Kijan pou w Soumèt yon Reklamasyon pou Asirans Inondasyon

Release Date Release Number
R4-DR-4399-FL FS 024
Release Date:
January 28, 2019

Etap 1 – Pran kontak avèk ajan oubyen konpayi asirans ou tousuit pou w bay rapò sou pèt ou yo. Anvan w rele yo, asire w ke ou konnen non konpayi asirans ou a, nimewo kontra w la, ak yon nimewo telefòn oswa adrès imèl kote konpayi ki asire w la kapab kontakte w. Si ou pa kapab sonje non konpayi asirans ou a, rele Sant Asistans NFIP a nan 800-427-4661. 

 

Etap 2 – Soumèt yon avi sou pèt avèk konpayi ki asire w la. Tout kontra asirans inondasyon yo mande pou w bay avi alekri tousuit sou domaj ki gen rapò ak inondasyon yo. Pran kontak avèk ajan oubyen reprezantan konpayi asirans ou a leplivit posib si ou genyen kesyon sou kijan pou w soumèt yon avi sou pèt. Ou dwe voye avi alekri bay konpayi asirans ou a ki gen ladan ni nimewo kontra w la si ou paka soumèt yon avi sou pèt tousuit akoz ou pa kapab rantre an kontak avèk ajan asirans ou a.

 

Etap 3 – Separe byen  w yo. Kontra w la mande pou w separe byen ki domaje ak byen ki pa domaje yo. Piga jete anyen anvan yon ajistè gen chans wè li, amwens lalwa local mande pou w jete li, oubyen atik ki domaje a prezante yon danje pou sante moun. Nan ka kote ou gentan jete byen an, pran foto anvan ou voye atik la jete epi kenbe kopi pou ajistè a kapab wè.

 

Etap 4 – Fè yon lis tout byen pèsonèl ki domaje yo. Pwopriyetè kay yo, lokatè ak biznis ki te achte pwoteksyon pou byen pèsonèl yo dwe fè yon lis byen pèsonèl ki domaje yo epi yo dwe enkli ladann nenpòt detay oubyen dokimantasyon ki gen rapò ak yo. Asire w ke ou note bagay sila yo:

  • Kantite nan chak atik
  • Deskripsyon
  • Non mak li
  • Modèl ak nimewo seri gwo aparèy yo
  • Montan sa pral koute pou ranplase atik la avèk yon atik menm varyete ak menm kalite nan pri li vann aktyèlman. Avèk lis byen pèsonèl ki domaje w la, anekse nenpòt dokiman ki gen rapò ak atik la (pa egzanp, bòdwo, resi, foto).

Etap 5 – Liste pati ki gen domaj estriktirèl yo Fè yon lis nenpòt pati ki gen domaj estriktirèl ke ou vle siyale ajistè a etan wap egzamine pwopriyete w la.

 

###

Tags:
Dènye mizajou