Rimè Komen ki gen Rapò avèk Katastwòf

Souvan gen anpil rimè ak fwod apre yon katastwòf. Bay patisipasyon ou pou anpeche rimè yo simaye de pi ou fè kat bagay fasil sa yo: 

  1. Jwenn sous enfòmasyon ou fè konfyans. 
  2. Divilge enfòmasyon ou jwenn nan sous ou fè konfyans yo. 
  3. Dekouraje lòt moun pou yo pa bay enfòmasyon nan sous yo pa verifye. 
Graphic
A flooded street with a house and a rescue boat rescuing 2 people

Rimè Sou Respons a Siklòn

Rete okouran de rimè ki ap sikile sou siklòn Helene ak Milton pou kenbe kominote ou an sekirite.

Revize Rimè yo

Rimè yo

alert - info

Ale sou sitwèb Disaster Fraud | FEMA.gov.

Itilize meni dewoulan an pou distenge selon kalite kesyon an oswa tape yon mo kle.

Sa depann. Dapre lalwa, FEMA pa kapab double avantaj asirans lan. Si asirans lan pa kouvri tout depans ou fè pou lojman pandan yon katastwòf, ou ka toujou kalifye pou ranbousman an.

FEMA kapab bay ranbousman pou depans lojman ou fè avèk lajan pòch ou epi ki pa kouvri avèk avantaj asirans ou. Adrès kay prensipal anvan katastwòf yon sitwayen dwe envivab oswa difisil pou antre ladan pou nou konsidere li.

Konsève kopi resi ou yo pou ou kapab prezante yo ansanm avèk aplikasyon ou pou asistans akòz katastwòf la.

Dènye Mizajou