Kesyon Yo Poze Souvan yo sou Asistans Finerè

alert - warning

Peryòd ensidan COVID-19 la te fini 11 Me 2023. FEMA ap kontinye bay fasistans fineray jiska 30 septanm 2025, pou moun ki pèdi moun ki chè pouyo akòz pandemi sa a.

Repons pou Kesyon Moun Poze Souvan yo

Kimoun ki kapab aplike pou Asistans Fineray COVID-19:

  • Ou se yon sitwayen Ameriken, yon resòtisan ki pa ameriken, oswa yon etranje kalifye ki te fè depans fineray nan oswa apre 20 Janvye 2020, ak
  • Depans fineray la se pou yon moun ke lanmò l nan Etazini, teritwa, oswa Distri Columbia, te ka koze pa, oswa pwobableman te rezilta nan, COVID-19.

If you are approved for COVID-19 Funeral Assistance, you will receive funds by direct deposit or a check by mail, depending on which option you chose when you applied for assistance.

Ou gen 60 jou apati dat lèt desizyon an pou telechaje, fakse, oswa voye pa lapòs yon lèt alekri ak siyen ki konteste desizyon FEMA.

Lèt apèl la ta dwe gen ladan sa ki annaprè a:

  • Non konplè w; nimewo aplikasyon FEMA; nimewo katastwòf FEMA; ak nimewo telefòn ak adrès aktyèl.  Ou dwe enkli nimewo aplikasyon w sou chak paj dokimantasyon apèl ou an.
  • Eksplikasyon sou rezon ki fè ou panse desizyon FEMA pa kòrèk.
  • Dokiman sipò, tankou sètifika lanmò, kontra mezon finèb, resi, deklarasyon alekri, elatriye.
  • Siyati w

Soumèt dokiman apèl ou yo lè ou:

  • Telechaje kont DisasterAssistance.gov ou
  • Fakse nan: 855-261-3452
  • Poste l nan: P.O. BOX 10001, Hyattsville, MD 20782

Lèt desizyon Asistans Fineray COVID-19 ou endike dokimantasyon spesifik ou dwe bay FEMA si ou deside konteste.  Yon reprezantan FEMA ka rele w pou bay plis detay, oswa ou ka kontakte Liy èd Asistans Fineray pou w jwenn plis enfòmasyon sou dokiman ki nesesè.

FEMA pa pral kontakte w sof si ou te deja rele FEMA ak aplike pou Asistans Fineray COVID-19.  Pa bay enfòmasyon tankou non, dat nesans, oswa Nimewo Sekirite Sosyal nenpòt moun ki mouri pandan yon apèl telefonik oswa imèl endezirab de nenpòt moun.

Apèl telefòn nan FEMA ka vini de yon nimewo ki pa idantifye.  Si ou gen dout sou lejitimite yon moun kap rele, rakwoche epi rapòte l nan Liy èd Asistans Fineray COVID-19 nan 844-684-6333 oswa Liy dirèk Sant Nasyonal pou Fwod nan 866-720-5721.

Aplikasyon pou Asistans Fineray COVID-19 la konplete pa yon ajan FEMA nan telefòn pou asire egzaktitid, e aplikan yo pral bezwen pou bay enfòmasyon ki annaprè yo lè yap rele pou aplike:

  • Nimewo Sekirite Sosyal pou aplikan ak moun ki mouri a
  • Dat nesans pou aplikan an ak moun ki mouri a
  • Adrès postal aktyèl pou aplikan an
  • Nimewo telefòn aktyèl pou aplikan an
  • Lokasyon oswa adrès kote moun nan te mouri
  • Enfòmasyon sou antèman oswa kontra asirans fineray
  • Enfòmasyon sou lòt asistans fineray ou te resevwa, tankou don, sibvansyon sou Lwa CARES, ak asistans ki soti bò kote òganizasyon volontè yo
  • Nimewo kont ak woutaj nan kont chèk oswa epay aplikan an (pou depo dirèk si li mande)

Pandanke yon anplwaye mezon finèb ka ede yon moun rasanble dokimantasyon ki obligatwa, yo pa ka pale nan non aplikan an sof si aplikan deziyen yo pou aji nan non yo pa mwayen pwokirasyon.

Pwosesis modifikasyon sètifika lanmò lè ou kontakte moun nan ki sètifye lanmò a. Sa a kapab yon doktè, doktè lejis, oswa egzaminatè medikal.  Ou ka ba yo evidans ki sipòte reklamasyon w lanmò a te atribye avèk COVID-19.

FEMA te elaji kondisyon dokimantasyon Asistans Fineray COVID-19 li pou pèmèt ou soumèt yon deklarasyon alekri ki soti nan men otorite kap sètifye yo ki endike sou sètifika lanmò, egzaminatè medikal, oswa doktè lejis ki atribye lanmò a avèk COVID-19 pou lanmò yo ki te rive ant 20 Janvye ak 16 Me 2020.

Deklarasyon alekri a dwe akonpaye sètifika lanmò epi gen ladan yon chemen kozatif, oswa ekplikasyon, ki relye koz lanmò a sou sètifika lanmò nan COVID-19.

Non. Pou lanmò yo ki te rive apre 16 Me 2020, dokimantasyon pou Asistans Fineray COVID-19 dwe gen ladann yon sètifika lanmò ki atribye lanmò nan COVID-19 epi montre ke lanmò a te rive nan Etazini, enkli teritwa Ameriken oswa Distri Columbia.

Apre konsiltasyon avèk Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC), FEMA kwè pi gwo kantite ka COVID-19 ki pa dyagnostike pwobableman te rive bonè nan pandemi an ak anvan gid CDC sou sètifikasyon lanmò.

Dènye Mizajou