BATON ROUGE, La. — Lokatè ak pwopriyetè nan pawas ki deziyen yo pou asistans FEMA apre siklòn Laura gen jiska 27 Novanm pou anrejistre pou èd.
Asstans Federal gen ladan èd pou lojman tanporè, asistans lwaye ak reparasyon oswa ranplasman pwopriyete ki andomaje.
Anplis, sibvansyon yo kapab disponib pou ede avèk lòt depans yo tankou swen dantè ak medikal, depans pou antèman ak fineray, ranplase atik esansyèl nan kay la, demenajman ak storaj, reparasyon veyikil ak netwayaj.