstale nèt oswa lè li vin yon inite pèmanan apre enstalasyon pandan aplikasyon IHP an. FEMA pral tabli zòn inondab FFRMS yo ansanm ak wotè inondasyon ki asosye yo gras avèk pwosesis ki espesifye nan 44 CFR 9.7(c) ak Règleman FEMA 206-24-005 (FFRMS).
Ill. Plis Enfòmasyon oswa Kòmantè
Lwa Reyabilitasyon 1973 la pwoteje dwa sivil moun ki andikape. Li entèdi diskriminasyon ki baze sou andikap gouvènman federal la, kontraktè federal yo, oswa benefisyè asistans finansye federal yo ta kapab fè youn sou lòt. Nenpòt benefisyè oswa sou-benefisyè lajan federal oblije fè pwogram yo aksesib a moun ki gen andikap. Pwoteksyon li yo aplike nan tout pwogram ak biznis ki resevwa nenpòt lajan federal. Sa a aplike pou tout eleman nan aksè fizik / achitekti, pwogramasyon ak kominikasyon nan tout sèvis ak aktivite ki fèt pa FEMA oswa li finanse. FEMA gen entansyon konfòme li avèk Lwa Reyabilitasyon an nan tout pwogram ki swa fèt ak swa jwenn bourad asistans federal nan konfòmite ak prensip enklizyon kominotè global ak aksè inivèsèl la.
Dekrè Egzekitif 13985 ak 14008 yo adrese bezwen ki genyen pou reyalize jistis anviwònmantal ak ekite atravè gouvènman federal la. Nouvo Dekrè Egzekitif sa yo te siyen plis pase 20 lane apre Dekrè Egzekitif 12898 epi yo endike direktiv administrasyon an bay ajans federal yo pou yo renouvle enèji, efò, resous ak atansyon yo sou jistis anviwònmantal. FEMA respekte Dekrè Egzekitif 12898 la pandan l ap revize yon pwojè yo pwopoze pou idantifye prezans popilasyon ki gen ti revni ak/oswa popilasyon minoritè ki ta kapab sibi enpak pwojè a. Apre sa a, FEMA ap analize si popilasyon/kominote sa yo ta sibi nenpòt efè ki wo nan yon fason ki pa pwopòsyonèl ak negatif sou sante moun oswa anviwònman an nan aplikasyon pwojè a.
Sa a kapab se sèl avi piblik konsènan mezi ki dekri pi wo a kote FEMA kapab bay asistans finansyè nan kad Pwogram Asistans Endividyèl la. Moun ki enterese ka jwenn enfòmasyon sou aksyon sa yo oswa yon pwojè espesifik yo ka ekri Ajans Federal Jesyon Ijans (Federal Emergency Management Agency) Region IV- 3005 Chamblee Tucker Rd, Atlanta, GA 30341-4112 oswa pa imèl nan FEMA-R4EHP@fema.dhs.gov. Tanpri mete sa nan sijè imèl la, "DR 4828-FL/DR 4834-FL EHAD". Yo ta dwe voye kòmantè yo alekri nan adrès ki anwo a nan espas 30 jou apre dat avi sa a.