Kontwòl Rimè Louisiana (DR-4611)

Fè patisyon pa w pou sispann pwopagasyon rimè yo lè ou fè twa bagay fasil sa yo:

  1. Jwenn sous enfòmasyo ou fè konfyans.
  2. Pataje enfòmasyon ki soti nan sous ou fè konfyans.
  3. Dekouraje lòt moun pou yo pa pataje enfòmasyon ki soti nan sous ki pa verifye.

Nou pral pataje enfòmasyon sou rimè aktyèl yo oswa fwod ki gen rapò  Soulajman Siklòn Ida nan Louisiana sou paj sa a.

Jwenn plis enfòmasyon sou rimè kap kouri yo ak èskrokri nan men patnè nou yo:

Fwod

Pa fè okenn moun konfyans ki ofri èd finansye apresa ki mande lajan oswa enfòmasyon pèsonèl.

  • Anplwaye DHS, FEMA, HHS ak CDC pa janm chaje pou asistans katastwòf.
  • Travayè katastwòf federal ak lokal yo pa mande oswa aksepte lajan.
  • Pran prekosyon avèk vizit, apèl oswa imèl moun kap reklame yo de FEMA kap mande pou nimewo Sekirite Sosyal, kont labank oswa lòt enfòmasyon sansib. Lè ou bay kalite enfòmasyon sa kapab kondwi nan vòl idantite.

Rimè

Reyalite:

Nimewo telefòn kòrèk la pou aplike pou asistans katastwòf se 1-800-621-3362. Pou w jwenn yon lis konplè nan fason pou kontakte FEMA osijè asistans katastwòf, vizite DisasterAssistance.gov.

Reyalite:

Gen yon rimè ki te pataje sou medya sosyal ak mesaj tèks ki di FEMA ap peye pou otèl pou moun ki te evakye akoz resan tanpèt. FEMA ap bay èd pou moun ak fanmi ki elijib yo nan zòn ki deziyen yo nan Louisiana te afekte pa siklòn Ida, men yo dwe aplike premyèman pou asistans nan DisasterAssistance.gov oswa lè ou rele 1-800-621-3362. Ou pa kapab mande asistans pou chanm otèl lè ou rele 1-800-621-3362.

Pwopriyetè kay ak lokatè yo ki te gen kay yo andomaje oswa detwi pa Siklòn Ida e ki abite nan yon pawaas ki deziyen kapab elijib pou asistans FEMA, enkli ranbousman depans otèl pou aplikan ki pa gen asirans ke kay yo te inabitab pandan peryòd ensidan an.  Kenbe kopi resi ou yo pou depoze avèk aplikasyon w lan. Aprann plis sou sa pou atann apre ou fin aplike pou asistans .

Sibvansyon an kapab lajan lwaye, oswa peye yon lòt kote pou rete pandan yon ti tan tou kout pandan reparasyon kay ou te lwe a ap fèt oswa jiskaske ou ka tounen al viv ladan l. Sibvansyon lwaye a kapab sèvi tankou garanti, lwaye, oswa lajan pou peye bagay esansyèl tankou gas ak dlo. Sibvansyon sa yo pa ka sèvi pou peye kab televizyon oswa bil entènèt.

Montan lajan yo bay pou asistans lwaye tanporè a sifi pou peye lwaye chak mwa, ak tout bòdwo nesesè yo. Sa pa gen ladan l kòb pou sèvis telefòn, kab televizyon, televizyon ni entènèt. Yo pa bay lajan apa pou peye bòdwo epi apa pou peye lwaye men yo mete tout kob sa yo ansanm.

TSA a se yon pwogram FEMA genyen ou yon seri de katastwòf. Li pèmèt pou ebèje tanporèman, pou yon tan ki pa long, nan yon otèl/motèl FEMA peye dirèkteman. Viktim katastwòf pa dwe aplike pou TSA. Se FEMA menm ki ap kontakte viktim ki elijib yo pou l di yo sa.

Èd la disponib pou viktim katastwòf ki elijib, tankou lokatè ki gen depans ki pa asire oswa asirans yo pa sifi, epi ki nan bezwen toutbonvre.

Lokatè kapab tou kalifye pou èd pou depans pou zafè pèsonèl ak lòt depans katastwòf la oblije yo fè. Sa ka vle di ranplase oswa repare zafè pèsonèl nesesè, tankou mèb, aparèy, rad, liv ak founiti lekòl; ranplase oswa repare zouti ak lòt ekipman pou travay; repare machin; fakti doktè/dantis.

Dènye Mizajou