Nan premye jou pandemi COVID-19 te raman si jamè remake kòm yon koz lanmò sou yon sètifika lanmò. Kisa mwen dwe fè?

FEMA te elaji kondisyon dokimantasyon Asistans Fineray COVID-19 li pou pèmèt ou soumèt yon deklarasyon alekri ki soti nan men otorite kap sètifye yo ki endike sou sètifika lanmò, egzaminatè medikal, oswa doktè lejis ki atribye lanmò a avèk COVID-19 pou lanmò yo ki te rive ant 20 Janvye ak 16 Me 2020.

Deklarasyon alekri a dwe akonpaye sètifika lanmò epi gen ladan yon chemen kozatif, oswa ekplikasyon, ki relye koz lanmò a sou sètifika lanmò nan COVID-19.

Dènye mizajou