Ou te gen yon Domaj Enpòtan Lèt Detèminasyon, Kounye a Kisa?

Release Date:
January 26, 2021

Si w te resevwa yon lèt nan men kominote lokal ou ki enfòme w ke kay oswa biznis ou te sibi gwo domaj, pwobableman ou gen anpil kesyon e petèt ou ka pa konnen kisa pou fè annaprè.

 

Kia lèt la vle di?

  • Yon avi ke kay oswa biznis ou te sibi gwo domaj vle di ke kominote a te detèmine kay ou te sibi gwo domaj. Domaj sa a kapab vini nan nenpòt sous (van, dlo, dife, enpak debri ak plis ankò) e kay la anba nivo wotè inondasyon ki prevwa plis nenpòt nivo pwoteksyon ajoute kominote ou an egzije.
  • Lèt la pral mete aksan sou aksyon ou dwe pran pou satisfè règlemantasyon lokal yo — sa ki kapab bezwen elvasyon, oswa lokalize kay ou andeyò zòn inondasyon ki gen risk elve.

 

Èske domaj enpòtan se yon règleman FEMA?

Domaj enpòtan nan akò avèk FEMA kominote w te adopte grasa òdonans oswa lòd. Jirisdiksyon yo ki patisipe nan Pwogram Nasyonal Asirans Inondasyon [National Flood Insurance Program (NFIP)] dwe gen yon òdonans ki spesifye ki kay ki bezwen repare oswa rebati ki kapab reziste pwochen inondasyon yo.

 

Èske FEMA fè detèminasyon domaj enpòtan?

Se sèlman otorite kominotè lokal yo ki kapab fè detèminasyon domaj enpòtan yo.

 

Èske mwen ka konteste detèminasyon sou domaj enpòtan an?

  • Si ou pa dakò avèk detèminasyon domaj enpòtan an, kominote w gen yon pwosesis apèl.  Ou kapab anmezi pou bay plis estimasyon sou depans reparasyon detaye yon kontraktè te fè ak yon valè mache atravè yon evalyasyon pwopriyete a.
  • Manadjè plèn inondasyon w, responsab ranfòsman kòd la oswa lòt responsab ofisyèl pou detèminasyon ak apèl yo pral revize sèlman enfòmasyon ki pi detaye pase sa ki abitye vini nan detèminasyon.

 

Èske mwen ka rete lakay mwen epi fè sèten reparasyon jiskaske mwen ka pran mezi konfòmite ki dekri yo?

Lè yon kominote otorize okipasyon tanporè, aplikasyon pèmi an ta dwe dokimante rezon ak bezwen pou okipasyon tanporè sou domaj kay la.  Kominote yo ka pèmèt reparasyon minimòm ki nesesè pou rann kay la ansekirite ak sanitè. Kondisyon pèmi yo ta dwe deklare kalite reparasyon ki kapab fèt e li dwe gen ladan yon deklarasyon ke okenn reparasyon adisyonèl oswa amelyorasyon pa otorize jiskaske yo vin konplete yon evalyasyon detaye ak konplè. Sa a varye pa kominote, gen kèk ki pa otorize l.  Kidonk pale avèk otorite lokal ou yo.

 

Èske gen asistans finansye pou ede pran aksyon ki nesesè pou remete kay mwen an konfòmite?

Ka genyen.  Kominote lokal ou kapab mete aksan sou kèk nan opòtinite finansman sa yo nan lèt detèminasyon domaj sibstansyèl ou. Opsyon yo ka gen ladan benefis, sibvansyon ak prè.

