Kesyon Moun Abitye Poze Sou Katastwòf

Paj sa bay repons ak kesyon moun abitye poze sou Asistans Pèsonèl pou moun ki viktim katastwòf.

Repons Kesyon moun abitye poze

Dewoule lis la pou filtre kesyon yo pa kategori, oswa tape yon mo kle

Depatman ameriken pou ebèjman ak Devlopman Katye bay kèk konsèy sou dwa lokatè yo. Plis sipò kapab disponib si ou rele gratis èd jiridik la nan (800) 310-7029.

Moun ki aplike ka voye kopi fakti ebèjman yo anliy sou kont Disasterassistance.gov yo. Nimewo dosye ak DR-4611-LA a dwe parèt sou tout dokiman yo. Telechaje instriksyon sou kijan pou voye dokiman ou yo. Enfòmasyon sa disponib nan plizyè lang.

Viktim katastwòf kapab voye demand yo pa lapòs nan: P. O. Box 10055 Attn: FEMA Hyattsville, MD 20782-8055 

osinon Fax 1-800-827-8112 (Paj kouvèti obligatwa)

Legalman, FEMA pa gen dwa bay menm avantaj asirans deja bay. Polis asirans kapab deja kouvri Depans Adisyonèl pou Sibsistans oswa Depans anplis pou Ebèjman, ki se yon kouvèti ki bay lajan anplis pou peye ogmantasyon depans chak jou, tankou peye ebèjman tanporè, paske ou toujou pa kapab al viv lakay ou aprè konpayi asirans fin peye domaj li kouvri yo.

FEMA kapab bay Ranbousman Depans Ebèjman (LER ann anglè) sèlman si yon moun ki aplike pat jwenn èd pou ebèjman nan men okenn lòt òganizasyon (egzanp òganization benevòl) pou menm pedryòd li mande LER la.

Si ou te relokalize oswa deplase ann ijans, epi ou pa konn si kay ou sibi gwo dega, eskplike FEMA nan ki sitiyasyon ak pi bon fason pou yo kontakte ou. Pou kontakte FEMA rele nan 800-621-3362 Si ou itilize yon sèvis ki releye videyo, oswa yon sèvis telefòn ak soutit, oswa lòt sèvis kominikasyon, silvouplè bay FEMA nimewo ki asosye ak sèvis sa.

  • Ou kapab aplike oswa mete enfòmasyon ou yo ajou etan sou entènèt nan DisasterAssistance.gov, lè w rele 800-621-3362 (TTY: 800-462-7585) oswa atravè aplikasyon mobil FEMA a (FEMA mobile app).
  • Si w ap itilize yon sèvis relè, tankou sèvis relè videyo (Video Relay Service, VRS), sèvis telefòn avèk soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo sèvis sa a.

FEMA bay èd lajan pou aplikan elijib ki pa gen asirans oswa asirans yo limite, men èd sa yo bay sèlman apre asirans moun deja peye relamasyon yo. Èd pou katastwòf la ka gen èd lajan pou ebèjman tanporè ak reparasyon kay, prè ak to enterè ki byen ba pou peye dega nan kay la ki pa t asire ansanm ak lò pwogram pou ede moun ak pwopriyetè bisnis rekanpe djanm apre dega katastwòf la fè sou yo. FEMA pa kapab bay menm avantaj asirans deja bay oswa peye franchiz asirans la pou ou.

Wi. Ou kapab kalifye pou èd pou katastwòf FEMA a menm si ou gen asirans? Men, pou analize elijiblite ou, ou pral bezwen fè yon reklamasyon nan konpayi asirans ou a epi bay lèt règleman oswa refi a. 

Legalman, FEMA pa kapab bay menm avantaj asirans deja bay.

Pou kapab pwoteje tèt ou kont fwod ak vòl idantite, nou ankouraje ou pran anpil prekosyon lè ou ap pataje enfòmasyon pèsonèl.

Si ou kwè ou viktim vòl idantite, oubyen yon moun aplike pou èd FEMA ak enfòmasyon pèsonèl ou, rele silvouplè 800-621-3362. Pou siyale yon vòl idantite, pa kontakte Depatman Envestigasyon ak Enspeksyon pou Fwod FEMA a, ni Biwo Enspektè Jeneral DHS la, ni Sant Nasyonal pou Katastwòf la.

Pou siyale nenpòt lòt fwod an lyen ak katastwòf, voye yon imèl sou StopFEMAFraud@fema.dhs.gov.  Pou plis enfòmasyon, al vizite paj fwod an lyen ak katastwòf.

Si ou bezwen èd pou ale sou kont anliy ou, oswa ou gen pwoblè teknik ki bloke ou, rele Biwo Sipò a nan 800-745-0243.

Ekspè nan sipò teknik yo ap ede ou pou aksede kont ou men yo pa kapab ni wè demand ou a ni reponn ak kesyon ki gen rapò ak deman pou èd pou katastwòf FEMA a.

Sant pou Rekanpe Djanm (DRC) FEMA yo se biwo tanporè ki etabli apre yon katastwòf pou bay zòn ak kominote ki soufri enpak yo èd. Biwo sa yo ka asiste ak pwosesis aplikasyon an, reponn kesyon sou aplikasyon w lan, epi ede w soumèt enfòmasyon bay FEMA. Epi tou ou kapab vizite lòt patnè pou sipò kont katastwòf (Administrasyon
Ti Antrepriz, Lakwa Wouj, elatrye) nan yon DRC.

Dènye mizajou