Premye desizyon FEMA ka pa desizyon final la. Sivivan yo gen dwa konteste nenpòt desizyon FEMA oswa kantite lajan pou prim.
Kòman pou mwen konteste?
Ou ka konteste nenpòt desizyon FEMA oswa kantite lajan pou prim lè w voye dokiman ki montre ou kalifye epi ou bezwen plis èd, tankou estimasyon pou reparasyon, resi, bòdwo, elatriye. Chak lèt desizyon ou resevwa nan men FEMA eksplike rezon ki fè ou pa elijib ak ki kalite dokiman ki ka ede w konteste desizyon FEMA oswa kantite lajan an bay pou kalite asistans sa a.
Dokiman sipò yo ka enkli:
- Resi yo;
- Bòdwo;
- Estimasyon reparasyon;
- Tit pwopriyete oswa papye kay; oswa
- Nenpòt lòt enfòmasyon ki ka sipòte rezon pou kontestasyon an.
Èske mwen oblije voye nenpòt lòt dokiman?
Non. Dokimantasyon oswa estimasyon ki sipòte reklamasyon w la se tout sa ki nesesè pou konteste yon desizyon FEMA. Ou kapab ranpli tou Fòm Demann Apèl ki enkli nan desizyon FEMA ou an. Kontestasyon yo dwe soumèt nan lespas 60 jou apre dat ki nan lèt desizyon FEMA a.
Kisa mwen ta dwe mete sou dokiman mwen voye bay FEMA?
Tout dokiman ou voye bay FEMA kòm yon pati nan kontestasyon ou a ta dwe gen ladan ou:
- Non konplè;
- Nimewo telefòn ak adrès ou ye kounye a;
- Nimewo Dezas ak Nimewo Aplikasyon FEMA ekri sou tout paj; epi
- Adrès kay ki te domaje nan katastwòf la.
Resi, bòdwo, ak estimasyon yo dwe gen ladan non biznis la ak enfòmasyon kontak pou ede FEMA konfime enfòmasyon an.
Èske yon moun ka konteste pou mwen?
Wi. Si ou voye yon eksplikasyon alekri pou kontestasyon an ke yon lòt moun pase ou ekri, li dwe genyen siyati yo. FEMA ap bezwen pèmisyon ekri w pou pataje enfòmasyon sou aplikasyon w lan. Ou ka fè sa lè w ranpli yon fòm Otorizasyon pou Divilgasyon Enfòmasyon Dapre Lwa sou Konfidansyalite epi voye li bay FEMA.
Kijan mwen ka voye dokiman?
- Telechaje sou kont asistans pou katastwòf ou a nan DisasterAssistance.gov.
- Pa lapòs nan:
FEMA,
P.O. Box 10055,
Hyattsville, MD 20782-8055.
Faks nan 1-800-827-8112. - Vizite yon Sant Rekiperasyon Dezas (Disaster Recovery Center, DRC). Pou jwenn sant ki pi pwòch ou, vizite fema.gov/drc oswa voye tèks “DRC” ak yon kòd postal nan 43362.
Tout sant yo aksesib ak moun andikape yo oswa ki gen bezwen aksè ak fonksyònman epi yo ekipe ak teknoloji asistans. Pwopriyetè ak lokatè ki nan depatman 39 North Carolina ak manm tribi Eastern Band of Cherokee Indians yo kapab rann yo nan nenpòt sant ki louvri, gen ladan yo nan lòt Eta yo. Pa bezwen gen randevou.
Gen tan toujou pou aplike nan FEMA
Vizite DisasterAssistance.gov, sèvi ak FEMA App oswa rele 800-621-3362.