Ki delè egzekisyon pou yon aplikan resevwa Asistans Fineray pou COVID-19 depi yo fin soumèt tout dokiman yo?
Detèminasyon elijiblite FEMA jeneralman fèt nan mwens pase 30 jou apati lè yo resevwa ak verifye tout dokiman obligatwa yo. Depi yo fin fè detèminasyon elijiblite, aplikan yo ki mande depo dirèk ka resevwa lajan an nan kèlke jou. Li ka pran plis tan si aplikan an te chwazi pou resevwa Asistans Fineray pou COVID-19 pa chèk, ke yo voye pa lapòs.