Kontwòl Rimè Louisiana (DR-4611)

Fè patisyon pa w pou sispann pwopagasyon rimè yo lè ou fè twa bagay fasil sa yo:

  1. Jwenn sous enfòmasyo ou fè konfyans.
  2. Pataje enfòmasyon ki soti nan sous ou fè konfyans.
  3. Dekouraje lòt moun pou yo pa pataje enfòmasyon ki soti nan sous ki pa verifye.

Nou pral pataje enfòmasyon sou rimè aktyèl yo oswa fwod ki gen rapò  Soulajman Siklòn Ida nan Louisiana sou paj sa a.

Jwenn plis enfòmasyon sou rimè kap kouri yo ak èskrokri nan men patnè nou yo:

Fwod

Pa fè okenn moun konfyans ki ofri èd finansye apresa ki mande lajan oswa enfòmasyon pèsonèl.

  • Anplwaye DHS, FEMA, HHS ak CDC pa janm chaje pou asistans katastwòf.
  • Travayè katastwòf federal ak lokal yo pa mande oswa aksepte lajan.
  • Pran prekosyon avèk vizit, apèl oswa imèl moun kap reklame yo de FEMA kap mande pou nimewo Sekirite Sosyal, kont labank oswa lòt enfòmasyon sansib. Lè ou bay kalite enfòmasyon sa kapab kondwi nan vòl idantite.

Rimè

Non LER se ranbousman pou depans lojman ki soti nan pòch ou (lojman ak taks) avantaj asirans pa kouvri tankou depans siplemantè chak jou oswa pèt itilizasyon. Yo pa bay otèl la oswa sivivan yo èd dirèkteman men yo ranbouse sivivan an apre yo bay resi ki montre depans ki soti nan pòch li lè li te fèt 

TSA pèmèt sivivan ki kalifye yo rete tanporèman nan otèl oswa motèl patisipan yo lè lòt opsyon lojman yo pa disponib apre yon katastwòf prezidan an te deklare. Aplikan ki kalifye pou TSA yo pa resevwa depans ebèjman yo. FEMA peye sejou a dirèkteman bay founisè lojman patisipan an.

Yo deziyen 25 pawas Louisiana pou jwenn èd FEMA pou Siklòn Ida: Ascension, Assumption, East Baton Rouge, East Feliciana, Iberia, Iberville, Jefferson, Lafourche, Livingston, Orleans, Plaquemines, Pointe Coupee, St. Bernard, St. Charles, St. Helena, St. James, St. John the Baptist, St. Martin, St. Mary, St. Tammany, Tangipahoa, Terrebonne, Washington, West Baton Rouge ak West Feliciana. Aplike sou entènèt DisasterAssistance.gov oswa rele Liy Èd FEMA a nan 800-621-3362 (TTY: 800-462-7585) 24 sou 24, 7 jou sou 7. Si w ap itilize yon sèvis relè, tankou sèvis relè videyo (Video Relay Service, VRS), sèvis telefòn avèk soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo sèvis sa a.

Aplike sou entènèt DisasterAssistance.gov oswa rele Liy Èd FEMA a nan 800-621-3362 (TTY: 800-462-7585) 24 sou 24, 7 jou sou 7. Si w ap itilize yon sèvis relè, tankou sèvis relè videyo (Video Relay Service, VRS), sèvis telefòn avèk soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo sèvis sa a.

  • Si ou tounen lakay ou epi ou dekouvri gwo dega nan kay ou, kontakte FEMA pou bay plis detay sou dega yo.
  • Yon enspektè FEMA pral evalye dega kay la sibi yo.
  • Si ou pa kapb prezan nan kay pandan enspeksyon an, ou ka mandate pa ekri yon lòt moun pou rankontre ak enspektè a pou ou.

  • Ou kapab aplike oswa mete enfòmasyon ou yo ajou etan sou entènèt nan DisasterAssistance.gov, lè w rele 800-621-3362 (TTY: 800-462-7585) oswa atravè aplikasyon mobil FEMA a (FEMA mobile app).
  • Si w ap itilize yon sèvis relè, tankou sèvis relè videyo (Video Relay Service, VRS), sèvis telefòn avèk soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo sèvis sa a.

Si ou te relokalize oswa deplase ann ijans, epi ou pa konn si kay ou sibi gwo dega, eskplike FEMA nan ki sitiyasyon ak pi bon fason pou yo kontakte ou. Pou kontakte FEMA rele nan 800-621-3362 Si ou itilize yon sèvis ki releye videyo, oswa yon sèvis telefòn ak soutit, oswa lòt sèvis kominikasyon, silvouplè bay FEMA nimewo ki asosye ak sèvis sa.

