Èske FEMA ap kontakte m pou mande enfòmasyon pèsonèl pou aplike?

FEMA pa pral kontakte w sof si ou te deja rele FEMA ak aplike pou Asistans Fineray COVID-19.  Pa bay enfòmasyon tankou non, dat nesans, oswa Nimewo Sekirite Sosyal nenpòt moun ki mouri pandan yon apèl telefonik oswa imèl endezirab de nenpòt moun.

Apèl telefòn nan FEMA ka vini de yon nimewo ki pa idantifye.  Si ou gen dout sou lejitimite yon moun kap rele, rakwoche epi rapòte l nan Liy èd Asistans Fineray COVID-19 nan 844-684-6333 oswa Liy dirèk Sant Nasyonal pou Fwod nan 866-720-5721.

Dènye mizajou