Kesyon Yo Poze Souvan yo sou Asistans Finerè

alert - warning

Peryòd ensidan COVID-19 la te fini 11 Me 2023. FEMA ap kontinye bay fasistans fineray jiska 30 septanm 2025, pou moun ki pèdi moun ki chè pouyo akòz pandemi sa a.

Repons pou Kesyon Moun Poze Souvan yo

alert - warning

Yo pa p aksepte okenn aplikasyon anliy.

Lè ou rele, li pral pran 20 minit pou aplike, e ou ka mande kesyon ak resevwa èd ou bezwen an avèk pwosesis aplikasyon an.

Depi ou fin aplike pou Asistans Fineray COVID-19 epi resevwa nimewo aplikasyon FEMA w, ou ka soumèt dokimantasyon ki obligatwa a nan FEMA nan diferan fason:

  • Telechaje dokiman yo nan kont DisasterAssistance.gov ou
  • Fakse nan:  855-261-3452
  • Voye pa lapòs nan: P.O. BOX 10001, Hyattsville, MD 20782

Mezon finèb yo pa elijib pou aplike nan non w oswa pou l yon ko-aplikan nan aplikasyon pou Asistans Fineray COVID-19 ou. Moun kap aplike a dwe yon patikilye, pa yon biznis oswa lòt antite, ki te fè depans fineray ki gen rapò avèk COVID-19.

Ou dwe bway yon kopi sètifika lanmò a, prèv depans fineray ki te fèt, ak prèv asistans fineray yo te resevwa nan men lòt sous.

  • Sètifika lanmò a dwe endike ke lanmò a te koze pa, “te ka koze pa” oswa “te pwobableman akoz yon” COVID-19 oswa sentòm ki tankou COVID-19. Fraz menm jan ki endike yon gwo pwobabilite COVID-19 konsidere yon atribisyon sifizan.
  • Lanmò a dwe rive nan Etazini, sa ki gen ladan teritwa Ameriken yo oswa Distri  Columbia. Depans pou Fineray ki te rive pou yon sitwayen Ameriken ki mouri deyò Etazini pa elijib.
  • Dokimantasyon pou depans yo (resi, kontra mezon finèb, elatriye.) dwe gen ladann non w kòm yon moun ki responsab pou depans yo, non moun ki mouri, depans fineray detaye, ak prèv depans fineray yo ki te fèt nan oswa apre 20 Janvye 2020.
  • Ou dwe bay FEMA tou prèv fon ou te resevwa nan men lòt sous yo ki deziyen spesifikman pou depans fineray yo. Asistans Fineray pou COVID-19 pa ka double  pwodui asirans fineray oswa antèman, kontra fineray ki peye oswa planifye alavans, fidisi ki peye deja pou depans fineray, fidisi irevokab pou Medicaid, asistans finansye ki soti nan òganizasyon volontè yo oswa ajans yo, oswa nenpòt lòt sous ki deziyen spesifikman pou depans fineray. Nenpòt asistans Fineray pou COVID-19 ap redwi nan kantite lajan lòt asistans ou te resevwa pou menm depans yo.
  • Benefis asirans lavi pa konte kòm yon repwodiksyon benefis Asistans Fineray pou COVID-19.

FEMA te elaji kondisyon dokimantasyon Asistans Fineray COVID-19 li pou pèmèt ou soumèt yon deklarasyon alekri ki soti nan men otorite kap sètifye yo ki endike sou sètifika lanmò, egzaminatè medikal, oswa doktè lejis ki atribye lanmò a avèk COVID-19 pou lanmò yo ki te rive ant 20 Janvye ak 16 Me 2020.

Deklarasyon alekri a dwe akonpaye sètifika lanmò epi gen ladan yon chemen kozatif, oswa ekplikasyon, ki relye koz lanmò a sou sètifika lanmò nan COVID-19.

Non.  Lwa 2021 sou Apwopriyasyon Repons Kowonaviris ak Soulajman Siplemantè ak Plan Soulajman Ameriken 2021 ki mande FEMA pou bay Asistans Fineray COVID-19 daprè dispozisyon lòt bezwen asistans nan Pwogram pou Kay ak moun. Pwovizyon Asistans pou lòt bezwen an limite Asistans Fineray COVID-19 pou yon maksimòm $9,000 pou chak moun ak  $35,500 pou chak aplikasyon, pou chak eta, teritwa, oswa Distri Columbia, nan ka kote aplikan an te fè depans fineray pou plizyè moun ki te mouri.

Non.  Yo bay Asistans Fineray COVID-19 pou moun ki elijib kit e fè depans yo.  Se responsablite aplikan an pou peye pou mezon finèb la pou nenpòt balans ki rete.

Pandanke FEMA pa mande yon kopi sètifye nan sètifika lanmò a, ou ta dwe swiv lwa eta lè ou soumèt dokimantasyon an, kòm sèten eta pa aksepte fotokopi, eskane, oswa transmisyon elektwonik pou dosye vital yo.

Kimoun ki kapab aplike pou Asistans Fineray COVID-19:

  • Ou se yon sitwayen Ameriken, yon resòtisan ki pa ameriken, oswa yon etranje kalifye ki te fè depans fineray nan oswa apre 20 Janvye 2020, ak
  • Depans fineray la se pou yon moun ke lanmò l nan Etazini, teritwa, oswa Distri Columbia, te ka koze pa, oswa pwobableman te rezilta nan, COVID-19.

Wi. Si ou te aplike pa twò lontan de sa pou asistans katastwòf FEMA pou domaj nan kay ak/oswa pwopriyete pèsonèl ak egalman depans fineray pou yon lanmò ki gen rapò avèk COVID-‍19 nan oswa apre 20 Janvye 2020,  ou ka aplike pou Asistans Fineray COVID-19. Ou pral bezwen pou rele Liy èd Asistans Fineray COVID-19 pou konplete yon aplikasyon Asistans Fineray pou COVID-19.

FEMA pa pral kontakte w sof si ou te deja rele FEMA ak aplike pou Asistans Fineray COVID-19.  Pa bay enfòmasyon tankou non, dat nesans, oswa Nimewo Sekirite Sosyal nenpòt moun ki mouri pandan yon apèl telefonik oswa imèl endezirab de nenpòt moun.

Apèl telefòn nan FEMA ka vini de yon nimewo ki pa idantifye.  Si ou gen dout sou lejitimite yon moun kap rele, rakwoche epi rapòte l nan Liy èd Asistans Fineray COVID-19 nan 844-684-6333 oswa Liy dirèk Sant Nasyonal pou Fwod nan 866-720-5721.

Dènye mizajou