Asistans Lojman Tanporè (Transitional Sheltering Assistance, TSA) se yon pwogram FEMA e se yon Eta ki dwe fè demann pou pwogram sa. Li pèmèt moun sinistre ki kalifye jwenn amenajman tanporè, akoutèm lè pa gen lòt opsyon lojman ki disponib apre yon katastwòf prezidan an deklare.

en plizyè fason pou aplike pou w ka jwenn èd nan kad katastwòf.

  • Anliy sou DisasterAssistance.gov
  • Itilize aplikasyon mobil FEMA a
  • Rele FEMA nan 800-621-3362 24 èdtan pa jou, sèt (7) jou pa semèn. Genyen operatè ki pale plizyè lang ki disponib. Si w ap itilize yon sèvis relè, tankou sèvis relè videyo (Video Relay Service, VRS), sèvis telefòn avèk soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo sèvis sa a.
  • Sant tanporè pou rekiperasyon nan kad katastwòf FEMA louvri nan plizyè pawas ki afekte nan siklòn lan. Techeke Aplikasyon FEMA oswa ale sou FEMA DRC Locator pou jwenn biwo ak èdtan fonksyonnman yo.

Reyalite:

Sa a se yon FWOD. Pa fè konfyans avèk mesaj tèks oswa imèl ki mande w pou enfòmasyon pèspmèl ak toujou verifye sous enfòmasyon an.

FEMA pap janm mande w enfòmasyon pèsonèl ou sou mesaj tèks oswa imèl.  Pou asire wap pataje enfòmasyon an ansekirite avèk FEMA, vizite DisasterAssistance.gov oswa rele nou nan 1-800-621-3362. Ou kapab jwenn lòt metòd ofisyèl pou kontakte nou sou DisasterAssistance.gov egalman.

Aprann kijan pou ede rapòte fwòd katastwòf .

Reyalite:

Byenke  diferan kondisyon abri ka varye, nòmalman montre prèv vaksinasyon pa toujou obligatwa. Men, Sant pou Kontwòl Maladi ak Prezantasyon ankouraje pou pran prekosyon  kèlkeswa estati vaksinasyon nenpòt moun kòm risk transmisyon nan anviwonman sa yo pi elve e li gen chans pou ogmante avèk kantite moun ki pa vaksinen prezantman. Rezidan abri ki vaksinen konplètman oswa ki pa vaksinen ta dwe toujou swiv tout règleman yo sa ki kapab gen ladan mete mask kòmsadwa, kenbe yon distans fizik, kouvri figi w pandan wap touse oswa etènye epi lave men w souvan.

Reyalite:

Sivivan yo ki gen domaj akoz tanpèt la nan konte yo ki anba yon deklarasyon katastwòf federal ka aplike pou asistans katastwòf. Asistans lojman disponib pou aplikan ki elijib yo.

FEMA ka bay Asistans Enpòtan pou Bezwen sivivan Siklòn Ida yo ki te anrejistre avèk FEMA pou asistans ak bezwen enpòtan ak imedyat.

Bezwen imedyat oswa enpòtan se atik pou sove ak pou soutni lavi enkli dlo, manje, premye swen, preskripsyon, lèt tibebe, kouchèt, materyèl medikal konsomab, ekipman medikal dirab, ijyèn pèsonèl ak gaz pou transpòtasyon.

CNA limite nan $500 pou chak fanmi ki elijib e fon yo se yon prim yonsèl fwa.  Rezidan ki nan pawas ki te resevwa deklarasyon katastwòf federal yo ka aplike pou asistans nan DisasterAssistance.gov, atravè aplikasyon FEMA oswa lè ou rele 800-621-3362.

FEMA bay èd lajan pou aplikan elijib ki pa gen asirans oswa asirans yo limite, men èd sa yo bay sèlman apre asirans moun deja peye relamasyon yo. Èd pou katastwòf la ka gen èd lajan pou ebèjman tanporè ak reparasyon kay, prè ak to enterè ki byen ba pou peye dega nan kay la ki pa t asire ansanm ak lò pwogram pou ede moun ak pwopriyetè bisnis rekanpe djanm apre dega katastwòf la fè sou yo. FEMA pa kapab bay menm avantaj asirans deja bay oswa peye franchiz asirans la pou ou.

Dènye Mizajou