Kesyon Moun Abitye Poze Sou Katastwòf

Paj sa bay repons ak kesyon moun abitye poze sou Asistans Pèsonèl pou moun ki viktim katastwòf.

Repons Kesyon moun abitye poze

Dewoule lis la pou filtre kesyon yo pa kategori, oswa tape yon mo kle

Wi. Apre ou fè foto epi dokimante dega ki fèt yo, se pou w imedyatman voye jete bagay ki inonde yo ki poze yon ris pou sante w, tankou pwodui manje perisab, rad, kousen, ak zorye.

FEMA ka bay asistans pou dekontamisyon pui dlo. Ou ka kontakte ministè lasante lokal ou oswa resevwa prèv kontaminsayon an epi soumèt li bay FEMA pou konsiderasyon pou asistans finansyè.

Montan lajan yo bay pou asistans lwaye tanporè a sifi pou peye lwaye chak mwa, ak tout bòdwo nesesè yo. Sa pa gen ladan l kòb pou sèvis telefòn, kab televizyon, televizyon ni entènèt. Yo pa bay lajan apa pou peye bòdwo epi apa pou peye lwaye men yo mete tout kob sa yo ansanm.

Dènye mizajou