SIVIVAN SIKLÒN SALLY KI NAN FLORIDA YO RESEVWA $7.49 MILYON NAN ASISTANS FEMA; ENSKRIPSYON YO AP KONTINYE [https://www.fema.gov/ht/press-release/20230110/fema-mobile-registration-centers-open-escambia-okaloosa-santa-rosa-counties] Release Date: October 3, 2020 PENSACOLA, FLA. — FEMA pral ouvri sant enskripsyon pou sivivan Siklòn Sally yo nan konte Escambia, Okaloosa ak Santa Rosa Samdi 3 Oktòb.  Sant yo ki rele Sant Dakèy Enstriksyon Mobil (MRICs) yo, genyen pèsonèl ki soti nan FEMA ki ka ede avèk enskripsyon ak reponn kesyon sou pwogram asistans dezas la. Plas kote Sant yo ye:   ESCAMBIA COUNTY SOUTHWEST BRANCH LIBRARY 12248 Gulf Beach Hwy Pensacola, FL 32507 Lè Travay: Chak jou 9 a.m.-6 p.m.   ESCAMBIA COUNTY BROWNSVILLE COMMUNITY CENTER 3200 W. DeSoto St. Pensacola, FL 32505 Lè Travay: Chak jou 9 a.m.-6 p.m.   ESCAMBIA COUNTY ESCAMBIA COUNTY EXTENSION SERVICE 3740 Stefani Rd. Cantonment, FL 32533 Lè Travay: Chak jou 9 a.m.-6 p.m.   OKALOOSA COUNTY EMERALD COAST HEALTHCARE COALITION 755 Lovejoy Rd. Fort Walton Beach, FL 32548 Lx138 Travay: Chak jou 9 a.m.-6 p.m.   SANTA ROSA COUNTY PENSACOLA STATE COLLEGE SOUTH SANTA ROSA CENTER 4075 Gulf Breeze Pkwy Gulf Breeze, FL 32563 Lè Travay: Chak jou 9 a.m.-6 p.m.   Sant yo opere anba pwotokòl COVID-19 yo pou asire vizitè ak pèsonèl FEMA yo an sekirite. Distans sosyal ak kouvri figi yo obligatwa. Moun ki vini nan sant yo tcheke nan yon tab enskripsyon, bay non ak nimewo telefòn, epi rete tann nan machin yo jiskaske yo resevwa yon mesaj tèks pou yo vini jwenn pèsonèl FEMA nan MRIC a. Pwosesis sa a diminye valè moun ki kanpe nan liy pou lite kont COVID.   Li pa nesesè pou w ale nan yon sant pou w enskri nan FEMA. Sivivan dezas ki gen pèt ki pa asire yo ka aplike tou nan: * Vizite DisasterAssistance.gov [http://disasterassistance.gov/]; * Telechaje App FEMA a; oswa nan * Rele 800-621-3362 (800-462-7585 TTY). Operatè ki pale plizyè lang disponib pou ou. Nimewo telefòn gratis yo ouvè apati 7 a.m. pou rive 10 p.m. lè lokal, sèt jou pa semèn Moun ki itilize yon sèvis relè, tankou telefòn videyo, Innocaption oswa CapTel, tanpri bay nimewo telefòn espesifik ou ki asiyen nan sèvis sa a..   Enfòmasyon ki annapre yo nesesè lè w ap enskri: * Adrès kay ki domaje a (adrès avan dezas la) * Adrès aktyèl * Nimewo telefòn aktyèl * Enfòmasyon Asirans * Total Revni anyèl moun ki nan kay la * Nimewo acheminman ak nimewo kont kouran oswa kont epay (sa pèmèt FEMA transfere fon asistans yo dirèkteman nan yon kont labank) * Yon deskripsyon domaj dezas la lakoz ak pèt yo