Fason pou Adrese Nesesite pou PPE Andeyò Kad Swen Sante

Release Date:
Avril 22, 2020

Direktiv sa a rezime fason òganizasyon yo dwe konsidere epi jere ekipman pwoteksyon pèsonèl (PPE) yo bezwen etan y ap asire pwoteksyon travayè yo pandan peryòd entèvansyon kont pandemi coronavirus (COVID-19) la.

Objektif

Estrateji Nasyonal pou Adrese Rate nan Ekipman Pwoteksyon Pèsonèl (PPE) akoz COVID-19 la ap chèche asire pwoteksyon kont COVID-19 pou travayè swen sante yo, premye entèvenan yo, ak pasyan yo nan enplemantasyon twa pilye byen pratik: diminye, reyitilize, ak transfòme. Endistri ki itilize menm kalite PPE (pa egzanp, respiratè N95 yo) nan fonksyònman nòmal yo pral gen difikilte pou jwenn PPE pandan yo bay travayè swen sante yo ak premye entèvenan yo priyorite sou rezèv ki disponib yo. Endistri ki gen travayè esansyèl nan enfrastrikti enpòtan yo ki bezwen PPE pou yo fè travay yo dwe kontinye travay avèk founisè yo pou yo jwenn PPE yo bezwen yo, men yo dwe prevwa pral kontinye gen rate. Tout endistri yo dwe enplemante estrateji tousuit pou prezève materyèl PPE yo genyen yo epi yo dwe jwenn metòd travay altènatif pou adrese mank ki genyen yo.

Estrateji Prezèvasyon Andeyò Kad Swen Sante

Yon konpozan enpòtan nan enplemantasyon estrateji prezèvasyon PPE yo se detèmine nivo PPE ki apwopriye pou itilize a. Endistri ki pa nan domèn swen sante yo dwe konsidere ak anpil atansyon si gen nesesite legal oswa règlemantè pou PPE nan fonksyònman woutin yo, oswa si li nesesè pou rive diminye kontak anplwaye yo ak COVID-19.

Si PPE yo nesesè dapre lalwa oswa dapre règleman yo pou fonksyònman woutin travayè esansyèl nan enfrastrikti enpòtan yo:

  • Pwolonje tan itilizasyon PPE ki pa domaje, ki pa gen salte ki vizib, epi enplemante politik ak pwosedi reyitilizasyon pou pwolonje PPE nan etablisman yo.
  • Adapte epi enplemante estrateji Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC) genyen pou swen sante pou maksimize rezèv PPE ak ekipman yo, ak meyè pratik pou mentni rezèv PPE yo.
  • Enplemante estrateji dekontaminasyon ak reyitilizasyon pou respiratè ak mask filtrasyon yo kòm mezi dijans ak mezi kapasite nan peryòd kriz.
  • Konprann ak suiv kondisyon pou PPE yo ak tan yo dire yo. Itilize kalkilatè CDC pou detèmine tan PPE yo dire si ou pa genyen yon fason pou w fè sa kounye a.
  • Itilize lòt tip oswa lòt sous PPE pou ranfòse operasyon ki nesesè yo. Itilize pwoteksyon respiratwa ki apwouve nan Enstiti Nasyonal pou Sekirite ak Sante nan Travay (National Institute for Occupational Safety and Health, NIOSH) ke Administrasyon Aliman ak Medikaman (Food and Drug Administration, FDA) pa t apwouve anvansa. Suiv sitwèb FDA ak Administrasyon Sekirite ak Sante nan Travay (OSHA) yo pou mizajou ak anons sou relach nan egzekisyon ak nanOtorizasyon Itilizasyon Dijans yo.
  • Konsilte direktiv NIOSH CDC a yo sou estrateji pou konsève, pwolonje ak fè fas a rate nan rezèv respiratè ak mask filtrasyon (FFR) ki sèvi nan sit travay ki pa nan domèn swen sante, tankou fabrikasyon ak konstriksyon.

Si PPE yo pa nesesè dapre lalwa oswa dapre règleman yo kòm pati nan fonksyònman woutin travayè esansyèl nan enfrastrikti enpòtan yo:

  • Enplemante mezi pou diminye kontak, tankou kontwòl ak baryè (pa egzanp, baryè ki fèt ak Plexiglass, sistèm vantilasyon amelyore) ak pratik travay san danje, tankou modifye fason biznis yo fonksyone pou ogmante espas fizik ant anplwaye yo. Konsilte Direktiv Pwovizwa CDC pou Biznis ak Anplwayè yo Planifye epi Reyaji Parapò ak COVID-19 (Interim Guidance for Businesses and Employers to Plan and Respond to COVID-19) pou jwenn plis enfòmasyon sou fason pou diminye risk pou kontak nan travay anjeneral.
  • Pa eseye jwenn PPE ki sèvi nan kad medikal oswa endistriyèl pou anplwaye sa yo. PPE sa yo ka pa disponib e yo nesesè pou lòt fonksyon enfrastrikti enpòtan ki gen pi gwo priyorite. Mask chirijikal oswa respiratè N95 yo se materyèl enpòtan ki fèt pou yo kontinye rezève pou travayè swen sante yo ak lòt premye entèvenan medikal, jan direktiv aktyèl CDC a rekòmande li.
  • Alaplas, suiv direktiv CDC a sou itilizasyon senp pwoteksyon an twal pou figi. CDC rekòmande moun mete pwoteksyon an twal pou figi nan milye piblik kote li difisil pou mentni lòt mezi distans sosyal yo (pa egzanp, sal kontwòl yo, sektè pwodiksyon yo), sitou nan zòn kote gen anpil transmisyon nan kominote a. 
  • Ka gen yon rate tou nan rezèv pwoteksyon an twal pou figi yo fabrike pou lavant komèsyal; demann nan ogmante tank ameriken ap suiv dènye rekòmandasyon gouvènman Etazini an pou moun itilize yo defason konplemantè a Direktiv Prezidan an Bay sou Coronavirus pou Peyi Lamerik, 30 jou pou Ralanti Pwopagasyon an. Si pwoteksyon an twal pou figi ke yo fabrike pou lavant komèsyal yo pa disponib, yo ka fabrike yo avèk materyèl yo itilize souvan a pri ki ba. Suiv direktiv CDC a yo sou kijan pou fabrike pwoteksyon an twal pou figi yo.

