Asistans Lojman Tanporè Dirèk ki Disponib pou Sivivan Laura nan Louisiana

Release Date Release Number
NR 030
Release Date:
September 24, 2020

BATON ROUGE, La.— Eta Louisiana ak FEMA ap travay ansanm pou bay sivivan siklòn Laura afekte ki elijib pou li yon èd dirèk pou lojman tanporè.

Asistans Lojman Tanporè Dirèk la apwouve pou kèk moun ki ke demann yo kalifye nan pawas Allen, Beauregard, Calcasieu, Cameron, Jefferson Davis ak Vernon. Se kalite sa yo lojman tanporè dirèk sa yo ke y ap bay:

  • Inite Lojman Tanporè se kote pou mou rete ki fasil pou fabrike tankou trelè vwayaj oswa kay mobil. FEMA achte lojman sa yo epi yo bay aplikan ki kalifye yo pou itilize kòm lojman tanporè pou yon peryòd limite.
  • Lwaye Dirèk itilize pwopriyete rezidansyèl ki deja pare pou lokatè ki lwe pou itilize kòm lojman tanporè pou aplikan ki elijib yo, epi, si sa nesesè, inite sa yo ka modifye oswa amelyore pou bay akomodasyon rezonab pou aplikan ki elijib yo ak nenpòt ki moun nan kay la ki gen yon andikap ak lòt moun ki gen bezwen fonksyonèl ak aksè.
  • Kontra-lwaye ak reparasyon pou plizyè fanmi a pèmèt FEMA fè yon kontra-lwaye avèk pwopriyetè kay plizyè fanmi  epi fè reparasyon oswa amelyorasyon nan kay sa yo pou yo ka bay aplikan yo lojman tanporè.

Sivivan ki te oblije kite kay yo epi ki rete nan otèl aktyèlman ta dwe kontinye pwofite de pwogram lojman elwanye eta a jiskaske yon lòt solisyon vin disponib. Pandan ke eta a ak FEMA ap pwogrese byen vit pou ede nan pwosesis relans la, bezwen imedyat yo ka ralanti akòz mank nan inite lokasyon yo, tan ki nesesè pou prepare sit pou lojman mobil ak trelè vwayaj yo, ak tan sa pran pou fè reparasyon nan kay yo pou kontra-lwaye ak pwogram reparasyon an.

Yon fwa ou anrejistre nan FEMA pou resevwa èd,ou pa gen okenn lòt demann pou w fè pou  Lojman Dirèk.

FEMA pral rele tout aplikan ki pa gen asirans oswa ki pa gen ase asirans ki ke enspeksyon lojman FEMA te verifye ke kay yo te inabitab paske yo te swa kraze oubyen sibi gwo dega pou diskite sou sitiyasyon lojman yo, gwosè fanmi yo ak bezwen yo, epi opsyon pou lojman tanporè FEMA si posib.

Pou sivivan ki gen aksè a telefòn oswa entènèt ka anrejitre nan FEMA yo ka:

  • Ale sou entènèt nan  DisasterAssistance.gov
  • Telechaje app FEMA a
  • Rele nan 800-621-3362 oswa TTY 800-462-7585

Moun ki sèvi ak yon sèvis relè tankou yon videofòn, Innocaption oswa CapTel ta dwe fè FEMA konnen ki nimewo espesifik yo dedye a sèvis sa a.

Prè apre Kataswòf Administrasyon Ameriken pou Ti Biznis (SBA) apre Siklòn Laura

SBA ak to enterè fèb pou katastwòf ki rive jiska 2 milyon dola yo disponib pou biznis nenpòt ki gwosè epi kèk òganizasyon san bi lokratif pou dega materyèl. Pou ti biznis yo, sa ki konsakre yo a akwakilti, ak majotite sa ki san bi likratif prive yo ka prete jiska 2 milyon dol dola pou kouvri bezwen fon woulman yo menm si pa gen okenn dega materyèl.

Pwopriyetè kay ka prete jiska 200,000 dola pou swa repare oubyen ranplase yon rezidans prensipal. Pou pwopriyetè kay ak lokatè yo, gen jiska 40,000 dola pou ranplase byen pèsonèl, ki kapab on machin, ki disponib.

Biznis yo ak rezidan yo ka fè demann yo sou entènèt nan www.sba.gov/funding-programs/disaster-assistance oswa voye yon imèl  FOCWAssistance@sba.gov. Pou asistans pou ranpli yon aplikasyon SBA a, rele nan 800-659-2955. Moun ki soud ak moun ki pa tande byen ka rele nan (800) 877-8339 oswa voye yon imèl bay FOCWAssistance@sba.gov.   

Pou dènye enfòmasyon sou Siklòn Laura, vizite www.fema.gov/disaster/4559 oswa swiv kont Twitter FEMA Rejyon 6 nan twitter.com/FEMARegion6.

 

Tags:
Dènye mizajou