Yon prè SBA Ka Se Pi Bon Etap Pou Reprann Aktivite Ou

Release Date Release Number
R4-DR-4399-FL NR 045
Release Date:
November 16, 2018

TALLAHASSEE, Fla. – Lè ou enskri pou èd akòz katastwòf the Administrasyon Ti Biznis Ameriken (U.S. Small Business Administration) ka kontakte ou pou ofri ou opòtinite pou aplike pou jwenn lajan prete pou repare oswa re-bati kay ou ki domaje a. Yon prè nan SBA ka se pi bon etap ou pou reprann aktivite ou lè reparasyon yo pa garanti avèk lòt sous tankou asirans.

 

Yon aplikasyon ou prezante ka fè ou kalifye tou pou resevwa lòt èd gouvènman federal. Ou pa gen obligasyon pou aksepte yon prè nan SBA, men sa yo se kèk avantaj posib ki endike anba la:

 

  • Si ou pa gen ase asirans pou reparasyon ki nesesè yo, yon prè SBA ka kouvri diferans lan.
    Si yon sivivan kalifye,  li ka prete jiska $200,000 pou repare oswa ranplase yon lojman prensipal pou mete lojman an nan eta li te ye anvan katastwòf la.

 

  • Kèk moun ki aplike ka kalifye pou mete ipotèk yo genyen deja nan yon prè SBA pou redui difikilte pou yo fè peman an.

 

  • Anplis lajan pou yon lojman prensipal ki domaje oswa detwi, yon prè ka ede pwopriyetè kay yo.
    Oswa lokatè yo repare oswa ranplase rad mèb, vwati ak aparèy menaje.

 

  • Si SBA pa apwouve yon prè, yo ka ba ou referans pou FEMA pou yon sibvansyon pou ranplase atik debaz kay la, pou ranplase oswa repare yon veyikil ki domaje, pou fè depans pou depo oswa pou satisfè lòt
    bezwen serye.

 

Si ou vle ranpli yon aplikasyon sou papye pou prete lajan, mande youn nan SBA. Ale sou sitwèb Disasterloan.sba.gov/ela
oswa rele nimewo 800-659-2955, (800-877-8339 TTY). Pou jwenn lòt enfòmasyon ale sou sitwèb DisasterAssistance.gov or call
800-621-3362 | 800-462-7585 (TTY) Si ou bezwen yon entèprèt langaj siy, tradiktè lang etranje, 
yon dokiman an Bray oswa gwo lèt oswa fichye elektwonik, epi si li pa disponib sou sitwèbResources-people-disabilities-access-functional-needs, rele nimewo 470-364-7252.

 

###

 

Misyon FEMA: Ede moun anvan, pandan epi apre katastwòf.

 

Pou yon lis resous ki disponib pou moun ak biznis ki afekte akòz Siklòn Michael, al gade nan www.floridadisaster.org/info

Pou plis enfòmasyon sou rekiperasyon apre Siklòn Michael, al gade nan www.fema.gov/disaster/4399.

 

Swiv FEMA ak Divizyon Jesyon Ijans Florida sou Twitter nan @FEMARegion4 epi @FLSERT. Ou ka vizite FEMA ak paj Facebook Divizyon an tou nan   Facebook.com/FEMA akFacebook.com/FloridaSERT.

 

 

Tags:
Dènye mizajou