  • Ogmantasyon pou depans konfòmite FEMA NFIP kapab disponib pou moun ki gen kontra asirans Inondasyon  NFIP estanda apre domaj ki spesifik avèk inondasyon lè kominote lokal ou an detèmine kay ou sibstansyèlman oswa repetitivman andomaje.  Benefis sa kapab bay jiska $30,000 pou ede remete kay ou an konfòmite.  Ou pral bezwen pou bay lèt detèminasyon domaj enpòtan nan kominote lokal ou an pou evalyatè asirans ou. Pou w jwenn plis enfòmasyon, vizite https://www.fema.gov/floodplain-management/financial-help/increased-cost-compliance oswa rele NFIP nan (877) 336-2627.
  • Biwo Preparasyon Ijans Sekirite Enteryè Gouvènè a [Homeland Security and Emergency Preparedness (GOHSEP)] jere pwogram sibvansyon FEMA nan Louisiana.
    • Pwogram Sibvansyon pou Atenyasyon risk FEMA bay finansman pou gouvènman teritoryal ak tribi, lokal ak eta apre yo fin deklare yon katastwòf prezidansyèl ki kapab itilize pou atenye risk lakay ou.  Lèt domaj sibstansyèl la ki soti nan kominote lokal ou pral ede w avèk analiz sou depans benefis ki nesesè pou yon elevasyon, akizisyon oswa pwojè rekonstriksyon.  Pou w jwenn plis enfòmasyon, kontakte kominote lokal ou oswa Biwo Pawas Sekirite Enteryè ak Preparasyon Ijans.  Gade kontak Pawas la http://gohsep.la.gov/ABOUT/PARISHPA.
    • Sibvansyon FEMA ki pa gen rapò avèk katastwòf: Asistans pou Atenyasyon Inondasyon (FMA) ak pwogram sibvansyon Enfrastrikti Bilding Rezistan ak Kominote yo (BRIC) se chak ane, sibvansyon ki pa gen rapò avèk katastwòf, gouvènman teritoryal ak tribi, lokal, eta ka aplike pou oswa nan non pwopriyetè kay yo.  Si kominote w te rate delè limit aplikasyon 2020 oswa yo pa t chwazi kay ou kòm yon pwojè, pale avèk kominote lokal ou oswa otorite yo nan pwas la sou posiblite pou enkli nan 2021. Pou w jwenn plis enfòmasyon sou sibvansyon sa yo, vizite https://www.fema.gov/grants/mitigation.
    • Sibvansyon pou Reparasyon Lojman kay fanmi senp Devlopman Riral Depatman Agrikilti Etazini (sibvansyon 504) kapab disponib pou aplikan yo ki gen plis pase 62 ane ak pwopriyetè kay ki gen revni fèb anpil yo e ki abite kay yo posede a, Sibvansyon pou tout lavi a kapab jiska $7,500 pou reparasyon yo.  Jeneralman, zòn riral yo ki gen yon popilasyon mwens pase 35,000 elijib. Pou w jwenn plis enfòmasyon ak yon lis kontak, vizite https://www.rd.usda.gov/programs-services/single-family-housing-repair-loans-grants/la oswa rele (866) 481-9571.
  • Prè:
    • Si w apwouve pou yon prè katastwòf nan Administrasyon Ti Biznis [Small Business Administration (SBA)], ou ka elijib pou lajan adisyonèl pou kouvri depans pou atenyasyon, enkli elevasyon.  Finansman pou atenyasyon limite nan 20% nan kantite total domaj fizik pou pwopriyete pèsonèl ak byen imobilye jan li verifye pa SBA nan yon maksimòm montan lajan $200,000. Ou pa oblije enkli aktivite atenyasyon yo nan aplikasyon original prè a.  Pou w jwenn plis enfòmasyon, vizite https://disasterloan.sba.gov/ela oswa rele  (800) 659-2955.
    • Prè pou reparasyon lojman yonsèl fanmi Devlopman Riral Depatman Agrikilti Etazini yo ka itilize pou repare ak amelyore kay yo. Prè maksimòm se $20,000, avèk yon to enterè fiks pou kay ki gen revni fèb yo. Jeneralman, zòn riral yo avèk yon popilasyon mwens pase 35,000 elijib. Pou w jwenn plis enfòmasyon ak yon lis kontak, vizite https://www.rd.usda.gov/programs-services/single-family-housing-repair-loans-grants/la oswa rele (866) 481-9571. 

Pou w jwenn enfòmasyon sou domaj enpòtan, gade Repons pou Kesyon sou Amelyorasyon Sibstansyèl / Bilding ki andomaje sibstansyèlman nan www.fema.gov/media-library/assets/documents/169099. Pou wè yon anrejistreman seminè anliy sou opsyon atenyasyon finansman pou pwopriyete yo ki sibi domaj plizyè fwa oswa sibstansyèlman, vizite: https://fema.connectsolutions.com/p61ulejt0g8w/.

Pou w jwenn dènye enfòmasyon sou siklòn, vizite Louisiana Hurricane Laura (DR-4559-LA) | FEMA.gov. Pou w jwenn dènye enfòmasyon sou siklòn Delta, vizite Louisiana Hurricane Delta (DR-4570-LA) | FEMA.gov. Pou siklòn Zeta, Louisiana Hurricane Zeta (DR-4577-LA) | FEMA.gov.

Spesyalis sansibilizasyon ak Edikasyon kominotè yo disponib pou pale avèk ou sou repare ak rebati pi ansekirite ak pi solid.  Rele 833-336-2487 oswa vizite paj entènèt CEO pou piblikasyon ou ka itilize kòm gid pou rekiperasyon w: https://fema.connectsolutions.com/lamit/ oswa https://fema.connectsolutions.com/la-es-mit/ pou Panyòl .

Tags:
Dènye mizajou