Apèl FEMA yo ka soti nan yon nimewo ki pa anrejistre.

Release Date Release Number
NR-015
Release Date:
Oktòb 22, 2024

TALLAHASSEE, Fla.– Apre rezidan Florida yo fin aplike pou asistans pou katastwòf, FEMA ka rele yo pou pran yon randevou pou enspeksyon kay ki andomaje a, oswa pou jwenn plis enfòmasyon pou trete aplikasyon an. Apèl FEMA sa yo ka soti nan aryèkòd oswa nimewo telefòn yo pa abitye.

Li enpòtan pou w reponn apèl la: Yon enspeksyon FEMA yo ka mande pou detèmine si yon kay sekirize, sen, vivab ak aksesib. Si yo pa ka pwograme yon enspeksyon, sa ka lakòz yon reta nan revizyon FEMA sou aplikasyon an.

Espesyalis FEMA yo ka rele pou jwenn plis enfòmasyon pou trete yon aplikasyon, oswa yo ka kontakte aplikan yo ki te kòmanse yon aplikasyon epi ki pa t fin ranpli l. 

FEMA pa janm mande lajan anretou pou asistans pou katastwòf. Pèsonèl k ap fè enspeksyon kay yo pou verifye domaj yo genyen yon pyès idantite avèk foto epi pa janm mande pou peye yo pou sèvis yo. Si yon moun mande w lajan pou asistans pou katastwòf, li pa reprezante FEMA. Fè atansyon ak fwod, ki konn rive pafwa apre yon katastwòf.

Nou ankouraje pwopriyetè kay ak lokatè yo pou yo aplike anliy nan DisasterAssistance.gov oswa itilize FEMA App. Ou ka aplike tou nan telefòn nan 800-621-3362. Si w chwazi aplike nan telefòn, tanpri nou swete w konprann tan atant yo ka pi long akoz volim apèl yo ki ogmante apre plizyè katastwòf ki sot pase yo. Liy telefòn yo ouvri chak jou epi gen èd ki disponib nan majorite lang yo. Si w ap itilize yon sèvis relè, telefòn ki gen soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo w pou sèvis sa a. Pou w gen aksè ak yon videyo sou fason pou w ka aplike pou w jwenn asistans, ale sou FEMA Accessible: Aplike pou Asistans Endividyèl - YouTube.

Si w te aplike nan FEMA apre Siklòn Helene oswa Debby epi w gen domaj anplis nan Siklòn Milton, w ap bezwen aplike pou Milton apa epi bay dat domaj ki pi resan w yo.

Pou w ka jwenn dènye enfòmasyon sou reyabilitasyon apre Siklòn Milton nan, vizite fema.gov/disaster/4834. Pou Siklòn Helene nan, vizite fema.gov/disaster/4828. Pou Siklòn Debby a, vizite fema.gov/disaster/4806. Swiv FEMA sou X sou x.com/femaregion4 oswa sou Facebook sou facebook.com/fema.

Tags:
Dènye Mizajou