Rapò 60 Jou sou Siklòn Iyenn: FEMA Rive Jwenn Sivivan

Release Date Release Number
DR-4673-FL NR-062
Release Date:
November 30, 2022

BRANDON nan Florid. – FEMA ap chèche rive jwenn ak sivivan Siklòn Iyenn yo kote yo ye a pou ede relanse efò rekiperasyon. Ekip FEMA yo ap fè pòtapòt nan kominote ki frape pi fò yo, pou yo fè fonksyone Sant Rekiperasyon Dezas ki bay sèvis konplè epi sipòte kanpay èd nan kominote yo.

Nan mwens pase de mwa depi yo deklare katastwòf la, FEMA bay $771 milyon kòm donasyon bay 538.028 kandida pou Pwogram Endividyèl ak Fwaye yo, Small Business Administration (Administrasyon Ti Antrepriz) Etazini a bay $1 milya kòm prè kont katastwòf, Pwogram Nasyonal Asirans kont Inondasyon an peye $793 milyon kòm reklamasyon epi FEMA voye $358 milyon bay Eta Florid pou yo reponn ak ijans moun. Ekip Èd pou Sivivan Katastwòf yo vizite 261.000 kay epi rankontre ak 129.000 moun. Plis pase 1800 fwaye resevwa ebèjeman nan otèl sou kont FEMA.

FEMA pwolonje dat limit aplikasyon an jiska 12 janvye 2023, pou sivivan nan kontre ki rele Brevard, Charlotte, Collier, DeSoto, Flagler, Glades, Hardee, Hendry, Highlands, Hillsborough, Lake, Lee, Manatee, Monroe, Okeechobee, Orange, Osceola, Palm Beach, Pasco, Pinellas, Polk, Putnam, Sarasota, Seminole, St. Johns ak Volusia.

Gen plizyè Sant Rekiperasyon Dezas ki ap fonksyone nan tout zòn ki afekte yo. Pou jwenn yon sant ki tou pre w, ale sou entènèt nan: DRC Locator oswa floridadisaster.org, oswa ekri DRC ansanm ak Kòd Postal ou a nan 43362.

Li pa nesesè pou vizite yon Sant Sekou pou Dezas pou aplike. Sivivan yo kapab ale sou sit entènèt disasterassistance.gov, itilize aplikasyon mobil FEMA a oswa rele 800-621-3362. Liy la louvri chak jou soti
7 a.m. rive 11 p.m. Lè Zòn Lès. Èd la disponib nan pifò lang. Si ou ap itilize yon sèvis relè, tankou relè videyo (VRS), telefòn ak soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo pou sèvis sa a. Pou ou wè yon videyo ki aksesib sou fason pou ou aplike, vizite: Three Ways to Register for FEMA Disaster Assistance - YouTube.

Two women and man with a bike in front of him talking

SANIBEL ISLAND nan FloridEkip Èd pou Sivivan Katastwòf FEMA a ap vizite yon katye ki frape nan Siklòn Iyenn nan, pou yo pale ak moun ki abite ladan yo sou èd FEMA bay.  (Foto Jocelyn Augustino fè pou FEMA)

Two males and one female talking outside in front of debris

Nan FORT MYERS ki nan Florid. – Manm ekip Èd pou Sivivan Katastwòf ap pale ak moun ki nan katye yo ki sibi anba Siklòn Iyenn epi bay yo enfòmasyon sou kijan pou yo aplike pou èd federal aprè Siklòn Iyenn. (Foto Jocelyn Augustino fè pou FEMA)

A woman with glasses on looking down a paperwork with an older male in front her

Nan FORT MYERS ki nan Florid – Yon manm ekip Èd pou Sivivan Katastwòf la ap ede yon sivivan Siklòn Iyenn aplike pou èd. (Foto Austin Boone fè pou FEMA)

Two women FEMA specialist on one side of the table in front of their laptops and two women survivors on the other side. There are other families in the background

SANFORD nan Florid – Yon seri espesyalis FEMA ap ede sivivan Siklòn Iyenn aplike pou èd nan lokal Midway Safe Harbor Center. (Foto Bob Kaufmann fè pou FEMA)

Two women FEMA specialist sitting at table with two women standing with two small children in the middle of them.

BONITA SPRINGS nan Florid – Sivivan Siklòn Iyenn ap koute FEMA ak lòt ajans kolaboratè sou enfòmasyon enpòtan sou koze rekiperasyon nan lokal legliz First Presbyterian Church. (Foto Jocelyn Augustino fè pou FEMA)

2 male & 1 female FEMA specialist at a table with their laptops talking to survivors on the other side or the table

CAPE CORAL nan Florid – Sivivan Siklòn Iyenn ap resevwa èd endividyèl nan men espesyalis FEMA nan yon Sant Rekiperasyon Dezas. (Foto Jocelyn Augustino fè pou FEMA)

A woman smiling at a table with American & Haitian flag

FORT MYERS nan Florid – Yon espesyalis FEMA ap bay enfòmasyon ak manm legliz United Haitian Church. (Foto Chrissy Gonsalves fè pou FEMA)

3 men standing around the table having a sign language conversation

FORT MYERS nan Florid – Entèprèt Lang Siy Ameriken ap pataje enfòmasyon sou rekiperasyon bay manm nan kominote moun Soud ak Sa ki Tande Di nan yon pwogram nan Fort Myers. (Foto Austin Boone fè pou FEMA)

Two women talking to a FEMA specialist at her laptop

NAPLES nan Florid –Moun nan zòn nan ap vizite yon Sant Rekiperasyon Dezas ki nan Collier County nan Veterans Community Park. Ajans lokal, eta ak federal sou teren an pou ede sivivan ki afekte nan Siklòn Iyenn. (Foto Jocelyn Augustino fè pou FEMA)

A women checking into a Disaster Recovery Center

ENGLEWOOD nan Florid– Yon Sant Rekiperasyon Dezas resevewa reprezantan ki soti nan FEMA, Eta Florid, SBA ak lòt ajans ankò pou ede sivivan katastwòf yo. (Foto Jocelyn Augustino fè pou FEMA)

Two men standing in front of a mitigation banner

FORT MYERS nan Florid – Espesyalis Rediksyon Danje FEMA ap pale ak rezidan sou kijan pou yo rebati pi byen kont lòt tanpèt nan lavni. (Foto Jocelyn Augustino fè pou FEMA)

###

Misyon FEMA se ede moun anvan, pandan, ak apre yon katastwòf.

Tout asistans FEMA ap bay nan moman katastwòf yo ap fèt san diskriminasyon ki baze sou ras, koulè, sèks (tankou asèlman seksyèl), oryantasyon seksyèl, relijyon, orijin nasyonal, laj, andikap, kapasite pou pale Anglè ki limite, sitiyasyon ekonomik. Si w kwè yo vyole dwa sivil ou yo, ou ka rele liy Resous Dwa Sivil la nan 833-285-7448.

Tags:
Dènye mizajou