Tout endistri yo dwe suiv direktiv gouvènman Etazini yo pou ede travayè ki pi esansyèl yo retounen travay leplivit posib apre yon evantyèl kontak ak yon moun ki gen COVID-19, depi travayè sa yo pa gen okenn sentòm.

Jwenn PPE Pandan Gen Rate

Si menm apre w minimize bezwen pou PPE yo atravè estrateji yo dekri pi wo a yo, travayè esansyèl nan enfrastrikti enpòtan yo toujou bezwen PPE pou yo fè travay yo, òganizasyon yo dwe:

  • Kontinye travay avèk founisè sektè prive nòmal ak lòt tou pou jwenn PPE. Li ka nesesè pou idantifye plizyè opsyon founisè e pou priyorize yo selon bezwen akoutèm konpare ak bezwen alontèm.
  • Si founisè yo pa kapab reponn ak sa w bezwen yo, e PPE a nesesè annijans, se pou soumèt yon demann pou asistans nan ajans jesyon ijans leta oswa lokal ou yo. Si jesyon ijans lokal pa kapab adrese rate nan PPE a, yo kapab pase l bay eta a. Si eta a pa kapab adrese li, yo kapab soumèt yon demann pou sipò nan men Sant Kowòdinasyon Repons Rejyonal FEMA yo a.

Nenpòt demann nan ajans lokal, leta oswa federal pou lòt rezèv PPE annijans pou travayè esansyèl nan enfrastrikti enpòtan yo, dwe dekri kòmsadwa:

  • Tip, ak kantite byen presi (gen ladan yo demann rezèv pou 30, 60 ak 90 jou), ak anplasman kote yo bezwen PPE yo;
  • Estimasyon tan rate a pral afekte fonksyònman yo baze sou tan PPE yo dire; ak,
  • Konsekans rate a ak dire enpak li.

 

Kesyon Prensipal Anvan w Fè Demann yo

Èske w anboche travayè esansyèl nan enfrastrikti enpòtan?
Si repons lan se non, ou pa bezwen PPE kounye a. Travayè ki pa esansyèl yo dwe suiv òdonans chita lakay yo e yo dwe pratike distans sosyal, yo dwe itilize opsyon pou travay adistans, elatriye.

Èske w enplemante tout estrateji posib pou diminye itilizasyon PPE yo?
Si repons lan se non, konsilte CDC a ak lòt direktiv yo pou diminye oswa elimine nesesite pou PPE yo atravè solisyon teknik oswa modifikasyon nan pratik operasyonèl yo.

Si w bezwen PPE toujou, èske se lalwa oswa règleman ki egzije l?
Si se pa leka, itilize pwoteksyon an twal pou figi. Yo dwe rezève PPE yo pou travayè ki oblije mete yo pou yo ka fè travay esansyèl yo.

Èske w chèche egzonerasyon règlemantè oswa altènatif apwouve yo?
Si se pa leka, kontakte regilatè ki egzije itilizasyon PPE yo. Konsilte avi FDA, NIOSH ak OSHA pou Otorizasyon pou Itilizasyon Dijans (EUA) yo, relach sou règleman yo ak altènatif pou adrese nesesite pou PPE yo.

Èske yo konsidere PPE ki nesesè a kòm "ra oswa yon materyèl medikal ki arisk"*?
Si se pa leka, se pou w adrese bezwen sa a atravè mache founisè nòmal yo; FEMA enplike sèlman nan jesyon envantè PPE ki sèvi nan kad swen sante.

*Al gade “Memorandòm sou Alokasyon Sèten Resous Sante ak Medikal ki Ra oswa ki Arisk pou Izaj Domestik” PPE ki aplike pou politik sa a se: Respiratè N95 yo ak yon varyete lòt respiratè filtrasyon; respiratè pou pirifikasyon lè a; mask chirijikal; ak gan chirijikal.

Èske w byen defini nesesite a?
Si se pa leka, aplike direktiv ki pi wo a pou w byen dekri nesesite pou PPE a? Li nesesè pou ajans gouvènman yo pran detay sa yo an konsiderasyon.

Soumèt yon demann pou asistans.

Soumèt yon demann pou asistans nan ajans jesyon ijans leta oswa lokal ou a. Kontinye chèche PPE atravè mache founisè nòmal la etandone yo pa p ka reponn a tout demann pou asistans gouvènman yo.

Tags:
Dènye Mizajou