Ekonomize Tan, Lajan pandan w ap Kontakte Responsab Lokal yo Anvan Rekonstriksyon

Release Date:
September 30, 2021

Anvan w kòmanse reparasyon kay ou an, kontakte responsab lokal ou yo pou wè si genyen egzijans oswa règleman ki pèmèt rekonstriksyon pou ou swiv. Li pral ekonomize w tan ak lajan!

Kontakte responsab lokal yo anvan ou kòmanse reparasyon ou yo.

Pèmi yo founi w tou yon dosye pèmanan sou satisfaksyon ak egzijans elevasyon, ak/oswsa modènizasyon, ki kapab enfòmasyon itil lè ou ap vann kay epi jwenn yon kredi pou asirans inondasyon.

  • Kay ou ta kapab bezwen tou yon enspeksyon lokal sou dega pou zòn inondasyon ki ap detèmine si kay ou an oswa biznis ou an te sibi dega grav oswa yo pral amelyore li nan yon fason konsiderab. Rekonstriksyon nan bon fason an kounya kapab fè w ekonomize tan ak lajan!

Sonje

  • Padan kèk kominote kapab chwazi siprime frè pèmi an, pèmi an nan li menm pa kapab siprime.

Konprann sa ki yon dega grav ak yon amelyorasyon enpòtan. Li kapab ede ou pran yon desizyon retablisman.

  • Lè yo pote amelyorasyon ak konstriksyon, estrikti ki te la deja, ak kay tou fèt yo reponn ak definisyon "amelyorasyon enpòtan," oswa lè dega reponn ak definisyon "dega grav," kominote yo dwe aplike egzijans ki konfòm ak estrikti sa yo pandan yo ap respekte egzijans yo dwe aplike nan nouvo konstriksyon yo.
  • Dega grav ak amelyorasyon enpòtan souvan fèt nan estrikti nan zòn yo rele zòn gwo ris inondasyon, epitou nan zòn yo konnen sou Zòn Espesyal Ris Inondasyon. Dega grav oswa amelyorasyon enpòtan yon estrikti vle di depans reparasyon oswa amelyorasyon egal oswa pi gwo pase 50% valè komèsyal estrikti an anvan dega a oswa amelyorasyon an. Kèk kominote aplike definisyon sa nan yon fason pi rijid.
  • Si responsab kominote a detèmine estrikti a sibi dega grav nenpòt sa ki lakòz li an, tankou dlo, van,dife, enpak debri (ki genyen ladan li pye bwa ki tonbe, pa egzanp), epi plis, yo kapab ranfòse li, deplase li, demoli li epi rekonstwi oswa reponn ak lòt egzijans lokal yo. Konnen sa yo bonè kapab ede ou pran pi bon desizyon retablisman pou fanmi ou.

Evite dega nan lavni pandan w ap pran prekosyon pou lakay ou.

Kominote ki ap patisipe nan Pwogram Nasyonal Asirans kont Inondasyon bezwen tout kay yo fèk ap konstwi oswa kay ki ap amelyore yo konstwi yo oswa leve yo nan yon wotè egal oswa pi wo pase Baz Elevasyon Inondasyon an (Base Flood Elevation BFE). Kontakte jeran lokal pou zòn inondasyon pou enfòmasyon adisyonèl konsènan patisipasyon kominote ou an.

Pou pale ak yon Espesyalis Limitasyon Dega rele nan 833-FEMA-4-US oswa nan 833-336-2487. Pou revize piblikasyon sou limitasyon yo epi jwenn enfòmasyon sou reparasyon, modènizasyon, oswa rekonstriksyon ak plis sekirite epi plis ranfòsman ale sou https://fema.connectsolutions.com/lamit oswa https://fema.connectsolutions.com/la-es-mit pou Panyòl.

Pou dènye enfòmasyon konsènan Siklòn Ida an, ale soufema.gov/disaster/4611. Swiv nou sou Twitter nan twitter.com/FEMARegion6 epi ba nou like sou Facebook nan facebook.com/FEMARegion6/.

Tags:
Dènye mizajou