Kontinyasyon Asistans Tanporè pou Lwaye Kay

Release Date Release Number
DR-4337-FL NR 116
Release Date:
November 15, 2017

ORLANDO, Fla. — Si ou se yon mèt kay oswa lokatè kap resevwa asistans lwaye nan FEMA e ki toujou gen bezwen pou finansman sa a e ou kalifye pou li, ou ta dwe ranpli ak soumèt yon aplikasyon pou kontinyasyon Asistans pou Lwaye. FEMA ka bay jiska de mwa pou asistans lwaye pou aplikan ki kalifye yo.

Ou ka kalifye pou kontinyasyon asistans si ou:

  • Demontre bezwen finansye ki gen rapò avèk katastwòf la; ak
  • Montre wap devlope yon plan lojman alontèm oswa pèmanan oswa demontre pwogrè nan bi youn. Estimasyon reparasyon yon kontraktè ka montre pwogrè.

Yon plan lojman pèmanan se yon bagay kap remete w nan lojman fonksyonèl ak sanitè, ki ansekirite nan yon delè rezonab. Ou dwe kontinye travay nan bi pou jwenn lojman pèmanan pou rete kalifye pou Kontinyasyon  Asistans Lwaye.

Ou dwe dokimante bezwen w pou kontinye avèk asistans lwaye lè ou bay:

  • Yon kopi kontra lwaye aktyèl ou;
  • Resi ki montre bon itilizasyon asistans lojman federal pou katastwòf;
  • Estati revni aktyèl kay la; ak
  • Nenpòt obligasyon finansye ou ka genyen.

Yo ka akòde ekstansyon pou asistans lwaye pou yon peryòd twa-mwa, jiska yon maksimòm 18 mwa apati dat deklarasyon katastwòf prezidansyèl: 10 Septanm 2017.

Mèt kay yo:
Si verifikasyon FEMA sou Pèt ou depase kantite prim Asistans Lwaye inisyal ou te resevwa, aplikasyon pou mande Asistans Tanporè pou Lwaye Kay la pral vin jwenn ou pa lapos apre ou fin resevwa prim asistans lwaye inisyal ou a.

Si verifikasyon FEMA sou Pèt ou pa depase prim Asistans Lwaye inisyal, ou pral bezwen pou rele Liy èd  FEMA—800-621-3362 pou vwa, 711 ak Sèvis Relè Videyo (VRS); si ou soud, gen pwoblèm pou tande oswa gen difikilte pou pale e si wap itilize yon TTY, rele 800-462-7585—epi mande pou yon Asistans Tanporè pou Lwe Kay. Ou ka vizite tou yon sant rekiperasyon katastwòf. Pou w jwenn youn ki toupre w vizite www.fema.gov/disaster-recovery-centers oswa rele Liy èd FEMA. Enfòmasyon sou DRC disponib tou sou FEMA Mobile App.

Lokatè:
Ou pral bezwen pou rele Liy èd FEMA jan li liste anwo a epi mande pou yon aplikasyon pou Kontinyasyon Asistans Tanporè pou Lwaye.

Yo pral evalye demann ou pou yo ka detèmine si ou kalifye pou ekstansyon an, men pa gen garanti ke wap resevwa asistans lwaye a apre de premye mwa yo.

Pou w jwenn enfòmasyon sou rekiperasyon, vizite www.FEMA.gov/IrmaFL, oswa swiv nou @FEMARegion4 on Twitter ak sou FEMA’s Facebook page.

###

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou yo ansanm avèk sekouris yo pou asire ke antanke yon peyi nou travay ansanm pou bati, soutni ak amelyore kapasite nou pou prepare pou, pwoteje kont, reponn a, rekipere nan, ak diminye tout danje yo.

Asistans pou rekipere nan Katastwòf disponib san konte sou ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, Konpetans Angle oswa estati ekonomik.  Si oumenm oswa yon moun ou konnen te sibi diskriminasyon, rele liy telefòn gratis FEMA nan  800-621-FEMA (3362). Pou TTY rele  800-462-7585.

Asistans lojman tanporè FEMA ak sibvansyon pou depans transpò piblik, depans medikal ak dantè, ak depans pou fineray ak antèman pa egzije pou moun nan aplike pou yon prè SBA. Toutfwa, aplikan yo ki resevwa aplikasyon prè SBA dwe soumèt yo a yon ofisye prè SBA pou yo ka kalifye pou asistans ki kouvri pwopriyete pèsonèl, reparasyon veyikil oswa ranplasman, ak depans pou demenaje ak estoraj.

###

 

Tags:
Dènye mizajou