Rezon ki parèt souvan ki ka fè FEMA wè ou pa kalifye pou jwenn èd

Release Date:
October 18, 2021

Si FEMA te voye yon lèt ki di ou pa kalifye pou jwenn èd aprè siklòn Ida te domaje kay ou a, ou toujou gen opsyon. Moun yo konn jeneralman pa kalifye poutèt youn (1) nan plizyè rezon ki parèt souvan yo. Souvan, ou kapab fè apèl pou dezisyon inisyal FEMA a epi li posib pou w vin kalifye pou jwenn èd.

Rezon ki parèt souvan ki ka fè ou pa kalifye 

  • FEMA te detèmine domaj ou gen nan rezidans ou a pa ase. Pou nou di l yon lòt fason, kay ou a toujou an sekirite, pwòp, epi li vivab.
    • Aplike pou prè ki gen yon enterè ki ba nan Administrasyon pou Ti Biznis nan Etazini (U.S. Small Business Administration SBA). Gen kèk kandida Administrasyon pou Ti Biznis nan Etazini (SBA) ka kontakte aprè yo fin anrejistre nan FEMA. Ou pa oblije pran yon prè, men ou bezwen ranpli demann an pou kontinye pwosesis èd federal pou lè gen katastwòf. Lè w ranpli demann lan, ou ka vin kalifye pou yon èd anplis nan FEMA si ou pa kalifye pou prè SBA a.
  • Ou gen yon kontra asirans ki pwoteje w pou domaj ki gen nan kay ou a.
    • Kontakte FEMA nan telefòn oswa pa lapòs si:
      • Yo retade règleman asirans ou a pou plis pase 30 jou. Ou ka kalifye pou yon peman alavans nan FEMA ki ka ranbouse.
      • Règleman asirans ou a pa sifi pou reponn ak bezwen ki gen rapò ak Ida oswa si w fin sèvi ak frè depans anplis konpayi asirans lan te ba ou.
  • Ou te di nan demann ou a ou pa t dispoze pou demenaje pandan y ap fè reparasyon nan kay ou a ki domaje.
    • Kesyon sa a vle di èske ou santi w ap bezwen demenaje pandan y ap fè reparasyon yo. Ou pa angaje w pou w demenaje nan yon nouvo kay.
    • Chwa sa a te fè ou pa kalifye pou èd tanporè pou lokasyon FEMA a, men ou ka toujou kalifye pou reparasyon kay oswa pou ranplasman byen pèsonèl ou yo. Kontakte liy asistans FEMA a nan 1-800-621-3362 (TTY: 800-462-7585). Si w ap itilize yon sèvis relè, tankou sèvis relè videyo (Video Relay Service, VRS), sèvis telefòn ak soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo sèvis sa a.
    • Si bezwen w yo sou kesyon lojman chanje, kontakte FEMA pou fè mizajou nan sitiyasyon ou a epi eksplike poukisa ou te (oswa w ap gen) pou demenaje. Si, nan moman katastwòf la, ou t ap viv avèk yon kamarad chanm epi li te depoze yon demann nan FEMA aprè Ida, ou ka fè yon demann nan FEMA si kamarad chanm nan pa t mete ou kòm yon manm nan kay la tou.
  • Yon enspektè ki gen kontra nan FEMA ka te eseye jwenn ou plizyè fwa men li pa t kapab planifye yon randevou.
    • Yon enspektè nan FEMA ap kontakte w jiska twa (3) fwa nan twa (3) jou diferan pou planifye yon enspeksyon. Si enspekè a pa kapab jwenn ou aprè li eseye twa (3) fwa, y ap fèmen dosye ou a. Rele liy asistans FEMA a nan 800-621-3362 pou verifye aplikasyon ou an.
  • FEMA pa t kapab verifye idantite w. Ajans lan pa t kapab fè non w ak nimewo Sekirite Sosyal ou a koresponn.
    • FEMA dwe kapab verifye idantite moun k ap fè demann nan avèk yon nimewo Sekirite Sosyal (SSN) ki valid.
    • Dokimman yo aksepte yo gen ladan l: Kat Sekirite Sosyal (si li gen yon pyès idantite federal oswa Eta a bay) dokiman pewòl anplwayè a ki gen ladan l pou piti kat (4) dènye chif SSN la, idantifikasyon militè, ak maryaj pou konfime non jèn fi a, dokiman ki sòti nan administrasyon Sekirite Sosyal oswa lòt antite federal ki gen ladan l pou piti kat (4) dènye chif SSN la.
    • Pa voye dokiman orijinal yo pa lapòs nan FEMA. Ou kapab telechaje dokiman yo nan DisasterAssistance.gov. Pou jwenn èd pou telechaje dokiman ou yo, vizite yon Sant rekiperasyon aprè katastwòf (vizite Lokalizatè DRC (fema.gov) pou jwenn yon lis konplè DRC ki ouvè aktyèlman nan Louisiana). Moun ki kontinye ap viv yo kapab vizite yon bibliyotèk piblik pou itilize entènèt ak lòt resous tankou enprimant ak eskanè yo.

Kòman pou kontakte FEMA pou chanje kondisyon kalifikasyon ou a 

  • Si ou gen kesyon, rele liy asistans FEMA a nan 800-621-3362. Liy asistans lan louvri 24 sou 24, 7 jou sou 7. Si w ap itilize yon sèvis relè, tankou sèvis relè videyo (Video Relay Service, VRS), sèvis telefòn ak soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo sèvis sa a.
  • Voye yon kopi dokiman nesesè yo pa lapòs pou Pwogram Fwaye ak pou Moun (FEMA’s Individuals and Household), Sant Nasyonal pou Sèvis Tretman (National Processing Service Center), P.O. Box 10055, Hyattsville MD 20782-7055. Oswa fakse dokiman yo nan: 800-827-8112.
  • Si ou pa dakò avèk desizyon FEMA a konsènan kay ou ki vivab, ou ka fè apèl. Jwenn yon pwopozisyon reparasyon oswa yon deklarasyon alekri nan men yon antreprenè yo rekonèt oswa yon konstriktè lokal ki deklare kay ou a pa vivab.
    • Konte 60 jou apati dat ou resevwa lèt desizyon ou a. Se kantite tan ou genyen pou voye lèt apèl ou nan FEMA pou w mande yon rekonsiderasyon. Voye lèt ak dokiman an nan Pwogram Fwaye ak pou Moun (FEMA’s Individuals and Household), Sant Nasyonal pou Sèvis Tretman (National Processing Service Center), P.O. Box 10055, Hyattsville MD 20782-7055. Oswa fakse dokiman yo nan 800-827-8112.
Tags:
Dènye mizajou