Ou te Mande: Èske mwen kapab resevwa asistans FEMA si yo mete mwen deyò nan kay siklòn lan kraze an?

Release Date:
September 19, 2021

Lokatè Louisiana yo menase pou mete deyò oswa yo gentan mete deyò nan siklòn lan kraze a oswa nan apatman yo siklòn lan te kraze an, kit inite yo gen pwoblèm oswa pa gen pwoblèm, yo ka kalifye pou resevwa asistans FEMA pou katastwòf lan.

Kesyon: Mèt kay kote mwen ye an te di mwen dwe kite kay mwen lwe a, men mwen pa gen okenn kote pou mwen ale. Kisa mwen ta dwe fè?

Repons: Nimewo 211 lan mete moun kap rele yo an kontak avèk resous ki disponib 24 èdtan nan yon jounen, sèt (7) jou nan yon semèn... menm nan moman katastwòf lan. Rezo nasyonal lan ap kolabore avèk ajans leta yo ansanm ak otorite lokal yo pou bay dènye enfòmasyon nan moman sa nesesè.  

Kesyon: Yo fòse m kite kay mwen lwe a. Èske genyen nenpòt lòt bagay FEMA kapab fè pou li ede m?

Repons: Lokatè Louisana ki nan sitiyasyon pou yo degèpi oswa yo te degèpi akòz Siklòn Ida ka resevwa èd FEMA nan kad katastwòf lan.

FEMA asosye avèk Asosyasyon Avoka Eta Louisiana ak Divizyon Asosyasyon Jèn Avoka Bawo Ameriken an tou pou bay èd legal gratis pou oun ki gen revni fèb ak bezwen legal katastwòf, tankou èd pou abòde kesyon degèpisman. Rele liy èd legal lan ki gratis nan (800) 310-7029, oswa ou ka jwenn konsèy legal sou entènèt nanLouisiana Free Legal Answers.

Kesyon: Kisa k ap pase si mwen te deja aplike pou FEMA epi yo te deja mete m deyò?

Repons: Sivivan ki te deja aplike pou èd FEMA yo mete deyò akòz domaj ki genyen nan kay yo ta dwe rele FEMA nan 800-621-3362 oswa ale nan yon sant rekiperasyon tanporè nan kad katastwòf lan. Sivivan yo deplase yo kapab rele menm si yo te deja pa kalifye pou èd FEMA. Tcheke Aplikasyon FEMA a oswa ale nan FEMA DRC Locator pou jwenn biwo avèk èdtan fonksyonnman sant rekiperasyon tanporè nan ka ki gen katastwòf yo.

Kesyon: Kikote mwen ka aplike pou èd FEMA?

Repons: Gen plizyè fason pou aplike pou w ka jwenn èd nan kad katastwòf.

  • Anliy sou DisasterAssistance.gov
  • Itilize aplikasyon mobil FEMA a
  • Rele FEMA nan 800-621-3362 24 èdtan pa jou, sèt (7) jou pa semèn. Genyen operatè ki pale plizyè lang ki disponib. Si w ap itilize yon sèvis relè, tankou sèvis relè videyo (Video Relay Service, VRS), sèvis telefòn avèk soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo sèvis sa a.
  • Sant tanporè pou rekiperasyon nan kad katastwòf FEMA louvri nan plizyè pawas ki afekte nan siklòn lan. Techeke Aplikasyon FEMA oswa ale sou FEMA DRC Locator pou jwenn biwo ak èdtan fonksyonnman yo.

Kesyon: Èske FEMA ka ède mwen jwenn yon kay pou yon ti tan pandan m ap chache yon kote pèmanan pou mwen viv?

Repons: Lokatè yo deplase ki bezwen yon kote ki an sekirite pou yo rete pandan y ap chèche lojman alontèm yo ka kalifye

pou yon sejou nan otèl FEMA peye anba pwogram Transitional Sheltering Assistance (TSA) li yo. Aplikan yo pa kapab mande TSA, men FEMA pral idantifye moun sinistre ki kapab kalifye epi genyen bezwen yon asistans espesifik. FEMA pral kominike kalifikasyon pou TSA a atravè plizyè mwayen tankou telefòn, tèks ak imèl.

