EKONOMIZE TAN, LAJAN PANDAN W AP KONTAKTE RESPONSAB LOKAL YO ANVAN REKONSTRIKSYON [https://www.fema.gov/ht/fact-sheet/save-time-money-contacting-local-officials-rebuilding] Release Date: Sep 30, 2021 Anvan w kòmanse reparasyon kay ou an, kontakte responsab lokal ou yo pou wè si genyen egzijans oswa règleman ki pèmèt rekonstriksyon pou ou swiv. Li pral ekonomize w tan ak lajan! KONTAKTE RESPONSAB LOKAL YO ANVAN OU KÒMANSE REPARASYON OU YO. * Si kay ou an te sibi dega, kontakte sèvis ki responsab zòn inondasyon nan kominote w la, konstriksyon epi pèmi pou detèmine ki dispozisyon ou pral bezwen pran anvan ou kòmanse reparasyon yo. * Li enpòtan pou pale ak responsab lokal yo pou asire tan ak lajan ou envisti nan rekonstriksyon zòn inondasyon reponn ak règleman ak kòd konstriksyon lokal yo ki ap kontribiye nan asirans sekirite moun ak byen yo, pwoteje valè pwopriyete yo, epi kapab ede minimize depans asirans tankou asirans inondasyon. * Yo kapab egzije pèmi travay tankou travay sou tèt kay, mi, rekouvreman mi, fondasyon, plonbri ak sistèm kondisyònman chofaj ak klimatizè. * Si ou rete nan yon zòn gwo ris inondasyon, ou pral bezwen yon pèmi amenajman pou zòn inondasyon nan men responsab lokal yo, menm si ou ap fè reparasyon dega lòt faktè ki pa inondasyon, lapli oswa dlo te lakòz. Pèmi yo founi w tou yon dosye pèmanan sou satisfaksyon ak egzijans elevasyon, ak/oswsa modènizasyon, ki kapab enfòmasyon itil lè ou ap vann kay epi jwenn yon kredi pou asirans inondasyon. * Kay ou ta kapab bezwen tou yon enspeksyon lokal sou dega pou zòn inondasyon ki ap detèmine si kay ou an oswa biznis ou an te sibi dega grav oswa yo pral amelyore li nan yon fason konsiderab. Rekonstriksyon nan bon fason an kounya kapab fè w ekonomize tan ak lajan! SONJE * Padan kèk kominote kapab chwazi siprime frè pèmi an, pèmi an nan li menm pa kapab siprime. KONPRANN SA KI YON DEGA GRAV AK YON AMELYORASYON ENPÒTAN. LI KAPAB EDE OU PRAN YON DESIZYON RETABLISMAN. * Lè yo pote amelyorasyon ak konstriksyon, estrikti ki te la deja, ak kay tou fèt yo reponn ak definisyon "amelyorasyon enpòtan," oswa lè dega reponn ak definisyon "dega grav," kominote yo dwe aplike egzijans ki konfòm ak estrikti sa yo pandan yo ap respekte egzijans yo dwe aplike nan nouvo konstriksyon yo. * Dega grav ak amelyorasyon enpòtan souvan fèt nan estrikti nan zòn yo rele ZÒN GWO RIS INONDASYON, epitou nan zòn yo konnen sou Zòn Espesyal Ris Inondasyon. Dega grav oswa amelyorasyon enpòtan yon estrikti vle di depans reparasyon oswa amelyorasyon egal oswa pi gwo pase 50% valè komèsyal estrikti an anvan dega a oswa amelyorasyon an. Kèk kominote aplike definisyon sa nan yon fason pi rijid. * Si responsab kominote a detèmine estrikti a sibi dega grav nenpòt sa ki lakòz li an, tankou dlo, van,dife, enpak debri (ki genyen ladan li pye bwa ki tonbe, pa egzanp), epi plis, yo kapab ranfòse li, deplase li, demoli li epi rekonstwi oswa reponn ak lòt egzijans lokal yo. Konnen sa yo bonè kapab ede ou pran pi bon desizyon retablisman pou fanmi ou. EVITE DEGA NAN LAVNI PANDAN W AP PRAN PREKOSYON POU LAKAY OU. Kominote ki ap patisipe nan Pwogram Nasyonal Asirans kont Inondasyon bezwen tout kay yo fèk ap konstwi oswa kay ki ap amelyore yo konstwi yo oswa leve yo nan yon wotè egal oswa pi wo pase Baz Elevasyon Inondasyon an (Base Flood Elevation BFE). Kontakte jeran lokal pou zòn inondasyon pou enfòmasyon adisyonèl konsènan patisipasyon kominote ou an. * BFE se wotè yo atann pou dlo a leve oswa depase wotè inondasyon an ak 1% pwobabilite. Kominote ou an kapab bezwen tou yon nivo pwoteksyon anwo BFE a. Chèche konnen sou egzijans elevasyon an kote responsab lokal yo epi sonje rekonstwi pi wo pase sa yo mande an toujou yon desizyon saj epi kapab ede minimize frè asirans kont inondasyon. * Pou plis enfòmasyon sou sibvansyon Asistans FEMA pou Rediksyon Ris, gade: * Resous Federal yo * Pwopriyetè kay ak Pwogram Sibvansyon pou Rediksyon Ris |FEMA.gov [https://www.fema.gov/grants/mitigation/hazard-mitigation/property-owners] * Sibvansyon Asistans pou Rediksyon Ris |FEMA.gov [https://www.fema.gov/grants/mitigation] * Resous pou Eta yo * Prezantasyon Rediksyon Ris (la.gov) [https://gohsep.la.gov/GRANTS/RECOVERY-GRANTS/Hazard-Mitigation-Assistance/Hazard-Mitigation-Overview#:~:text=Hazard%20Mitigation%20(HM)%20is%20the,the%20impact%20of%20a%20disaster.&text=Hazard%20mitigation%20is%20the%20only,damage%2C%20reconstruction%20and%20repeat%20damage.] Pou pale ak yon Espesyalis Limitasyon Dega rele nan 833-FEMA-4-US oswa nan 833-336-2487. Pou revize piblikasyon sou limitasyon yo epi jwenn enfòmasyon sou reparasyon, modènizasyon, oswa rekonstriksyon ak plis sekirite epi plis ranfòsman ale sou https://fema.connectsolutions.com/lamit oswa https://fema.connectsolutions.com/la-es-mit pou Panyòl. Pou dènye enfòmasyon konsènan Siklòn Ida an, ale soufema.gov/disaster/4611 [https://www.fema.gov/disaster/4611]. Swiv nou sou Twitter nan twitter.com/FEMARegion6 [https://twitter.com/FEMARegion6] epi ba nou like sou Facebook nan facebook.com/FEMARegion6/ [https://www.facebook.com/FEMARegion6/].