HICKORY, N.C. – Nan 39 konte, ki gen ladan Band Lès Endyen Cherokee, plis pase 153,000 kay ap resevwa èd FEMA pandan y ap rekipere apre Tanpèt Twopikal Helene.
Kat mwa apre tanpèt katastwofik la, moun ak fanmi yo te resevwa asistans pou lokasyon, lajan pou reparasyon debaz nan kay yo, abri nan otèl, lojman tanporè nan kay mobil FEMA bay ak trelè vwayaj, lajan pou ranplasman pwopriyete pèsonèl esansyèl, lajan pou bezwen grav, ak lòt asistans.
Men kèk fason FEMA ap travay ak eta Kawolin di Nò ak kominote lokal yo pou bay sipò:
- 2,596 kay ap rete kounye a nan otèl FEMA peye; 10,648 te te kite otèl yo.
- 3,284 kay te resevwa èd pou lwaye.
- 150 kay ap viv kounye a nan inite lojman tanporè FEMA bay.
- 18,000 kay te resevwa lajan pou fè reparasyon debaz nan yon kay prensipal ki andomaje.
- 5,000 kay te resevwa lajan pou repare wout prive ak pon yo.
- Yo te fè 106,000 enspeksyon FEMA pou evalye domaj nan kay prensipal yo.
- Ekip Asistans Sivivan pou Dezas FEMA te vizite 138,000 kay.
- 66,000 moun te vizite yon Sant Rekiperasyon pou Dezas.
- FEMA te peye asirans inondasyon pou twazan pou 1,800 kay.
FEMA se sèlman yon pati nan sipò federal pou rekiperasyon dezas pou Kawolin di Nò. Pwogram Nasyonal Asirans Inondasyon an te peye $123 milyon dola nan reklamasyon ki soti nan Helene. Administrasyon Ti Biznis Ameriken te fè $108.6 milyon dola nan prè pou katastwòf ak enterè ki ba pou moun nan Kawolin di Nò. U.S. Army Corps of Engineers ap travay ak eta ansanm avèk kominote yo pou retire debri Jis jounen jodi a, 4 milyon mèt kib debri yo te retire nan dwa piblik yo, 2.8 milyon pa kontraktè eta a ak 1.2 milyon pa kontraktè federal yo, epi kò enjenyè yo te egzekite totalman retire debri nan wout navigab yo.