Sivivan Siklòn Sally ki nan Florida yo resevwa $7.49 Milyon nan Asistans FEMA; Enskripsyon yo ap Kontinye

Release Date Release Number
NR 003
Release Date:
October 3, 2020

PENSACOLA, Fla. FEMA pral ouvri sant enskripsyon pou sivivan Siklòn Sally yo nan konte Escambia, Okaloosa ak Santa Rosa Samdi 3 Oktòb. 

Sant yo ki rele Sant Dakèy Enstriksyon Mobil (MRICs) yo, genyen pèsonèl ki soti nan FEMA ki ka ede avèk enskripsyon ak reponn kesyon sou pwogram asistans dezas la. Plas kote Sant yo ye:

 

ESCAMBIA COUNTY

Southwest Branch Library

12248 Gulf Beach Hwy

Pensacola, FL 32507

Lè Travay: Chak jou 9 a.m.-6 p.m.

 

ESCAMBIA COUNTY

Brownsville Community Center

3200 W. DeSoto St.

Pensacola, FL 32505

Lè Travay: Chak jou 9 a.m.-6 p.m.

 

ESCAMBIA COUNTY

Escambia County Extension Service

3740 Stefani Rd.

Cantonment, FL 32533

Lè Travay: Chak jou 9 a.m.-6 p.m.

 

OKALOOSA COUNTY

Emerald Coast Healthcare Coalition

755 Lovejoy Rd.

Fort Walton Beach, FL 32548

Lx138 Travay: Chak jou 9 a.m.-6 p.m.

 

SANTA ROSA COUNTY

Pensacola State College

South Santa Rosa Center

4075 Gulf Breeze Pkwy

Gulf Breeze, FL 32563

Lè Travay: Chak jou 9 a.m.-6 p.m.

 

Sant yo opere anba pwotokòl COVID-19 yo pou asire vizitè ak pèsonèl FEMA yo an sekirite. Distans sosyal ak kouvri figi yo obligatwa. Moun ki vini nan sant yo tcheke nan yon tab enskripsyon, bay non ak nimewo telefòn, epi rete tann nan machin yo jiskaske yo resevwa yon mesaj tèks pou yo vini jwenn pèsonèl FEMA nan MRIC a. Pwosesis sa a diminye valè moun ki kanpe nan liy pou lite kont COVID.

 

Li pa nesesè pou w ale nan yon sant pou w enskri nan FEMA. Sivivan dezas ki gen pèt ki pa asire yo ka aplike tou nan:

  • Vizite DisasterAssistance.gov;
  • Telechaje App FEMA a; oswa nan
  • Rele 800-621-3362 (800-462-7585 TTY). Operatè ki pale plizyè lang disponib pou ou. Nimewo telefòn gratis yo ouvè apati 7 a.m. pou rive 10 p.m. lè lokal, sèt jou pa semèn Moun ki itilize yon sèvis relè, tankou telefòn videyo, Innocaption oswa CapTel, tanpri bay nimewo telefòn espesifik ou ki asiyen nan sèvis sa a..
     

Enfòmasyon ki annapre yo nesesè lè w ap enskri:

  • Adrès kay ki domaje a (adrès avan dezas la)
  • Adrès aktyèl
  • Nimewo telefòn aktyèl
  • Enfòmasyon Asirans
  • Total Revni anyèl moun ki nan kay la
  • Nimewo acheminman ak nimewo kont kouran oswa kont epay (sa pèmèt FEMA transfere fon asistans yo dirèkteman nan yon kont labank)
  • Yon deskripsyon domaj dezas la lakoz ak pèt yo
Tags:
Dènye mizajou