Rete An Kontak AK FEMA

Release Date Release Number
057
Release Date:
December 20, 2023

Pou moun Florida ki te aplike pou asistans FEMA, li enpòtan anpil pou yo rete an kontak ak FEMA. Tanpri kontakte FEMA pou bay nenpòt nouvo enfòmasyon sou aplikasyon ou oswa jwenn repons kesyon ou yo konsènan estati kalifikasyon ou. 

Lè w ap kontakte FEMA, tanpri  gade nan nimewo aplikasyon nèf (9) chif ou te bay lè ou te ap aplike a. Nimewo sa a nan tout korespondans ou resevwa nan men FEMA.

Materyèl ki manke oswa  ki ekspire  kapab bay reta nan  aplikasyon. Enfòmasyon pou mete ajou  yo se:

  • Sitiyasyon lojman aktyèl ou, nimewo telefòn oswa adrès postal ou.
  • Mete oswa retire non yon moun ki  la pou pale  nan non w.
  • Ajoute oswa chanje non  moun ki nan kay la ak kantite moun k ap viv nan kay la.
  • Dokimantasyon Asirans
  • Dokiman pou sipòte demann apèl. (Estimasyon, Resi)
  • Mete ajou preferans pèman ou.

Pou mete ajou enfòmasyon ou, ou ka kreye yon kont nan DisasterAssistance.gov, oswa rele  Liy Èd la  nan 800-621-3362. Liy telefòn lan louvri chak jou soti nan 7 a.m. rive 10 p.m  LÈ LÈS. Yo pral mete yon nouvo orè pou jou ferye  pou liy lan, yopral anonse li lè li disponib. Gen èd ki disponib nan plizyèlang. Si w sèvi ak yon sèvis relè tankou VRS, sèvis telefòn  ki soutitre oswa lòt moun, tanpri bay FEMA nimewo ou pou sèvis sa. 

Pou dènye enfòmasyon sou rekiperasyon Florida  lakoz Siklòn Idalia, vizite floridadisaster.org/updates/ ak fema.gov/dis aster/4734. Suiv FEMA sou X, ansyen non yo rekonèt kòm Twitter,  sou twitter.com/femaregi on4 ak  sou https://www.facebook.com/FEMA.

Tags:
Dènye mizajou