Èske FEMA ba nou yon kopi aplikasyon an kidonk nou ka fè kliyan nou yo konnen avèk ki kesyon pou yo atann yo?

Aplikasyon pou Asistans Fineray COVID-19 la konplete pa yon ajan FEMA nan telefòn pou asire egzaktitid, e aplikan yo pral bezwen pou bay enfòmasyon ki annaprè yo lè yap rele pou aplike:

  • Nimewo Sekirite Sosyal pou aplikan ak moun ki mouri a
  • Dat nesans pou aplikan an ak moun ki mouri a
  • Adrès postal aktyèl pou aplikan an
  • Nimewo telefòn aktyèl pou aplikan an
  • Lokasyon oswa adrès kote moun nan te mouri
  • Enfòmasyon sou antèman oswa kontra asirans fineray
  • Enfòmasyon sou lòt asistans fineray ou te resevwa, tankou don, sibvansyon sou Lwa CARES, ak asistans ki soti bò kote òganizasyon volontè yo
  • Nimewo kont ak woutaj nan kont chèk oswa epay aplikan an (pou depo dirèk si li mande)
Dènye Mizajou