Èske FEMA ka ède mwen jwenn yon kay pou yon ti tan pandan m ap chache yon kote pèmanan pou mwen viv?

Viktim katastwòf ki kite kay yo epi k ap chache yon kote pou yo abite kapab elij pou yo rete yon ti tan nan yon otèl FEMA peye nan kad pwogram Èd pou Ébèjman Tranzisyonèl (TSA) la. Viktim katastwòf pa kapab mande TSA, se FEMA menm kap idantifye moun ki elijib epi ki bezwen èd espesyal sa. FEMA ap kontakte moun ki elijib pou TSA yo nan plizyè mwayen tankou apèl,
tèks oswa imèl.

Lis otèl ki nan TSA yo ap pibliye sou DisasterAssistance.gov nan lyen Pwogram Èd pou Ébèjman Tranzitwa osinon ou ka jwenn li si ou rele liy sèvis FEMA a nan 1-800-621-3362.

Dènye Mizajou