Men kèk enfòmasyon kle sou fason asistans FEMA ka ede kòmanse reyabilitasyon w apre yon katastwòf.
FEMA Ka Bay moun endividyèl ak kay ki elijib yo:
Asistans pou Lojman
- Depans pou Lojman, Reparasyon Kay oswa Ranplasman
- Wout ak Pon Prive
- Pi ak Fòs Septik ki Andomaje
- Asistans pou Deplasman
- Rediksyon danje
Asistans pou Lòt Bezwen
- Depans pou Demenajman ki gen Rapò ak Katastwòf
- Depans antèman ki gen rapò ak katastwòf
- Atik Esansyèl pou Kay ki Andomaje
- Domaj nan yon machin ki enpòtan
- Atik Menajè nan Kay
FEMA ede gouvènman lokal yo ak òganizasyon prive k ap fè benevòl yo
Apre yon katastwòf, kominote yo ka bezwen èd pou kouvri depans ki asosye ak mezi pwoteksyon ijans pou sove lavi yo, retire debri oswa restorasyon enfrastrikti piblik yo. Pwogram Asistans Piblik FEMA a bay sibvansyon anpli pou gouvènman eta, tribi, ak lokal yo, ak kèk kalite òganizasyon prive ki fè benevòl pou kominote yo ka reyaji vit ak reyabilite apre gwo katastwòf oswa ijans.
Pou jwenn plis enfòmasyon sou pwogram Asistans Piblik la ale nan Gid sou Politik ak Pwogram Asistans Piblik la nan: fema.gov/assistance/public/policy-guidance-fact-sheets. Pou jwenn enfòmasyon sou kijan pou w aplike pou Asistans Piblik apre Helene, vizite ncdps.gov/public-assistance.
FEMA Pa:
- Bloke oswa anpeche retire debri.
- Konfiske oswa sezi pwopriyete. Nenpòt enfòmasyon yo pran nan moman enspeksyon pwopriyete w la ap sèvi pou detèmine pou ki kalite ak kantite lajan asistans ou elijib.
- Ranplase Asirans lan Si w gen asirans, kontakte founisè swen sante w la anvan.
- Remete w sou pye apre yon katastwòf. Asistans lan la pou ede w kòmanse nan reyabilitasyon w.
Pou Aplike pou Asistans FEMA:
Pwopriyetè kay ak lokatè ki afekte ak katastwòf yo kapab aplike pou asistans federal nan plizyè fason:
Anliy nan DisasterAssistance.gov (opsyon ki pi rapid)
- Apati FEMA App (fema.gov/about/news-multimedia/mobile-products)
Rele 800-621-3362 (Si w ap itilize yon sèvis relè, tankou Sèvis Videyo Relè (Video Relay Service, VRS), telefòn ki gen soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo w pou sèvis sa a.)