Kontwòl Rimè Louisiana (DR-4611)

Fè patisyon pa w pou sispann pwopagasyon rimè yo lè ou fè twa bagay fasil sa yo:

  1. Jwenn sous enfòmasyo ou fè konfyans.
  2. Pataje enfòmasyon ki soti nan sous ou fè konfyans.
  3. Dekouraje lòt moun pou yo pa pataje enfòmasyon ki soti nan sous ki pa verifye.

Nou pral pataje enfòmasyon sou rimè aktyèl yo oswa fwod ki gen rapò  Soulajman Siklòn Ida nan Louisiana sou paj sa a.

Jwenn plis enfòmasyon sou rimè kap kouri yo ak èskrokri nan men patnè nou yo:

Fwod

Pa fè okenn moun konfyans ki ofri èd finansye apresa ki mande lajan oswa enfòmasyon pèsonèl.

  • Anplwaye DHS, FEMA, HHS ak CDC pa janm chaje pou asistans katastwòf.
  • Travayè katastwòf federal ak lokal yo pa mande oswa aksepte lajan.
  • Pran prekosyon avèk vizit, apèl oswa imèl moun kap reklame yo de FEMA kap mande pou nimewo Sekirite Sosyal, kont labank oswa lòt enfòmasyon sansib. Lè ou bay kalite enfòmasyon sa kapab kondwi nan vòl idantite.

Rimè

Viktim katastwòf ki kite kay yo epi k ap chache yon kote pou yo abite kapab elij pou yo rete yon ti tan nan yon otèl FEMA peye nan kad pwogram Èd pou Ébèjman Tranzisyonèl (TSA) la. Viktim katastwòf pa kapab mande TSA, se FEMA menm kap idantifye moun ki elijib epi ki bezwen èd espesyal sa. FEMA ap kontakte moun ki elijib pou TSA yo nan plizyè mwayen tankou apèl,
tèks oswa imèl.

Lis otèl ki nan TSA yo ap pibliye sou DisasterAssistance.gov nan lyen Pwogram Èd pou Ébèjman Tranzitwa osinon ou ka jwenn li si ou rele liy sèvis FEMA a nan 1-800-621-3362.

Nimewo 211 lan mete moun kap rele yo an kontak avèk resous ki disponib 24 èdtan nan yon jounen, sèt (7) jou nan yon semèn… menm nan moman katastwòf lan. Rezo nasyonal lan ap kolabore avèk ajans leta yo ansanm ak otorite lokal yo pou bay dènye enfòmasyon nan moman sa nesesè.

Depatman ameriken pou ebèjman ak Devlopman Katye bay kèk konsèy sou dwa lokatè yo. Plis sipò kapab disponib si ou rele gratis èd jiridik la nan (800) 310-7029.

Non. Yo p ap ranbouse depans lojman ki te fèt pandan w abite lakay fanmi oswa zanmi w.

Pou yo kapab pran ou an konsiderasyon pou LER, aplikan ki kalifye yo dwe soumèt resi lojman ki ka verifye oswa relve detaye ak enfòmasyon sa yo: Non aplikan an oswa ko-aplikan an, enfòmasyon pou founisè lojman an (non, adrès ak nimewo telefòn), dat ou te antre nan lojman an ak kantite depans ki fèt yo.

Anplwaye k ap fè pwosesis la revize demann LER yo manyèlman. Nan pi gwo katastwòf, tankou Siklòn Ida, li ka pran youn jiska de (2) mwa apre w fin soumèt resi yo pou resevwa ranbousman.

FEMA ka anmezi pou bay ranbousman pou depans lojman ki soti nan pòch ou avantaj asirans pa kouvri tankou depans siplemantè chak jou oswa pèt itilizasyon yo. Yo dwe pran an konsiderasyon rezidans prensipal sivivan an t ap viv ladan an anvan katastwòf la, kounye a ki dwe envivab, pa aksesib oswa yon pàn sèvis piblik pwolonje akòz katastwòf la afekte li.

Moun ki aplike ka voye kopi fakti ebèjman yo anliy sou kont Disasterassistance.gov yo. Nimewo dosye ak DR-4611-LA a dwe parèt sou tout dokiman yo. Telechaje instriksyon sou kijan pou voye dokiman ou yo. Enfòmasyon sa disponib nan plizyè lang.

Viktim katastwòf kapab voye demand yo pa lapòs nan: P. O. Box 10055 Attn: FEMA Hyattsville, MD 20782-8055 

osinon Fax 1-800-827-8112 (Paj kouvèti obligatwa)

Non. Depans ki kalifye yo kapab depans pou yon chanm ak taks yon lotèl enpoze w oswa yon lòt founisè lòjman. Sa pa gen ladan depans pou manje, apèl telefòn, transpò oswa lòt depans divès.

Legalman, FEMA pa gen dwa bay menm avantaj asirans deja bay. Polis asirans kapab deja kouvri Depans Adisyonèl pou Sibsistans oswa Depans anplis pou Ebèjman, ki se yon kouvèti ki bay lajan anplis pou peye ogmantasyon depans chak jou, tankou peye ebèjman tanporè, paske ou toujou pa kapab al viv lakay ou aprè konpayi asirans fin peye domaj li kouvri yo.

FEMA kapab bay Ranbousman Depans Ebèjman (LER ann anglè) sèlman si yon moun ki aplike pat jwenn èd pou ebèjman nan men okenn lòt òganizasyon (egzanp òganization benevòl) pou menm pedryòd li mande LER la.

Dènye mizajou