Sivivan nan kad Siklòn Ida an

Release Date:
November 9, 2021

Men yon lis asistans ak sèvis ki disponib nan FEMA, eta New York la al lòt asosye FEMA yo pou ede sivivan New York yo nan rekiperasyon yo aprè Siklòn Ida an.

Asistans FEMA

  • Dat limit pou w aplike pou asistans katastwòf FEMA a se Lendi 6 Desanm. Ou kapab aplike anliy sou DisasterAssistance.gov, itilize aplikasyon mobil FEMA an oswa rele nan Liy Asistans FEMA an nan 800-621-3362. Si w ap itilize sèvis relè videyo (video relay service, VRS), sèvis telefòn ak soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo sèvis sa a. Liy yo ouvè sòti 8 a.m. jiska 7 p.m. chak jou Peze 2 pou Panyòl. Peze 3 pou jwenn yon entèprèt ki pale lang ou an.
  • SONJE: Sivivan yo pa bezwen aplike separe pou pwogram FEMA ki apfiche pi ba yo. Kalifikasyon pou pwogram sa yo pral detèmine pandan pwosesis aplikasyon an oswa nan moman enspeksyon lojman an fin fèt.
  • Clean and Sanitize (Netwaye ak Dezenfekte). Si FEMA detèmine gen yon kote ki kraze nan moman tanpèt la, men dega sa pa t gen enpak sou kapasite kay la genyen pou moun viv nan kay la, yon sivivan kapab kalifye pou jwenn yon rekonpans inik ki egal ak $300 pou pèman ki fèt nan kad pwogram Clean and Sanitize (Netwaye ak Dezenfekte) la. Asistans sa se pou pwopriyetè kay ak lokatè ki kalifye yo epi li fèt nan entansyon pou abòde ti dega nan kay yo ki se rezilta katastwòf la pou evite pèt adisyonèl ak pwoblèm sante ak sekirite ki kapab genyen yo.
  • Asistans Finansyè pou Lojman. FEMA bay finansman ki peye dirèkteman bay moun ak fwaye ki kalifye yo. Asistans Finansyè pou Lojman an kapab genyen ladan li asistans pou lwaye, ranbousman frè lojman yo, asistans pou reparasyon kay, ak asistans pou ranplasman. Yo eksplike tout bagay yo konsa:
    • Asistans pou Lwaye an kapab itilize pou lwe yon lojman ranplasman, pou repare yon rezidans prensipal ki te sibi dega nan moman tanpèt la, oswa ede ranplase yon rezidans prensipal ki te kraze.
    • Ranbousman Frè Lojman an se ranbousman pou frè otèl, motèl ak lòt frè lojman akoutèm yo ki te fèt poutèt ou te vin deplase kite rezidans prensipal ou an ki te sibi dega nan moman tanpèt la.
    • Asistans pou Reparasyon Kay la ede pwopriyetè kay yo ann reparasyon rezidans prensipal yo ki te sibi dega nan moman Ida te pase an, sèvis ki ap distribiye nan rezidans prensipal la, ak enfrastrikti rezidansyèl ki mennen nan pwopriyete an.
    • Asistans pou Ranplasman yo ede pwopriyetè kay yo ranplase rezidans prensipal yo ki te kraze nan moman tanpèt la.
  • Asistans pou Lòt Bezwen. FEMA kapab bay asistans finansyè pou lòt depans ki fèt nan kad katastwòf yo ak bezwen ki pi enpòtan yo. Asistans sa kapab gen ladan li finansman pou ranplase pwopriyete pèsonèl, frè demenajman ak depo, asistans pou transpò, frè pou lanmò, medikal, dantè, swen timoun yo ak diferan bagay ki genpou wè ak katastwòf yo.

Lòt Pwogram Federal ki Disponib

  • SONJE:  Sivivan yo dwe aplike separe pou pwogram federal ki apfiche pi ba yo.
  • Pwogram Asirans Nasyonal Kont Inondayson FEMA an se yon pwogram federal ki pèmèt pwopriyetè byen ki nan kominote k ap patisipe yo achte asirans nan kad inondasyon pou pwoteje yo kont pèt yo kapab genyen nan inondasyon yo pandan y ap egzije gouvènman lokal ak eta yo aplike òdonans jesyon plèn ki inondab yo nan objektif pou redui dega inondasyon konn fè yo. Pou jwenn plis enfòmasyon sou Pwogram Asirans Nasyonal Kont Inondasyon (National Flood Insurance Program) la, ale sou fema.gov/flood-insurance oswa rele nan 877-336-2627.
  • Prè nan kad katastwòf Administrasyon Ti Antrepriz Ameriken yo se pi gwo sous fon rekiperasyon federal nan kad katastwòf pou sivivan yo. Antrepriz, pwopriyetè kay, lokatè ak kèk òganizasyon san pwofi ki te sibi enpak Siklòn Ida yo kapab aplike anliy pou prè nan kad katastwòf ki gen enterè ki ba atravè sit entènèt sekirize SBA an nan https://disasterloanassistance.sba.gov/ela/s/. Kandida yo kapab rele Sant Sèvis Kliyan SBA an nan 800-659-2955 oswa ekri yon mesaj imèl nan DisasterCustomerService@sba.gov pou plis enfòmasyon. Moun ki soud oswa genyen difikilte pou tande yo kapab rele nan 800-877-8339.
  • Si ou panse ou menm oswa yon moun ou konnen viktim yon magouy (fwod) oswa te viktim vòl idantite, siyale sa tousuit bay lapolis lokal ou a oswa depatman cherif la. Sivivan yo kapab kontakte Divizyon Envestigasyon ak Enspeksyon Fwod FEMA an nan 866-223-0814 oswa voye yon imèl bay StopFEMAFraud@fema.dhs.gov.
  • Pou resous adisyonèl anliy tankou depliyan FEMA ou kapab telechaje, ale sou www.disasterassistance.gov epi klike sou "Enfòmasyon.”

