TALLAHASSEE, Fla. – FEMA te Ouvri yon Sant Reyabilitasyon aprè Katastwòf nan Orange County pou bay èd youn pa youn bay Rezidan Florida yo ki afekte nan Siklòn Milton. Sant lan kapab sèvi tou pou sivivan Siklòn Helene oswa Siklòn Debby yo.
Sivivan yo pa bezwen vizite yon sant pou yo aplike pou asistans. Nou ankouraje sivivan yo pou yo aplike anliy nan DisasterAssistance.gov oswa telechaje FEMA App la. FEMA pa distribiye lajan kach nan Sant Reyabilitasyon apre Katastwòf yo.
Adrès Sant lan:
Orange County
Sant Milti-Kiltirèl Orange County
7149 W. Colonial Drive
Òlando, FL 32818 • 407-836-1400
Orè: 7è dimaten-7è diswa Lendi-Samdi, 9è dimaten-6è diswa Dimanch
Pou w ka jwenn adrès lòt sant ale nan fema.gov/drc oswa voye tèks “DRC” ak yon Kòd Postal nan 43362. Tout sant yo aksesib pou moun ki gen andikap oswa ki bezwen aksè fonksyonèl epi ekipe ak teknoloji asistans.
Nou ankouraje pwopriyetè kay ak lokatè yo pou yo aplike anliy nan DisasterAssistance.gov oswa lè yo itilize FEMA App. Ou ka aplike tou nan telefòn nan 800-621-3362. Si w chwazi aplike nan telefòn, tanpri nou swete w konprann tan atant yo ka pi long akoz volim apèl yo ki ogmante apre plizyè katastwòf ki sot pase yo. Liy telefòn yo ouvri chak jou epi gen èd ki disponib nan majorite lang yo. Si w ap itilize yon sèvis relè, telefòn ki gen soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo w pou sèvis sa a. Pou w gen aksè ak yon videyo sou fason pou w aplike pou w jwenn asistans, ale sou FEMA Accessible: Aplike pou Asistans Endividyèl - YouTube.
Pou w ka jwenn dènye enfòmasyon sou reyabilitasyon apre Siklòn Milton nan, vizite fema.gov/disaster/4834. Pou w ka jwenn enfòmasyon sou reyabilitasyon apre siklòn Helene nan, vizite fema.gov/disaster/4828. Pou w ka jwenn enfòmasyon sou reyabilitasyon apre siklòn Debby a, vizite fema.gov/disaster/4828. Swiv FEMA sou X sou x.com/femaregion4 oswa sou Facebook sou facebook.com/fema.