Lis otèl ki patisipe yo pral afiche nan DisasterAssistance.gov,  nan lyen Transitional Sheltering Assistance Program oswa ou kapab jwenn li pandan w ap rele nan liy asistans FEMA a.

Kesyon: Ki lòt kalite èd ki disponib pou sivivan yo deplase yo?

Repons: Lokatè yo kapab elijib pou resevwa sibvansyon FEMA pou ede nan depans ki gen rapò avèk katastwòf lan, tankou:

  • Lwe yon kay nan moman ansyen kay kote lokatè a te ye a pa an sekirite pou li viv akòz katastwòf lan oswa apatman yo oswa kay la an reparasyon
  • Depans medikal ak sèvis dantè ki genyen rapò avèk katastwòf yo
  • Èd pou Gadri
  • Demenajman ak frè depo
  • Ranplasman oswa reparasyon byen pèsonèl ki pèdi oswa andomaje nan katastwòf la, tankou aparèy ak mèb, liv lekòl ak òdinatè elèv yo itilize, ak ekipman travay oswa zouti kontraktè endepandan yo itilize
  • Reparasyon oswa ranplasman machin ki te kraze nan katastwòf la
  • Depans pou antèman ak antèman ki genyen rapò avèk katastwòf lan

Kesyon: Èske mwen dwe remèt FEMA lajan sa a?

Repons: Sibvansyon yo pa yon prè epi ou pa bezwen remèt yo. Yo pa yon revni ou ka pran taks sou li epi yo p ap aji sou kalifikasyon pou Sekirite Sosyal, Medicaid, asistans byennèt, Pwogram Asistans Nitrisyon Siplemantè (Supplemental Nutrition Assistance Program SNAP).

Kesyon: Mwen te resevwa èd pou mwen lwe nan men Depatman Lojman ak Devlopman Iben (Housing and Urban Development, HUD) epi yo te deplase mwen akòz Siklòn Ida. Èske mwen kalifye pou èd katastwòf FEMA a?

Repons: FEMA pa kapab kopye sou èd ou resevwa nan men yon lòt ajans. Sepandan, si yo te fòse w kite kay HUD te ede w peye a akòz domaj Siklòn Ida, ou ka kalifye pou resevwa èd nan men FEMA. Sa genyen ladan li fanmi yo deplase oswa rezidan:

  • K ap viv nan lojman piblik HUD bay èd yo
  • K ap viv nan yon apatman prive k ap resevwa èd pou lwe nan men HUD
  • K ap viv nan yon kay prive ki gen yon Koupon Chwa Lojman Seksyon 8 Administrasyon lojman bay

Kesyon: Ki kalite èd ki disponib pou lokatè HUD ede yo?

Repons: Si ou te resevwa èd pou lwe nan men HUD, ou kapab kalifye pou resevwa èd lokasyon tanporè pou peye yon kote pou rete jiskaske:

  • Ou deplase ale nan lojman piblik;
  • Ou retounen nan kay prive HUD ede w peye a;
  • Ou siyen yon kontra lwaye ak yon pwopriyete kay prive avèk Koupon Seksyon 8.

Èd lan genyen ladan li sibvansyon pou ranplase sa ki enpòtan yo tou, tankou rad ak atik enpòtan yo ki gen nan kay la, epi ranbouse ou pou gwo depans ki gen rapò ak katastwòf asirans lan pa kouvri. FEMA pa kapab kopye sou èd ou resevwa nan men yon lòt ajans.

Kesyon: Ki kote mwen ka jwenn enfòmasyon sou dwa lokatè a ak konsèy ki gen rapò ak degèpisman an?

Repons: Vil New Orleans afiche dwa yon lokatè yo anliy ansanm ak konsèy FAQ ki bay enfòmasyon jeneral pou lokatè Louisiana yo. Lòt èd ki ka disponib lè w rele nan liy telefòn pou resevwa èd legal gratis nan (800) 310-7029, oswa ou ka jwenn konsèy legal anliy nan Louisiana Free Legal Answers.    

 

Pou jwenn dènye enfòmasyon yo, ale sou fema.gov/disaster/4611. Swiv kont Twitter FEMA Rejyon 6 la twitter.com/FEMARegion6 oswa sou Facebook nan facebook.com/FEMARegion6/.

Tags:
Dènye mizajou