Pwogram yo disponib Nan tout Eta New York la

  • Asistans nan kad Katastwòf pou Chomaj la ofri avantaj tanporè bay moun ki te pèdi travay yo oswa ki pa ka travay poukont yo ankò poutèt pasaj Siklòn Ida an. Pou yo kapab asepte li nan asistans nan kad katastwòf pou chomaj la, moun lan pa dwe kalifye pou avantaj chomaj ki regilye yo. Pou w jwenn plis enfòmasyon, al gade nan fich enfòmasyon DepatmanTravay Eta an p845-dua-factsheet-10-20-21.pdf.  Pou aplike pou Asistans nan Kad Katastwòf pou Chomaj la, rezidan New York yo kapab rele nan 866-642-7227. Dat limit pou aplike a se Jedi 18 Novanm.
  • Fon Sekou nan kad Siklòn Ida an pou Abitan New York ki Ekskli yo: Gouvènè New York la Kathy Hochul aj Majistra Vil New York la Bill de Blasio te mete yon fon sou pye ki egal ak $27 milyon pou moun ki pa gen papye ki pa t kalifye pou Asistans Endividyèl FEMA an atravè Biwo pou Nouvo Ameriken ki nan Eta New York la. Dat limit pou aplike pou fon sa yo se Lendi 6 Desanm. Pou moun ki kalifye ki gen bezwen asistans yo, oswa pou jwenn enfòmasyon konsènan finansman sa a, rele nan Liy Dirèk New Americans (Nouvo Ameriken) an nan 800-566-7636, sòti 9 a.m. rive 8 p.m. Lendi rive Vandredi. Tout apèl yo ap konfidansyèl. Liy Asistans lan disponib nan plis pase 200 lang. Pou plis enfòmasyon, ale nan https://dos.ny.gov/office-new-americans oswa suiv Biwo pou Nouvo Ameriken yo (Office for New Americans) sou Twitter @NYSNewAmericans oswa sou Facebook nan facebook.com/NYSNewAmericans.
  • Pwogram Èd pou Lwaye Annijans (Emergency Rental Assistance Program, ERAP) ap founi yon asistans ekonomik pou ede fwaye (fanmi) a revni ki ba oswa modere ki gen ris pou vin pa gen kay oswa vin gen enstabilite lojman yo. Li ofri asistans finasyè pou pèman lwaye ki aryere yo, pèman lwaye tanporè yo ak pèman sèvis ki aryere yo. Pwogram lan disponib nan tout eta an sof nan Yonkers, Hempstead, Islip ak Oyster Bay, vil ki gen pwogram asistans lwaye annijans pa yo. Pou plis enfòmasyon konsènan pwogram lan oswa pou aplike pou asistans, ale sou https://otda.ny.gov/programs/emergency-rental-assistance/. Sivivan yo kapab rele nan 844-691-7368, Lendi jiska Samdi, 8:00 a.m rive 7:00 p.m.
  • Sèvis Jiridik nan kad Katastwòf yo ofri konsèy jiridik konfidansyèl bay moun ki gen revni ki ba yo ki pa kapab jwenn sèvis jiridik pou reponn ak bezwen nan kad katastwòf yo genyen ki pa jwenn asistans yo. Moun ki abite nan konte Bronx, Dutchess, Kings, Nassau, Queens, Richmond, Rockland, Suffolk ak Westchester kapab rele nan 888-399-5459 oswa ranpli yon fòm nan https://nysba.org/ida pou resevwa asistans jiridik

Lòt Resous

  • Eta New York 211: Pou referans nan ajans ki sipòte bezwen espesifik nan kominote an, rele 211 oswa ale sou 211nys.org/contact-us. Sant kontak sa aby enfòmasyon gratis epi konfidansyèl sou sèvis sante ak sèvis imen. Espesyalis plizyè lang yo kapab idantifye bezwen pou sèvis yo epi konekte sivivan yo ak antèn lokal nan òganizasyon san pwofi yo.
  • New York City 311: Apèl sa ale jwenn sant apèl liy asistans lokal yo ki genyen konseye pou rekiperasyon aprè katastwòf ladan yo. Konseye an kapab aby enfòmasyon sou aksè ak resous lokal yo tankou lojman, manje ak swen sante. Rele 311 oswa ale sou https://portal.311.nyc.gov/.
  • Sivivan Siklòn Ida yo ki gen difikilte ak pwoblèm sante mantal yo kapab rele Liy Asistans Detrès aprè Katastwòf yo nan 800-985-5990. Liy asistans lan ap fonksyone anba kontwòl Administrasyon Sèvis Itilizasyon Dwòg ak Sante Mantal la epi li ofri sèvis konsèy ak oryantasyon. Li disponib 24 sou 24, 365 jou nan ane a.  Pou plis enfòmasyon, ale sou https://www.samhsa.gov/find-help/disaster-distress-helpline.

Pou jwenn enfòmasyon ofisyèl sou efò pou rekiperasyon nan New York lan, ale sou fema.gov/disaster/4615. Swiv FEMA sou Twitter nan twitter.com/FEMARegion2 epi sou Facebook nan www.facebook.com/fema

Tags:
Dènye mizajou