TALLAHASSEE, FL. – Sou demann Eta Florida a, FEMA apwouve Èd Dirèk pou Lojman Tanporè, èd yo ka bay moun ki aplike ki elijib yo pou kapab satisfè bezwen yo nan sa ki gen pou wè ak lojman tranporè.
FEMA bay moun ki aplike ki elijib yo twa fòm èd Dirèk pou Lojman Tanporè nan 13 konte. Citrus, Columbia, Dixie, Hamilton, Hernando, Lafayette, Levy, Madison, Okeechobee, Pasco, Pinellas, Suwannee ak Taylor.
- Lwaye ak Reparasyon pou Pwopriyete MiltiFamilyal pèmèt FEMA antre nan yon kontra lwaye ak pwopriyetè lokatif miltifamilyal yo epi pou fè reparasyon oswa amelyorasyon nan pwopriyete sa yo pou kapab bay moun ki aplike yo lojman tanporè.
- Lwaye dirèk la itilize yon pwopriyete rezidansyèl ki egziste epi ki prè pou yo lwe pou moun vin itilize l kòm lojman tanporè pou moun ki aplike ki elijib yo, epi si sa nesesè, yo ka modifye oswa amelyore inite yo pou kapab bay moun ki aplike ki elijib yo yon amenajman rezonab epi pou tout moun ki nan fwaye a ki gen andikap ak lòt moun ki gen bezwen nan kesyon aksè epi bezwen fonsyonèl.
- Inite Lojman Tanporè Transpòtab yo se yon seri kay yo fabrike byen fasil tankou karavàn oswa kay mobil. FEMA achte kay sa yo pou l bay moun ki aplike ki elijib yo pou yo itilize tankou lojman tanporè pandan yon peryòd limite.
Moun ki aplike yo pa bezwen aplike pou lojman tanporè dirèk. FEMA pral notifye moun ki aplike yo konsènan elijiblite yo.
Li pran anpil tan pou yo mete yon lojman tanporè dirèk sou pye epi li pa yon solisyon rapid pou reponn ak bezwen lojman pou sinistre pwovizwa ak bezwen alontèm pou yon sinistre. Pwosesis sa a gen ladan l, kòmann, transpò, preparasyon lokal, enstalasyon, enspeksyon, demach pou jwenn pèmi, epi lyezon ak sèvis piblik yo pami yon bann lòt etap.
Moun ki aplike ki deplase soti lakay yo epi ki rete nan otòl aktyèlman ka kontinye patisipe nan pwogram lojman ki pa kolektif eta a ak asistans lojman tranzitwa FEMA a pou bezwen imedya nan kesyon lojman. FEMA bay yon èd pou pèmèt moun deplase, yon èd pou peye lwaye, ak lòt èd finansye pou moun ki pa ka ret lakay yo. Opsyon sa yo rete prensipal mwayen FEMA genyen pou ede sinistre yo.
Mwayen ki pi rapid pou aplike pou èd FEMA a se anliy nan DisasterAssistance.gov. Ou kapab apike pandan w ap itilize FEMA mobile App la oswa rele liy èd FEMA a gratis nan 800-621-3362. Liy telefòn yo ouvri chak jou epi gen èd ki disponib nan majorite lang yo. Si w chwazi aplike nan telefòn, tanpri nou swete w konprann tan atant yo ka pi long akoz volim apèl yo ki ogmante apre plizyè katastwòf ki sot pase yo. Si w ap itilize yon sèvis relè, tankou Sèvis Videyo Relè (Video Relay Service, VRS), telefòn ki gen soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo w pou sèvis sa a. Pou w gade yon videyo aksesib sou fason pou w aplike, ale sou Three Ways to Register for FEMA Disaster Assistance - YouTube.
Depi sinistre yo fin aplike pou yon èd federal lè gen katastwòf, FEMA ap kontakte pwopriyetè ki ka kalifye pou youn nan twa opsyon lojman yo pou mennen yon entèvyou anvan deplasman pou detèmine si moun ki aplike a bezwen lojman dirèk epi si l bezwen l, ki tip lojman. Detèminasyon sa a baze sou gwosè ak bezwen pwopriyete a, san wete nenpòt moun ki gen andikap oswa lòt bezwen aksè oswa foksyonèl.
Eta Florida a ak FEMA ap fè kowòdinasyon ak minisipalite yo epi konte yo nan sa ki konsène òdonans lokal, pèmi, amenajman teritwa, rekòmandasyon nan sa ki gen pou wè ak transpò, lyezon ak sèvis piblik epi enspeksyon yo. Lè enstalasyon an konplè, epi inite a sibi yon enspeksyon, l ap vin prè pou yo itilize l. Nan nivo sa a, moun ki aplike a pral siyen yon kontra lisans pou l ka antre nan inite a.
Pou w ka jwenn dènye enfòmasyon sou reyabilitasyon apre Siklòn Milton nan, vizite fema.gov/disaster/4834. Pou Siklòn Helene nan, vizite fema.gov/disaster/4828. Swiv FEMA sou X sou x.com/femaregion4 oswa sou Facebook sou facebook.com/fema.
###
Misyon FEMA se pou ede moun anvan, pandan, epi aprè katastwòf yo.
FEMA pran angajman pou asire l, èd nan lè gen katastwòf yo distribiye san fòs kote, san diskriminasyon sou baz ras, koulè po, nasyonalite, sèks, oryantasyon seksyèl, relijyon, laj, andikap, konpetans nan Anglè, oswa estati ekonomik. Nenpòt moun ki sivivan nan katastwòf oswa manm nan piblik la ka kontakte Biwo FEMA si li estime li gen yon plent pou diskriminasyon. Biwo Sivil FEMA a
Ou ka kontakte dwa yo nan FEMA-OCR@fema.dhs.gov oswa gratis nan 833-285-7448.